Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 144

Fikse je n sou pri a!

Fikse je n sou pri a!

(2 Korentyen 4:18)

  1. 1. Moun avèg yo gen pou yo vin wè,

    Moun ki soud yo menm pral tande klè.

    N’ap tande timoun yo k’ap chante,

    Lajwa, lapè pral tout kote.

    Moun nou renmen yo pral viv ankò,

    E pap gen peche, pap gen lanmò.

    (REFREN)

    Nou pral wè jan Bondye fè tousa,

    Si nou fikse je’n sou pri a.

  2. 2. Lou pral manje bò kote mouton,

    Lous ak ti bèf pral zanmi toutbon.

    E yon tigason pral kondui yo,

    Y’ap koute vwa’l ki pa menm gwo.

    Dlo nan je nou pral fini atò,

    E panik, lapenn pap la ankò.

    (REFREN)

    Nou pral wè jan Bondye fè tousa,

    Si nou fikse je’n sou pri a.