Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 2

“Bondye te aksepte” ofrann yo te fè yo

“Bondye te aksepte” ofrann yo te fè yo

EBRE 11:4

IDE KLE: Yon seri dispozisyon Jewova pran pou vrè adorasyon an.

1-3. a) Ki kesyon nou pral egzamine? b) Bay kat bagay enpòtan ki se baz vrè adorasyon an nou pral egzamine. (Gade foto ki nan kòmansman chapit la.)

 ABÈL byen pran san l pou l enspekte mouton l yo. Depi bèt sa yo fèt l ap pran swen yo e li renmen yo. Kounye a, li chwazi kèk nan yo pou l bay Bondye kòm ofrann. Èske Bondye ap aksepte aksyon sa a kòm adorasyon nan men yon moun ki enpafè?

2 Men sa Bondye te enspire apot Pòl pou l ekri konsènan Abèl: “Bondye te aksepte ofrann li te fè yo.” Men, Jewova pa t aksepte ofrann Kayen an. (Li Ebre 11:4.) Sa soulve plizyè kesyon nou bezwen egzamine. Sa k fè Bondye te aksepte adorasyon Abèl te ba l la, men l pa t aksepte pa Kayen an? Ki sa nou ka aprann nan egzanp Kayen, Abèl ak lòt moun yo pale de yo nan Ebre chapit 11 lan? Repons kesyon sa yo ap ede nou pi byen konprann ki sa vrè adorasyon an gen ladan l.

3 Pandan n ap fè yo n ti pale sou kèk nan bagay ki te pase depi nan epòk Abèl la rive nan epòk Ezekyèl la, n ap remake gen kat bagay enpòtan ki mache ansanm k ap fè Bondye aksepte adorasyon n ap ba li a: Se Jewova nou dwe bay adorasyon an, se pi bon kalite adorasyon an nou dwe ba l, li dwe dakò ak fason n ap adore l la, e rezon ki pouse n adore l la dwe yon bon rezon.

Poukisa Bondye pa t aksepte adorasyon Kayen an?

4, 5. Ki sa k te fè Kayen panse se Jewova li t ap ofri sakrifis li a?

4 Li Jenèz 4:2-5. Kayen te konnen se Jewova li t ap bay adorasyon. Kayen te gen kont tan ak posiblite pou l aprann konn Jewova. Li menm ak Abèl, frè l la, te ka prèske gen 100 an lè yo te fè sakrifis yo a. * Pandan mesye yo t ap grandi, yo te konn egzistans jaden Edenn nan, petèt yo te konn wè bèl jaden sa a a distans. Si se sa, siman yo te konn wè cheriben yo ki bare antre a (Jen. 3:24). Sandout, paran yo te fè yo konnen se Jewova ki kreye tout sa ki vivan e fason l te vle pou moun viv te vrèman diferan ak sa ki t ap fèt devan yo, sa vle di yo t ap depafini tikras pa tikras jis yo mouri (Jen. 1:24-28). Se bagay sa yo Kayen te konnen ki fè petèt li te panse li te dwe ofri Bondye sakrifis li a.

5 Ki lòt rezon Kayen te ka genyen pou l ofri Bondye yon sakrifis? Jewova te gentan fè konnen gen yon “desandans” ki t ap parèt, sa vle di yon moun ki t ap kraze tèt “sèpan” ki te twonpe Èv pou fè l pran move desizyon li te pran an (Jen. 3:4-6, 14, 15). Antanke premye pitit, Kayen te ka panse se li menm ki te “desandans” Bondye te pwomèt la (Jen. 4:1). Mete sou sa, Jewova pa t koupe tout kominikasyon ak lèzòm apre yo te fin peche. Menm apre Adan te fin peche, Bondye te pale avè l, sandout pa mwayen yon zanj (Jen. 3:8-10). Epitou, Jewova te pale ak Kayen apre Kayen te fin ofri sakrifis li a (Jen. 4:6). Pa gen dout, Kayen te konnen Jewova merite adorasyon.

6, 7. Èske se kalite ofrann Kayen an oswa fason l te ofri l la ki pa t bon? Esplike.

