Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 1

“Se Jewova, Bondye w la, ou dwe adore”

“Se Jewova, Bondye w la, ou dwe adore”

MATYE 4:10

IDE KLE: Rezon ki fè vrè adorasyon an dwe retabli.

1, 2. Ki jan Jezi te fè twouve l nan dezè Jide a nan otòn ane 29 epòk nou an, e ki sa k te rive l lè sa a? (Gade foto ki nan kòmansman chapit la.)

 NOU nan kòmansman sezon otòn ane 29 epòk nou an. Jezi nan dezè Jide a ki nan nò Lanmè Mòt la. Lespri sen te mennen l la apre l te fin batize e apre Bondye te fin chwazi l. Jezi te pase 40 jou nan zòn sa a, ki te sèch e ki te gen yon pakèt wòch ak falèz, pou l te ka jwenn yon kote ki kalm pou l fè jèn, pou l priye e pou l medite. Petèt nan moman sa a, Jewova te pale ak Pitit Gason l lan pou l prepare l pou sa k t ap tann li pi devan.

2 Nan moman sa a, kote Jezi te grangou e l te manke fòs, Satan pwoche kote l. Sa k vin pase annapre a montre gen yon gwo kesyon ki konsène tout moun ki renmen vrè adorasyon an e ki konsène w tou.

“Si w se yon pitit Bondye [...]”

3, 4. a) Ki pawòl Satan te di lè l t ap tante Jezi de premye fwa yo, e sou ki sa petèt li t ap eseye fè Jezi gen dout? b) Ki jan Satan sèvi ak menm taktik sa yo jodi a?

3 Li Matye 4:1-7. Avèk riz, men sa Satan te di Jezi lè l t apral tante l de premye fwa yo: “Si w se yon pitit Bondye.” Èske Satan pa t konnen Jezi se Pitit Bondye? Li te konnen. Zanj rebèl sa a ki te yon pitit Bondye te byen konnen Jezi se premye Pitit Bondye te fè (Kol. 1:15). Mete sou sa, sandout Satan te konnen lè Jezi t ap batize, Jewova te di: “Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a.” (Mat. 3:17). Petèt Satan te vle fè Jezi kwè Papa l pa merite pou l fè l konfyans e l pa gen sousi pou li vre. Lè Satan te tante Jezi premye fwa a, sa vle di lè l te mande l pou l fè wòch tounen pen an, anfèt, se kòmsi l te di: ‘Si w se Pitit Bondye, poukisa Papa w pa ba w manje nan vye dezè sa a?’ Nan dezyèm tantasyon an, lè Satan te fè l kanpe sou tèt mi tanp lan e l di l pou l lage kò l anba a, se kòmsi li te di l: ‘Si w se Pitit Bondye, èske w kwè toutbon Papa w ap pwoteje w?’

4 Satan sèvi ak menm kalite taktik sa yo jodi a (2 Kor. 2:11). Piske li toujou ap chèche tante moun, li ret tann jiskaske vrè adoratè Bondye yo febli oubyen yo dekouraje pou l atake yo, e byen souvan li fè sa anba anba (2 Kor. 11:14). L ap eseye twonpe nou, l ap chèche fè nou kwè Jewova pap janm ka renmen nou ni apwouve nou. Mete sou sa, Satan ap chèche fè nou kwè Jewova pa merite pou nou fè l konfyans, e Li pap fè sa Pawòl li a di l ap fè yo. Men, tout sa se manti (Jan 8:44). Ki jan nou ka rejte manti sa yo?

5. Ki jan Jezi te reyaji devan de premye tantasyon yo?

5 Ann egzamine jan Jezi te reyaji lè Satan te tante l de premye fwa yo. Jezi pa t gen dout sou lanmou Papa l gen pou li e li te met tout konfyans li nan Papa l. Menm kote a, Jezi te rejte tantasyon Satan an lè l te site Pawòl Papa l te fè ekri a. Avèk rezon, Jezi te site yon seri pasaj ki gen non Bondye, Jewova, ladan yo (Det. 6:16; 8:3). Lè Pitit Bondye a te sèvi ak non Papa l, sèl non ki reprezante yon garanti Jewova ap reyalize tout pwomès li yo, se pi bon fason li te montre li gen konfyans nan Li. *

6, 7. Ki jan nou ka reziste devan atak anba anba Satan yo?

