Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 148

Jewova bay delivrans

Jewova bay delivrans

(2 Samyèl 22:1-8)

  1. 1. Jewova, ou pwouve ou se yon Dye vivan.

    Tout sa ou kreye yo

    montre ou Toupisan.

    Pa gen dye k’ap rive fè tout sa ou fè.

    Non jamè!

    Ènmi’w yo pral peri.

    (REFREN)

    Jewova pral delivre moun fidèl yo,

    Li pral demontre se yon fòtrès li ye vre.

    N’ap pwoklame non’l ak Wayòm li

    avèk lafwa.

    N’ap fè konnen li bay delivrans.

    N’ap ba li glwa.

  2. 2. Lè’m santi lanmò toupre, mwen mande’w sekou.

    “O Bondye ban’m kouraj

    e ban’m plis lafwa tou.”

    Detan’w chita nan syèl la, ou tande vwa’m:

    “O Papa’m,

    Delivre’m, Bondye mwen.”

    (REFREN)

    Jewova pral delivre moun fidèl yo,

    Li pral demontre se yon fòtrès li ye vre.

    N’ap pwoklame non’l ak Wayòm li

    avèk lafwa.

    N’ap fè konnen li bay delivrans.

    N’ap ba li glwa.

  3. 3. Avèk fòs, ou pral pale

    pandan’w nan syèl la.

    Ènmi’w yo pral tranble,

    moun pa’w yo pral anjwa.

    Ou bay prèv ou ka tounen tout sa ou vle,

    o Bondye,

    Se ou sèl k’ap sove’n.

    (REFREN)

    Jewova pral delivre moun fidèl yo,

    Li pral demontre se yon fòtrès li ye vre.

    N’ap pwoklame non’l ak Wayòm li

    avèk lafwa.

    N’ap fè konnen li bay delivrans.

    N’ap ba li glwa.