6 Nan ka sa a, poukisa Jewova pa t aksepte ofrann Kayen an? Èske se kalite ofrann nan ki pa t bon? Bib la pa di anyen sou sa. Li sèlman di Kayen te pote “kèk fwi ki soti nan jaden l”. Annapre, nan lwa Jewova te bay Moyiz la, Jewova te fè konnen li aksepte kalite sakrifis sa yo (Nonb 15:8, 9). Mete sou sa, ann egzamine sitiyasyon an. Nan epòk sa a, se sèlman plant lèzòm te konn manje (Jen. 1:29). E kòm Bondye te modi tout tè ki te pa deyò jaden Edenn nan, Kayen te oblije travay di pou l te ka ofri sakrifis la (Jen. 3:17-19). Li te ofri manje li te travay di pou l jwenn, manje ki t ap ede l rete vivan. Malgre sa, Jewova pa t aksepte ofrann Kayen an.

7 Èske gen yon bagay petèt ki pa t bon nan fason li te fè ofrann nan? Èske se fason Kayen te fè ofrann nan ki pa t akseptab? Sanble se pa t sa. Poukisa? Paske, lè Jewova te rejte ofrann Kayen an, Jewova pa t kondane fason li te ofri l la. Dayè, Labib pa pale sou fason ni Kayen ni Abèl te fè ofrann yo a. Ebyen, kote pwoblèm nan te soti menm?

Rezon ki te pouse Kayen fè sakrifis li a pa t bon. (Gade paragraf 8, 9)

8, 9. a) Poukisa Jewova pa t aksepte Kayen ak ofrann li an? b) Ki sa w twouve ki estrawòdinè nan enfòmasyon Bib la bay sou Kayen ak Abèl?

8 Pawòl Bondye te enspire Pòl pou l ekri nou jwenn nan liv Ebre a montre se rezon ki fè Kayen te fè ofrann nan ki pa t bon. Kayen pa t gen lafwa (Ebre 11:4; 1 Jan 3:11, 12). Se poutèt sa se Kayen menm Jewova pa t aksepte, se pa t sèlman ofrann li an (Jen. 4:5-8). Jewova se yon Papa ki gen lanmou, se sa k fè li te eseye korije pitit li a avèk bonte. Men, se kòmsi Kayen te pouse men Jewova t ap lonje ba li a. Kè Kayen te chaje ak zèv lachè tankou “rayisman, fè kont, jalouzi”. (Gal. 5:19, 20.) Lefètke kè Kayen pa t bon, sa te lakòz kèlkeswa bon bagay ki te gen nan adorasyon li t ap bay la te vin san valè. Egzanp li an fè nou konnen vrè adorasyon an vle di plis pase annik fè yon seri aksyon moun ka wè pou nou adore Jewova.

9 Nou aprann anpil bagay nan Bib la konsènan Kayen, pa egzanp nou konnen Jewova te pale avè l, nou konn ki repons Kayen te bay e nou menm konn non pitit li yo ak kèk bagay yo te fè (Jen. 4:17-24). Abèl menm, pa gen okenn kote yo fè nou konnen li te gen pitit e Labib pa rapòte okenn pawòl li. Malgre sa, se kòmsi aksyon Abèl te poze yo ap pale avèk nou jodi a. Nan ki sans?

Abèl bay egzanp anrapò ak vrè adorasyon an

10. Nan ki sans Abèl te bay egzanp anrapò ak vrè adorasyon an?

10 Se Jewova Abèl te bay ofrann li an, paske l te konnen se Jewova sèlman ki merite pou yo adore l. Abèl te bay pi bon kalite ofrann li te kapab, li te chwazi bay “kèk nan premye pitit bèt li yo te fè”. Se vre Bib la pa di si Abèl te fè sakrifis li a sou yon lotèl, men, li klè Bondye te aksepte fason li te fè ofrann nan. Sepandan, se rezon Abèl te genyen pou l fè ofrann nan ki te pi estrawòdinè. Malgre sa gen anviwon sis mil an, nou kontinye aprann nan egzanp Abèl te bay antanke moun ki te gen bon rezon pou l fè yon ofrann. Se paske Abèl te gen lafwa nan Bondye e l te renmen prensip Bondye yo ki jis ki fè l te fè ofrann nan. Kòman nou fè konn sa?