6 Nou ka reziste ak atak anba anba Satan ap fè yo lè nou konte sou Pawòl Jewova a e lè nou reflechi sou siyifikasyon non Bondye. Si nou sonje Jewova gen lanmou ak sousi pou tout sèvitè l yo, san wete nou menm ak sila ki dekouraje yo, n ap ka rejte manti Satan bay lè l fè konnen Jewova pap janm ka renmen nou ni apwouve nou (Sòm 34:18; 1 Pyè 5:8). E si n sonje tou Jewova toujou aji ann amoni ak siyifikasyon non l, n ap gen asirans li se Sila a ki toujou reyalize pwomès li e ki merite pou nou mete tout konfyans nou nan li. — Pwo. 3:5, 6.

7 Men, ki objektif prensipal Satan? Ki sa l vle nou fè an reyalite? Repons kesyon sa yo te parèt klè lè Satan te tante Jezi yon twazyèm fwa.

“Met jenou w atè, e [...] fè yon jès pou w adore m”

8. Nan twazyèm tantasyon an, ki jan Satan montre aklè sa l t ap chèche?

8 Li Matye 4:8-11. Lè Satan te tante Jezi twazyèm fwa a, li te fè wè aklè sa l t ap chèche depi okòmansman an. Petèt nan yon vizyon, Satan te fè Jezi wè “tout wayòm ki nan monn nan ak glwa ki gen ladan yo”, men l pa t fè l wè koripsyon yo gen ladan yo. Apre sa, li di Jezi: “M ap ba w tout bagay sa yo si w met jenou w atè, e ou fè yon jès pou w adore m.” * An reyalite, se adorasyon Satan t ap chèche. Satan, sila k ap tante moun nan, te vle pou Jezi kite Papa l pou l pran li menm kòm dye. Satan te ofri Jezi yon solisyon ki te parèt senp. Li te fè konprann Jezi te ka gen tout pouvwa ak tout richès nasyon yo genyen san l pa oblije yo met yon kouwòn pikan sou tèt li, san l pa oblije yo bat li ak kout fwèt e san l pa oblije yo mete l sou yon poto soufrans. Se te yon tantasyon toutbon. Jezi pa t gen dout sou otorite Satan gen sou gouvènman ki nan monn nan (Jan 12:31; 1 Jan 5:19). Se sèten Satan t ap bay tout sa l te kapab pou l fè Jezi sispann adore Bondye kòmsadwa.

9. a) Ki sa Satan vle nan men vrè adoratè Bondye yo, e ki jan l eseye tante nou? b) Ki sa adorasyon nou an gen ladan l? (Gade kare ki gen tit: “Ki sa adorasyon ye?”)

9 Jodi a tou, Satan t ap kontan wè nou ba l adorasyon, kit se yon fason dirèk kit se yon fason endirèk. Kòm li se “dye sistèm sa a”, se li ki resevwa tout fo adorasyon ki soti nan relijyon ki fè pati Gran Babilòn nan (2 Kor. 4:4). Li pa kontante l ak plizyè milya fo adoratè li genyen yo, li vle tante vrè adoratè yo pou l fè yo aji yon fason ki depaman ak volonte Bondye. Li eseye twonpe nou, li eseye fè nou chèche richès ak pouvwa ki gen nan monn sa a olye nou kontinye viv antanke kretyen, sa ki ka lakòz nou soufri “pou sa ki jis”. (1 Pyè 3:14.) Si nou ta tonbe nan tantasyon pou n sispann pratike vrè adorasyon an e pou n al fè pati monn Satan an, anfèt, se kòmsi nou t ap mete jenou nou atè e nou t ap fè yon jès pou nou adore Satan. Li t ap vin dye nou. Ki jan nou ka reziste anba yon tantasyon konsa?

