KANTIK 112
Jewova, Bondye lapè a
-
1. Jewova, Dye lanmou,
Ou pwomèt pou’w ban’n lapè.
Ede’n genyen fwi lespri a
Pou’n louwe’w nan tout sa’n fè.
Lafwa’n gen nan Jezi,
Ki montre’l fidèl chak jou,
Fè nou kapab vin bon zanmi’w,
Sa fè’n anpè avèk ou.
-
2. Lespri’w fè’n gen bonsans,
Pawòl ou ban’n konesans.
Ou pwoteje’n, ou gide nou
Nan monn sa’ ki san konsyans.
Lè a gen pou’l rive
Kote pwoblèm pral fini.
Annatandan, ban nou lespri’w
Pou’n anpè, pou nou ini.
-
3. O Ja, ou rasanble
Sèvitè’w yo ou renmen.
Lespri’w fè’n viv nan tèt ansanm,
Wayòm nan, n’ap fè konnen.
Se li k’ap bay jistis,
L’ap mete fen nan lagè.
E moun ki gen imilite
Pral viv toutan nan lapè.
(Gade tou Sòm 4:8; Flp. 4:6, 7; 1 Tes. 5:23.)