Abèl te fè toule kat bagay ki nesesè pou moun adore Bondye kòmsadwa yo. (Gade paragraf 10)

11. Poukisa Jezi te pale de Abèl kòm yon moun ki jis?

11 Premyèman, ann konsidere sa Jezi te di konsènan Abèl, yon moun li te byen konnen. Jezi t ap viv nan syèl la lè Abèl, pitit Adan, te sou tè a e Jezi te enterese anpil nan li (Pwo. 8:22, 30, 31; Jan 8:58; Kol. 1:15, 16). Donk, lè Jezi te pale de Abèl antanke yon moun ki jis se sa l te wè li t ap pale (Mat. 23:35). Yon moun ki jis se yon moun ki rekonèt se Jewova ki gen dwa deside sa ki byen ak sa ki mal. Men tou, se yon moun ki montre ni nan pawòl li ni nan aksyon l li dakò ak prensip sa yo. (Konpare ak Lik 1:5, 6.) Sa pran tan pou moun vin konnen yon moun kòm moun ki jis. Kidonk, depi anvan Abèl te fè ofrann bay Jewova a, se sèten li te deja ap suiv prensip Jewova yo. Sa dwe te difisil pou li! Kòm Kayen, gran frè l la, te vin mechan, sandout Kayen pa t gen bon enfliyans sou li (1 Jan 3:12). Manman Abèl te dezobeyi yon kòmandman klè Bondye te bay e papa Abèl te rebele kont Bondye, paske li te vle se li ki pou deside sa ki byen ak sa ki mal (Jen. 2:16, 17; 3:6). Se pa ti kouraj sa te mande Abèl pou l chwazi viv yon fason ki diferan ak rès moun nan fanmi l!

12. Ki gwo diferans ki te genyen ant Kayen ak Abèl?

12 Dezyèmman, n ap remake jan apot Pòl te montre lafwa ak jistis se de kalite ki makònen youn ak lòt. Men sa l te ekri: “Grasa lafwa Abèl te genyen, li te bay Bondye yon sakrifis ki gen plis valè pase pa Kayen an, e grasa lafwa li te genyen an, yo te ba l temwayaj pou fè l konnen li se yon moun ki jis.” (Ebre 11:4.) Pawòl Pòl yo montre Abèl pa t menm jan ak Kayen, paske lafwa l te gen nan Jewova a te la depi lontan, li te sensè e l te gen konviksyon sa Jewova mande ak sa L fè toujou bon.

13. Ki sa egzanp Abèl la aprann nou?

13 Egzanp Abèl la montre se sèlman si yon moun gen yon kè ki pwòp, sa vle di si l gen yon lafwa total nan Jewova e li dakò san pousan ak prensip Jewova yo ki jis, li ka di li bay Bondye yon adorasyon ki pwòp. Epitou, nou vin aprann se pa yon sèl aksyon nou fè ki vle di n ap pratike vrè adorasyon an. Vrè adorasyon an touche tout aspè nan lavi nou, tout aksyon nou.

Chèf fanmi nan tan lontan yo suiv menm egzanp lan

14. Sa k fè Jewova te aksepte ofrann Noye, Abraram ak Jakòb yo?

14 Abèl se te premye moun enpafè ki te adore Jewova fason Jewova vle a, men se pa li menm sèl ki te fè sa. Apot Pòl te pale de lòt moun ki te adore Jewova fason Jewova vle a tankou Noye, Abraram ak Jakòb. (Li Ebre 11:7, 8, 17-21.) Rive yon lè nan lavi moun sa yo, yo chak te ofri Jewova yon sakrifis e l te aksepte ofrann yo a. Sa k fè l te aksepte? Rezon an se paske mesye sa yo pa t annik ofri Bondye sakrifis, men yo chak te fè sa ki nesesè pou Bondye aksepte adorasyon y ap bay la. Ann konsidere egzanp yo chak.

Sakrifis Noye te fè yo te bay yon mesaj klè. (Gade paragraf 15, 16)

15, 16. Nan ki sans Noye te respekte toule kat bagay enpòtan ki se baz vrè adorasyon an?

15Noye te fèt, Adan te gentan mouri depi 126 an. Pandan Noye t ap grandi, fo adorasyon te gaye nan monn nan * (Jen. 6:11). Pami tout fanmi ki te sou tè a anvan delij la, se sèl Noye ak fanmi l ki t ap sèvi Jewova jan Jewova te vle sa a (2 Pyè 2:5). Lefètke Noye te chape nan delij la, sa te pouse l konstwi yon lotèl pou l ofri Jewova sakrifis. Se te premye lotèl yo mansyone nan Bib la yon fason klè. Pa mwayen aksyon sa a Noye te fè avèk senserite, li te voye yon mesaj klè bay fanmi l ak rès desandan l yo. Li te montre se Jewova sèlman ki merite pou nou ba l adorasyon e pou n fè sakrifis pou li. Pami tout bèt Noye te ka chwazi pou ofri Jewova sakrifis yo, li te chwazi “kèk nan tout bèt ki pwòp yo ak kèk nan tout bèt ki konn vole ki pwòp yo”. (Jen. 8:20.) Ofrann sa yo se te pi bon kalite ofrann li te ka bay, paske se Jewova li menm ki te fè konnen ofrann sa yo pwòp. — Jen. 7:2.

