Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 124

Nou vle toujou ret fidèl

Nou vle toujou ret fidèl

(Sòm 18:25)

  1. 1. O Jewova, nou vle fidèl.

    N’ap demontre lanmou nou,

    N’ap sèvi ou ak tout kè nou,

    N’ap suiv lòd ou toulejou.

    Pawòl ou toujou la pou nou,

    Kòmandman’w n’ap obeyi.

    Bondye’w fidèl, nou kwè nan ou.

    N’ap sèvi ou pou lavi.

  2. 2. Nou vle fidèl ak frè nou yo,

    N’ede yo lè gen malè.

    Nou pran swen yo, nou kwè nan yo.

    Pou yo, nou se bonjan frè.

    Nou onore tout frè nou yo,

    Nou gen gwo respè pou yo.

    Nou ret fidèl, nou vin pi pwòch,

    Nou viv kòm yon sèl twoupo.

  3. 3. Lè ansyen yo konseye nou,

    Nou pap fè rèd, n’ap koute.

    Lè’n respekte enstriksyon yo,

    N’aji ak fidelite.

    Konsa w’ap toujou beni nou,

    Sa ap ede’n kenbe fèm.

    Si nou fidèl, si’n pa fè bak,

    W’ap ede’n venk tout pwoblèm.