Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 142

Annou kenbe esperans nou an fèm

Annou kenbe esperans nou an fèm

(Ebre 6:18, 19)

  1. 1. Sa fè lontan lèzòm ap bite nan fènwa.

    Bagay la klè: yo pa ka fè anyen vre.

    Yo eseye pot chanjman, san rezilta.

    Yo pa ka sove’n, yo tout peche.

    (REFREN)

    Annou chante! Wayòm syèl la tabli!

    Grasa Jezi Kris n’ap gen yon bèl avni.

    Nou pral viv toutbon, san krent, san pwoblèm.

    Wi, se esperans sa’ ki kenbe nou fèm.

  2. 2. “Jou Bondye a toupre!”, se sa n’ap klewonnen.

    Bondye pral libere tout kreyasyon an.

    Soufrans ak lanmò ap resi gen yon fen.

    Ann louwe Bondye ak yon bèl chan.

    (REFREN)

    Annou chante! Wayòm syèl la tabli!

    Grasa Jezi Kris n’ap gen yon bèl avni.

    Nou pral viv toutbon, san krent, san pwoblèm.

    Wi, se esperans sa’ ki kenbe nou fèm.