16 Noye te ofri Jewova sakrifis sa yo li te boule nèt sou lotèl li te fè a. Èske fason sa a li te adore Bondye a te akseptab? Wi. Selon sa nou aprann nan istwa sa a, sant ki soti nan sakrifis la te fè Jewova plezi e Jewova te beni Noye ak pitit gason l yo (Jen. 8:21; 9:1). Men, se rezon ki fè Noye te fè ofrann li an ki te plis fè Jewova aksepte ofrann nan. Sakrifis sa yo se yon lòt fason Noye te montre jan li gen yon lafwa solid nan Jewova ak nan fason Li aji. Noye te tèlman fidèl nan fason li te obeyi Jewova ak nan fason li te suiv prensip li yo, Bib la fè konnen li “t ap mache avèk vrè Dye a”. Konsa, depi lontan, anpil moun konnen Noye kòm yon moun ki jis. — Jen. 6:9; Eze. 14:14; Ebre 11:7.

17, 18. Nan ki sans Abraram te respekte toule kat bagay enpòtan ki se baz vrè adorasyon an?

17 Fo adorasyon an te gaye nan vil Ou, kote Abraram t ap viv la. Nan vil sa a, te gen yon gwo tanp kote yo te onore Nanna *, dye lalin nan. Menm Tera, papa Abraram, te konn adore fo dye pandan yon epòk (Joz. 24:2). Poutan, Abraram te chwazi adore Jewova. Sanble se Sèm, yon zansèt li, youn nan pitit gason Noye yo, ki te aprann li konnen vrè Dye a. Yo te viv nan menm epòk pandan 150 an.

18 Abraram te viv lontan, e pandan tout vi l, li te ofri anpil sakrifis. Men, se pou Jewova, sèl Moun ki merite adorasyon an, li te toujou ofri sakrifis sa yo (Jen. 12:8; 13:18; 15:8-10). Èske Abraram te pare pou l bay Jewova pi bon kalite ofrann nan? Nou jwenn repons kesyon sa a klè nan fason Abraram te pare pou l sakrifye Izarak, pitit gason l li te renmen anpil la. Lè sa a, Jewova te bay Abraram tout detay sou fason pou l fè sakrifis la (Jen. 22:1, 2). Abraram te dakò fè sa Jewova te mande l fè a nan tout ti detay. Anfèt, se Jewova ki te anpeche Abraram touye pitit gason l lan (Jen. 22:9-12). Jewova te aksepte sakrifis Abraram yo paske rezon ki te pouse Abraram fè yo te bon. Men sa Pòl te ekri: “Abraram te mete lafwa nan Jewova, e sa te fè Li konsidere l kòm yon moun ki jis.” — Wom. 4:3.

Jakòb te bay fanmi l yon bèl egzanp. (Gade paragraf 19, 20)

19, 20. Nan ki sans Jakòb te respekte toule kat bagay enpòtan ki se baz vrè adorasyon an?

19 Jakòb te pase pifò vi l Kanaran, peyi Jewova te pwomèt l ap bay Abraram ak desandan l yo (Jen. 17:1, 8). Moun yo te tèlman pratike fo adorasyon, Jewova te di peyi a t ap “vomi” moun k ap viv ladan l yo (Lev. 18:24, 25). Lè Jakòb te gen 77 an, li te kite Kanaran, li te marye, e apre sa, li te retounen nan peyi l ak fanmi l ki te gen anpil moun (Jen. 28:1, 2; 33:18). Men, fo adorasyon te gen efè sou kèk moun nan fanmi l. Malgre sa, lè Jewova te mande Jakòb pou l al Betèl pou l bati yon lotèl pou li, Jakòb te aji avèk detèminasyon. Premye sa l fè, li di fanmi l: “Retire fo dye nou gen pami nou yo, pwòpte tèt nou.” Apre sa, li te suiv tout enstriksyon Bondye te ba l yo. — Jen. 35:1-7.