10. Ki fason Jezi te reyaji devan twazyèm tantasyon an, e poukisa?

10 Gade ki jan Jezi te reyaji lè Satan te tante l twazyèm fwa a. Pou Jezi te montre jan li fidèl ak Jewova totalman, li te kouri dèyè Satan menm kote Satan te tante l la, li te di l: “Al fè wout ou, Satan!” Apre sa, Jezi te site yon pasaj nan Detewonòm ki gen non Bondye ladan l, jan l te fè sa de premye fwa Satan te tante l yo. Li te di: “Men sa ki ekri: ‘Se Jewova, Bondye w la, ou dwe adore, e se li menm sèl ou dwe bay yon sèvis sakre.’” (Mat. 4:10; Det. 6:13). Konsa, Jezi te rejte tantasyon pou l ta gen yon gwo pozisyon nan monn nan, men ki t ap la pou yon ti tan, e pou l ta gen yon vi ki fasil, san soufrans. Li te konnen se Papa l sèlman ki merite pou yo adore l e li te konnen si l te fè menm yon sèl ‘jès pou l adore’ Satan, sa t ap vle di li soumèt devan l. Jezi pa t aksepte fè Satan, sila k ap twonpe moun e ki mechan an, tounen dye l, e li te fèm sou sa. Lè Dyab la wè Jezi pa pran nan tantasyon l yo, ‘li kite l’. *

“AL FÈ WOUT OU, SATAN!” (Gade paragraf 10)

11. Ki jan nou ka reziste devan Satan ak tantasyon l met devan nou yo?

11 Nou ka kenbe tèt ak Satan ansanm ak tantasyon ki gen nan monn mechan sa a, paske, nou gen kapasite pou nou chwazi, menm jan ak Jezi. Jewova ban nou libète pou nou deside, se yon kado ki gen anpil valè. Se sa k fè, okenn moun pa ka fòse nou vire do bay vrè adorasyon an, menm Satan ki se yon espri mechan e ki gen anpil pouvwa pa ka fè nou fè sa. Lè nou “kenbe tèt ak [Satan]”, nou “rete fèm nan lafwa”, an reyalite, se kòmsi nou di: “Al fè wout ou, Satan!” (1 Pyè 5:9). Sonje sa, Satan te kite Jezi apre Jezi te fin rejte l yon fason ki fèm. Konsa tou, Bib la di nou: “Opoze ak Dyab la, e l ap kouri kite nou.” — Jak 4:7.

Nou ka chwazi reziste devan tantasyon ki nan monn Satan an. (Gade paragraf 11, 19)

Ènmi vrè adorasyon an

12. Nan jaden Edenn nan, ki jan Satan te montre li se ènmi vrè adorasyon an?

12 Dènye fwa Satan te tante Jezi a, li te montre aklè se li ki te premye ènmi vrè adorasyon an. Plizyè milye ane anvan sa, premye fwa Satan te montre li rayi adorasyon yo bay Jewova a se te nan jaden Edenn nan. Satan te twonpe Èv, epi Èv te konvenk Adan pou l dezobeyi lòd Jewova te bay la, konsa, Satan te fè yo vin anba pouvwa l pou l dirije yo. (Li Jenèz 3:1-5; 2 Kor. 11:3; Rev. 12:9.) Anfèt, li te vin dye yo, e yo te vin sèvitè l, menm lè yo te ka pa t konn kiyès ki te twonpe yo a. Mete sou sa, lè Satan te fè moun yo rebele nan jaden Edenn nan, nonsèlman li te atake souvrènte Jewova, sa vle di dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an, men tou, li te atake vrè adorasyon an. Nan ki sans?

13. Ki rapò vrè adorasyon an genyen ak kesyon souvrènte a?

13 Kesyon dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an gen rapò ak vrè adorasyon an. Sèl moun ki merite pou yo adore l se Sila ki te “kreye tout bagay” la, li menm ki gen dwa pou dirije a (Rev. 4:11). Lè Jewova te kreye Adan ak Èv, yo te pafè, e li te mete yo nan jaden Edenn nan. Li te vle pou tout tè a vin gen moun pafè ki t ap dispoze adore l e ki t ap pratike vrè adorasyon an ak yon kè ki pwòp (Jen. 1:28). Satan te mete dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an an dout paske li te vle yo adore l, yon bagay se Jewova sèl ki merite l antanke Seyè ki Souvren an. — Jak 1:14, 15.

