KANTIK 151
L ap rele yo
-
1. Lavi a kout, li tankou yon vapè.
Apèn li parèt, l’ale.
Tout sa nou ye, tout eksperyans nou fè
Ka fini ak dlo nan je.
Si yon moun mouri, èske’l ka reviv?
Tande sa Bondye pwomèt:
(REFREN)
L’ap rele, mò yo ap sòti.
L’ap bay lòd, y’ap viv ankò.
Paske, Bondye vrèman swaf
Pou’l wè yo sot nan lanmò.
Nou mèt kwè, nou pa dwe sezi,
Li ka leve’n san efò,
Pou’n viv nan yon paradi,
Kote pap janm gen lanmò.
-
2. Bondye sonje tout zanmi’l ki mouri,
Lavi yo presye nan je’l.
Memwa’l san fay! L’ap reba yo lavi.
Y’ap rekòmanse louwe’l.
Lè sa’ n’ap ka jwi lavi toutbonvre
Nan Paradi a toutan.
(REFREN)
L’ap rele, mò yo ap sòti.
L’ap bay lòd, y’ap viv ankò.
Paske, Bondye vrèman swaf
Pou’l wè yo sot nan lanmò.
Nou mèt kwè, nou pa dwe sezi,
Li ka leve’n san efò,
Pou’n viv nan yon paradi,
Kote pap janm gen lanmò.