20 Jakòb te bati plizyè lotèl nan Peyi Bondye te pwomèt la, men se pou Jewova li te bati yo e se li li te toujou adore (Jen. 35:14; 46:1). Poutèt kalite sakrifis Jakòb te fè yo, fason li te adore Bondye a ak rezon ki te pouse l fè sakrifis yo, Bib la fè konnen li te “san repwòch”. Epi, ekspresyon “san repwòch” la gen rapò ak moun Bondye apwouve (Jen. 25:27). Fason Jakòb te viv ak tout sa l te fè te yon bèl egzanp pou nasyon Izrayèl la ki t ap sot nan li. — Jen. 35:9-12.

21. Ki sa egzanp chèf fanmi nan tan lontan yo aprann nou sou vrè adorasyon an?

21 Ki sa egzanp chèf fanmi nan tan lontan yo ka aprann nou sou vrè adorasyon an? Menm jan ak yo, gen moun toutotou n, petèt menm moun nan fanmi nou, ki ka fè n distrè, e ki ka lakòz se pa sèlman ak Jewova nou ret atache. Pou n reziste devan presyon sa yo, nou dwe fè efò pou n gen yon lafwa ki solid nan Jewova e nou dwe gen konviksyon se prensip jis li yo ki pi bon. Nou montre nou gen lafwa sa a lè nou obeyi Jewova e lè nou itilize tan nou, fòs nou ak sa nou posede pou nou sèvi l (Mat. 22:37-40; 1 Kor. 10:31). Se pa ti ankourajman nou jwenn lè nou konnen si nou adore Jewova ak tout nou menm, nou fè sa fason li vle l la, e si n gen bon rezon ki pouse n fè sa, l ap konsidere nou kòm moun ki jis! — Li Jak 2:18-24.

Yon nasyon ki te atache ak vrè adorasyon an

22-24. Ki jan Lalwa te montre moun Izrayelit yo t ap ofri ­sakrifis yo, kalite sakrifis yo ak fason yo te dwe fè sakrifis yo te gen anpil enpòtans?

22 Jewova te bay desandan Jakòb yo Lalwa. Konsa, li te fè yo konnen egzakteman sa l te vle yo fè. Si yo te obeyi Jewova, yo t ap vin “byen espesyal” li e yo t ap vin “yon nasyon ki sen”. (Egz. 19:5, 6.) Ann wè ki jan Lalwa te mete aksan sou kat aspè enpòtan ki gen nan vrè adorasyon an.

23 Jewova te fè konnen aklè kiyès Izrayelit yo te dwe adore. Men sa l te di: “Nou pa dwe gen okenn lòt dye apa mwen menm.” (Egz. 20:3-5). Se pi bon kalite sakrifis yo yo te dwe ba li. Pa egzanp, lè yo t ap ofri bèt kòm sakrifis, bèt yo te dwe an sante, san okenn domaj (Lev. 1:3; Det. 15:21; konpare ak Malachi 1:6-8). Levit yo te konn jwenn yon pati nan ofrann pèp la te konn bay Jewova a, men yo menm tou yo te dwe fè ofrann pa yo. Sa yo t ap bay la te dwe soti nan “pi bon pati nan tout sa yo [te ba yo yo]”. (Nonb 18:29.) Konsènan fason Izrayelit yo te dwe adore a, Jewova te ba yo detay sou ki sakrifis yo te dwe fè, fason yo te dwe fè yo ak moman yo te dwe fè yo. Antou, Jewova te ba yo plis pase 600 lwa pou ede yo konn sa pou yo fè, e men sa li te di yo: “Se pou nou veye pou nou fè egzakteman sa Jewova, Bondye nou an, ban nou lòd pou nou fè. Nou pa dwe fè ni adwat ni agoch.” — Det. 5:32.

24 Èske kote Izrayelit yo t ap ofri sakrifis yo te vrèman enpòtan? Wi. Jewova te mande pèp li a pou yo fè yon tabènak, e se ladan l yo te vin pratike vrè adorasyon an (Egz. 40:1-3, 29, 34). Nan epòk sa a, si Izrayelit yo te vle pou Bondye aksepte ofrann yo, yo te oblije pote yo nan tabènak la *. — Det. 12:17, 18.