14. Èske Satan reyisi nan atak l ap fè kont vrè adorasyon an? Esplike.

14 Èske Satan te reyisi lè l te atake vrè adorasyon an? Li te fè yon jan pou Adan ak Èv vire do bay Bondye. Depi lè sa a, Satan ap lite kont vrè adorasyon an, l ap chèche fè plis moun posib vire do bay Jewova Dye. Satan pa t janm sispann tante moun ki t ap adore Jewova nan epòk anvan Jezi te vin sou tè a. Nan premye syèk epòk nou an, li te lakòz vin gen yon apostazi, konsa, kongregasyon kretyen an te vin kontamine e se kòmsi vrè adorasyon an te disparèt (Mat. 13:24-30, 36-43; Tra. 20:29, 30). Apati dezyèm syèk epòk nou an, sèvitè Bondye yo te antre nan yon peryòd kote yo te prizonye anba men Gran Babilòn nan, sètadi tout fo relijyon ki sou tè a. Men Satan pa reyisi anpeche objektif Bondye genyen anrapò ak vrè adorasyon an reyalize. Pa gen anyen ki ka anpeche Bondye reyalize objektif li (Eza. 46:10; 55:8-11). Sa gen rapò ak non Bondye, epitou li toujou aji ann amoni ak siyifikasyon non l. Jewova toujou reyalize objektif li!

Moun ki defann vrè adorasyon an

15. Ki dispozisyon Jewova te pran pou l fè fas ak rebelyon ann Edenn nan e pou l asire l objektif li ap reyalize?

15 San pèdi tan, Jewova te pran dispozisyon anrapò ak rebèl yo nan jaden Edenn yon fason pou l reyalize objektif li kanmenm. (Li Jenèz 3:14-19.) Menm pandan Adan ak Èv te nan jaden Edenn nan, Jewova te bay twa rebèl yo santans yo. Li te fè sa nan lòd yo te peche a, li te bay Satan santans li an premye, apre sa, li te bay Èv pa l, e finalman li bay Adan pa l. Nan pawòl Jewova te di Satan, li menm ki te alabaz rebelyon an menm lè Adan ak Èv pa t ka wè sa, Jewova te anonse t ap gen yon “desandans” ki pral defèt konsekans rebelyon sa a. “Desandans” sa a Bondye te pwomèt ki t ap vini an t ap gen pou l jwe yon gwo wòl nan reyalize objektif Jewova genyen anrapò ak vrè adorasyon an.

16. Apre rebelyon ki te fèt ann Edenn nan, ki sa Jewova te fè pou l kontinye reyalize objektif li?

16 Apre rebelyon ki te fèt nan jaden Edenn nan, Jewova toujou kontinye travay pou l reyalize objektif li. Li te pran dispozisyon pou moun ki enpafè rive adore l fason l vle a, jan nou pral wè sa nan chapit ki vin apre a (Ebre 11:4–12:1). Mete sou sa, li te fè plizyè nan moun ki te patisipe nan ekri Bib la, tankou Ezayi, Jeremi ak Ezekyèl, ekri yon seri pwofesi estrawòdinè konsènan vrè adorasyon an li t ap retabli. Yo pale de sijè sa a anpil nan Bib la. Tout pwofesi sa yo t ap vin reyalize grasa “desandans” Bondye te pwomèt la, e pati prensipal “desandans” sa a se Jezi Kris (Gal. 3:16). Se Jezi ki pi byen defann vrè adorasyon an, e li te montre sa klè nan repons li te bay Satan apre twazyèm tantasyon Satan te met devan l lan. Vrèmanvre, se Jezi Jewova chwazi pou reyalize pwofesi konsènan vrè adorasyon l ap retabli a (Rev. 19:10). Li t ap gen pou l delivre pèp Bondye a ki te prizonye nan domèn espirityèl e li t ap gen pou l retabli vrè adorasyon an pou l mete l kote l te dwe ye a.

