KANTIK 139
Èske w ap la lè tout bagay vin nèf?
-
1. Èske w’ap la? Èske m’ap la?
Èske nou tout ap nan monn nouvo a?
Imajine jan sa pral ye!
N’ap viv anpè, n’ap lib toutbonvre.
E nan monn sa’, pap gen mechan,
Rèy Bondye a pral dire toutan.
Tè a pral chanje, l’ap vin yon paradi.
Nou tout pral chante
pou Bondye ki ban’n lavi:
(REFREN)
“Mèsi Jewova, ou se yon bon chèf!
Grasa Jezi, ou fè tout bagay nèf.
N’ap chante yon bèl chan ak tout kè nou pou ou,
Pou nou toujou ba’w glwa, onè, louwanj, chak jou.”
-
2. Imajine ou menm avè’m,
Sou yon bèl tè, wi, nan yon lòt sistèm.
Pa gen anyen ki fè nou pè,
Sa nou tande pa fè nou enkyè.
Jan’l te di sa, li fè sa vre.
Wi, li beni tout limanite.
Li pral leve moun k’ap dòmi nan lanmò.
Konsa, yo pral met avèk nou
pou’n di byen fò:
(REFREN)
“Mèsi Jewova, ou se yon bon chèf!
Grasa Jezi, ou fè tout bagay nèf.
N’ap chante yon bèl chan ak tout kè nou pou ou,
Pou nou toujou ba’w glwa, onè, louwanj, chak jou.”
(Gade tou Sòm 37:10, 11; Eza. 65:17; Jan 5:28; 2 Pyè 3:13.)