25. Konsènan sakrifis yo, ki sa k te pi enpòtan? Esplike.

25 Men, sa k te pi enpòtan, se rezon ki fè yon Izrayelit te fè ofrann li an. Se lanmou sensè pou Jewova ak prensip li yo ki pou te pouse l fè l. (Li Detewonòm 6:4-6.) Lè Izrayelit yo te adore Jewova san se pa yon lanmou sensè ki te pouse yo fè sa, Jewova pa t aksepte sakrifis yo (Eza. 1:10-13). Jewova te sèvi ak pwofèt Ezayi pou l fè konnen yo pa t ka twonpe l ak adorasyon san valè yo t ap ba li a. Li te di: “Se nan bouch pèp sa a [...] onore m, men, kè yo byen lwen m.” — Eza. 29:13.

Adorasyon ki te konn fèt nan tanp lan

26. Okòmansman, ki wòl tanp Salomon an te jwe nan vrè adorasyon an?

26 Plizyè syèk apre pèp Izrayèl la te fin antre nan Peyi Bondye te pwomèt li a, wa Salomon te konstwi yon lokal pou vrè adorasyon an ki te pi gwo e ki te pi bèl lontan pase tabènak la (1 Wa 7:51; 2 Kwo. 3:1, 6, 7). Okòmansman, se Jewova sèlman yo te konn ofri sakrifis nan tanp sa a. Ni Salomon ni pèp la te konn fè anpil sakrifis e yo te ofri pi bon kalite sakrifis yo fason lwa Bondye a te mande sa (1 Wa 8:63). Men, se pa kantite depans ki te fèt pou konstwi tanp lan ni kantite sakrifis yo te konn fè yo ki t ap fè Jewova aksepte adorasyon yo t ap bay nan tanp lan. Sa k te pi enpòtan se te rezon ki te fè yo fè ofrann yo. Salomon te mete aksan sou pwen sa a lè yo t ap inogire tanp lan. Men sa l te di: “Se pou nou sèvi Jewova ak tout kè nou jan n ap fè sa jodi a lè nou obeyi lwa l yo ak kòmandman l yo.” — 1 Wa 8:57-61.

27. Ki sa wa Izrayèl nan tan lontan yo ak moun yo t ap dirije yo te fè, e ki jan Jewova te reyaji?

27 Malerezman, Izrayelit yo pa t kontinye suiv konsèy saj wa a te bay yo. Yo pa t respekte youn oswa plizyè bagay enpòtan ki se baz vrè adorasyon an. Ni wa Izrayèl yo ni moun yo t ap dirije yo te kite kè yo vin mechan, yo te pèdi lafwa nan Jewova e yo te sispann suiv prensip li yo ki jis. Piske Jewova te renmen yo, se pa ni de ni twa fwa li te voye pwofèt pou korije yo e pou fè yo konnen konsekans aksyon yo ap genyen (Jer. 7:13-15, 23-26). Pami tout pwofèt sa yo, Ezekyèl te yon pwofèt fidèl ki te estrawòdinè. Li t ap viv nan yon epòk ki te difisil anpil nan istwa vrè adorasyon an.

Ezekyèl te wè jan adorasyon ki pwòp la te vin sal

28, 29. Ki sa nou konnen sou Ezekyèl? (Gade kare ki gen tit: “Ezekyèl: Lavi l ak epòk li t ap viv la.”)

28 Ezekyèl te abitye ak adorasyon ki te konn fèt nan tanp Salomon te bati a. Papa l te yon prèt e l te gen lè pou l al fè sèvis li nan tanp lan (Eze. 1:3). Siman, lè Ezekyèl te piti li te gen kè kontan. Sandout papa l te aprann li konn Jewova ak Lalwa. Anfèt, petèt anviwon ennan apre Ezekyèl te fin fèt, yo te jwenn “liv Lalwa a” nan tanp lan. * Sa wa Jozyas, ki te yon bon wa e ki t ap dirije nan moman an, te tande yo te tèlman touche l sa te fè l fè plis efò pou l soutni vrè adorasyon an. — 2 Wa 22:8-13.