Ki sa w ap fè?

17. Poukisa pwofesi Bib la bay anrapò ak vrè adorasyon an Bondye ap retabli a ta dwe enterese nou?

17 Se yon bagay ki enteresan e ki fòtifye lafwa nou lè nou egzamine pwofesi konsènan vrè adorasyon an Jewova pral retabli. Pwofesi sa yo gen anpil valè pou nou paske n ap tann moman kote tout moun ki nan syèl la e ki sou tè a ap kapab adore Jewova, Seyè ki Souvren an, nan tèt ansanm. Pwofesi sa yo ban nou espwa tou, paske yo gen kèk nan pi bèl pwomès nou jwenn nan Pawòl Bondye a. Kiyès nan nou ki pa swaf pou l wè pwomès Jewova yo reyalize, tankou pou moun nou genyen ki mouri yo retounen viv ankò, pou tout tè a vin yon paradi e pou nou viv pou toutan ak yon sante ki pafè? — Eza. 33:24; 35:5, 6; Rev. 20:12, 13; 21:3, 4.

18. Ki sa nou pral egzamine nan liv sa a?

18 Nan liv sa a, nou pral egzamine bèl pwofesi Ezekyèl la ki nan Bib la. Anpil nan pwofesi sa yo pale sou jan Jewova t ap retabli vrè adorasyon an. Nou pral pale sou rapò pwofesi Ezekyèl yo gen ak lòt pwofesi, sou fason yo pral reyalize pa mwayen Jezi Kris ak fason yo konsène nou. — Gade kare ki gen tit: “Yon apèsi sou liv Ezekyèl la.”

19. Ki sa w detèmine pou w fè, e poukisa?

19 Nan ane 29 epòk nou an, Satan pa t rive fè Jezi vire do bay vrè adorasyon an nan dezè Jide a. Men e nou menm? Kounye a, Satan pi detèmine toujou pou l fè nou kite vrè adorasyon an (Rev. 12:12, 17). Nou swete pou liv sa a ede nou gen plis detèminasyon pou nou kenbe tèt ak mechan sa a. E se pou pawòl nou ak aksyon nou montre nou dakò totalman ak pawòl ki vin apre yo: “Se Jewova, Bondye w la, ou dwe adore.” Apre sa, n ap gen posiblite viv pou n wè objektif Jewova ki pral reyalize lè tout moun ki nan syèl la e ki sou tè a ap kapab bay Jewova sa li vrèman merite, sètadi yon adorasyon ki pwòp ki soti nan yon kè ki pwòp!

^ § 5 Selon kèk moun, non Jewova a vle di “Li fè vin tounen”. Siyifikasyon non sa a byen mache ak wòl Jewova jwe antanke Kreyatè e antanke Sila a ki akonpli objektif li.

^ § 8 Konsènan pawòl Satan te di yo, gen yon diksyonè biblik ki fè konnen: “Menm jan sa te ye nan premye tès la, tès Adan ak Èv te echwe ladan l lan, [...] kesyon an se chwazi ant fè volonte Satan ak fè volonte Bondye, sa vle di bay youn oswa lòt adorasyon. Anfèt, Satan fè tèt li pase pou dye nan plas sèl Dye ki genyen an.”

^ § 10 Evanjil Lik la pa pale de tantasyon yo nan lòd, men li klè, Matye li menm te rakonte yo nan lòd yo te pase a. Ann wè twa rezon ki fè nou di sa. 1) Lè Matye pral pale sou dezyèm tantasyon an, li kòmanse ak ekspresyon “apre sa” a, sa ki ede n konprann gen yon bagay ki te fèt anvan sa l pral di a. 2) Li sanble lojik pou de tantasyon anba anba yo, ki kòmanse ak ekspresyon “Si w se yon pitit Bondye” a, vin anvan tantasyon byen klè Satan te mete devan Jezi pou l dezobeyi premye kòmandman an (Egz. 20:2, 3). 3) Li nòmal pou se apre twazyèm tantasyon an, ki se dènye tantasyon an tou, pou Jezi te di: “Al fè wout ou, Satan!” — Mat. 4:5, 10, 11.