Papa Ezekyèl te aprann li konn Jewova ak Lalwa. (Gade paragraf 28)

29 Menm jan ak moun fidèl ki te viv anvan Ezekyèl yo, Ezekyèl te fè toule kat bagay ki nesesè pou moun adore Bondye yo. Lè nou egzamine liv Ezekyèl la, nou vin aprann se sèl ak Jewova Ezekyèl te atache, li te toujou ba l tout li menm, li te fè sa Jewova te mande l fè e l te fè sa jan Jewova te mande a. Ezekyèl te fè tout sa paske li te gen yon lafwa ki sensè. Men, nou pa ka di menm bagay la pou pifò moun ki t ap viv nan epòk li a. Jeremi te kòmanse travay li nan ane 647 anvan epòk nou an e l te chofe pou l anonse jijman Jewova ki te gen pou vini an. Pandan Ezekyèl t ap grandi, li te konn tande pwofesi Jeremi yo.

30. a) Ki sa pwofesi Ezekyèl te rapòte yo montre? b) Ki sa yon pwofesi ye, e ki jan nou ta dwe konprann pwofesi Ezekyèl yo? (Gade kare ki gen tit: “Ann chèche konprann pwofesi Ezekyèl yo.”)

30 Sa Ezekyèl te ekri anba enspirasyon Jewova yo montre nan ki pwen pèp Bondye a pa t kontinye sèvi l kòmsadwa. (Li Ezekyèl 8:6.) Lè Jewova te kòmanse disipline moun Jida yo, Ezekyèl te pami moun yo te mennen kòm prizonye Babilòn yo (2 Wa 24:11-17). Byenke Ezekyèl te prizonye, se pa pini Bondye t ap pini l. Jewova te ba l yon travay pou l fè pami pèp Li a ki te ann egzil. Kokenn vizyon Ezekyèl te resevwa yo ak pwofesi li te ekri yo montre ki jan Jewova t apral retabli vrè adorasyon an nan Jerizalèm. Men, yo fè plis pase sa. Yo montre ki jan Jewova pral retabli vrè adorasyon an nèt pou tout moun ki renmen l yo.

31. Ki sa liv sa a pral ede n fè?

31 Nan diferan seksyon ki nan liv sa a, n ap jwenn yon apèsi sou sa k ap pase nan syèl la, kote Jewova abite a. N ap wè jis nan ki pwen yo te sal vrè adorasyon an, ki jan Jewova retabli vrè adorasyon an ak fason li defann pèp li a. E n ap fè yon ti gade ki jan sa pral ye alavni lè tout moun k ap vivan nan moman sa a pral adore Jewova. Nan chapit ki vin apre a, n ap egzamine premye vizyon Ezekyèl te rapòte a. L ap ede n gen yon ide sou jan Jewova gran ak sou pati òganizasyon l lan ki nan syèl la. Konsa, n ap ka wè aklè pou ki rezon se li menm sèlman ki merite resevwa adorasyon, yon adorasyon ki pwòp.

^ § 4 Sanble Adan ak Èv te fè Abèl yon ti tan apre yo te fin mete yo deyò nan jaden Edenn nan (Jen. 4:1, 2). Jenèz 4:25 fè konnen Bondye te mete Sèt “nan plas Abèl”. Adan te gen 130 an lè l te fè Sèt, apre Abèl te fin mouri yon fason ki trajik la (Jen. 5:3). Donk, Abèl dwe te gen anviwon 100 an lè Kayen te touye l.

^ § 15 Jenèz 4:26 fè konnen nan epòk Enòch, ki te yon pitit pitit Adan, “moun te kòmanse envoke non Jewova”. Men, li klè, yo te fè sa yon fason ki pa montre respè ditou, petèt yo te konn rele zidòl yo Jewova.

^ § 17 Yo te konn rele dye ki rele Nanna a Sin tou. Malgre moun nan vil Ou yo te konn adore yon pakèt dye, se sitou pou dye sa a yo te fè tanp yo ak lotèl yo.

^ § 24 Apre yo te fin retire lach sakre a nan tabènak la, sanble Jewova te aksepte pou moun ofri l sakrifis lòt kote tou. — 1 Sam. 4:3, 11; 7:7-9; 10:8; 11:14, 15; 16:4, 5; 1 Kwo. 21:26-30.

^ § 28 Sanble Ezekyèl te gen 30 an lè l te kòmanse fè travay li antanke pwofèt nan ane 613 anvan epòk nou an. Donk, sanble se ozanviwon ane 643 anvan epòk nou an li te fèt (Eze. 1:1). Jozyas te kòmanse dirije nan ane 659 anvan epòk nou an. E yon tikras anvan 18yèm ane l antanke wa, swa ozanviwon ane 642-641 anvan epòk nou an, yo te jwenn liv Lalwa a, petèt se te liv orijinal la.