Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 8

“M ap mete yon bèje”

“M ap mete yon bèje”

EZEKYÈL 34:23

IDE KLE: Kat pwofesi konsènan Mesi a ak fason yo reyalize sou Kris.

1-3. Poukisa Ezekyèl tris anpil, e ki sa Bondye enspire l pou l ekri kounye a?

 SA FÈ sizan depi Ezekyèl ann egzil. * Gen plizyè dirijan ki pase devan l. Pwofèt la tris anpil lè l ap reflechi sou jan y ap mal dirije Jida, peyi kote l soti e li renmen anpil la ki nan yon distans plizyè kilomèt.

2 Ezekyèl te fèt pandan wa Jozyas, yon wa ki te fidèl, t ap dirije. Se sèten Ezekyèl te kontan anpil lè l te aprann kanpay wa Jozyas te mennen pou l detwi zidòl yo e pou l retabli vrè adorasyon an nan Jida (2 Kwo. 34:1-8). Sepandan, chanjman Jozyas te fè yo pa t dire anpil tan, paske pifò wa ki te vin annapre l yo te kontinye adore zidòl. Nou pa sezi dèske nasyon an te vin pi mal toujou nan domèn moral e dèske yo te pèdi relasyon yo ak Jewova lè move dirijan sa yo te sou pouvwa. Èske pa t gen okenn espwa ankò? Wi, te gen espwa!

3 Jewova te enspire pwofèt li a ki fidèl pou l ekri yon pwofesi. Se t ap premye pwofesi pami plizyè lòt pwofesi konsènan Mesi a, li menm ki se Dirijan ak Bèje ki pral retabli vrè adorasyon an e ki pral pran swen mouton Jewova yo avèk tandrès pou toutan. L ap bon pou n byen egzamine pwofesi sa yo, paske akonplisman yo gen efè sou avni nou pou toutan. Kounye a, ann egzamine kat pwofesi konsènan Mesi a nou jwenn nan liv Ezekyèl la.

Yon “ti boujon” vin “yon gwo pye sèd”

4. Ki pwofesi Ezekyèl te bay, e ki fason Jewova te kòmanse pwofesi sa a?

4 Ozanviwon ane 612 anvan epòk nou an, “Jewova pale” avèk Ezekyèl, e Ezekyèl te bay yon pwofesi ki montre fason Mesi a t apral dirije ak nesesite pou n gen konfyans nan Wayòm li an. Nan kòmansman pwofesi a, Jewova mande Ezekyèl pou l bay moun ki ann egzil ansanm avè l yo yon devinèt ki se yon pwofesi ki montre jan dirijan Jida yo pa gen lafwa ak jan li enpòtan pou gen yon Dirijan ki gen jistis, anpalan de Mesi a. — Eze. 17:1, 2.

5. Bay pati ki pi enpòtan nan devinèt la.

5 Li Ezekyèl 17:3-10. Men pati ki pi enpòtan nan devinèt la: Gen yon “gwo èg” ki pran ti boujon ki pi wo ki nan yon pye sèd e l al mete l “nan yon vil ki gen komèsan”. Apre sa, èg la pran “yon semans nan peyi a” epi li mete l nan yon jaden ki gen bon tè “bò kot anpil dlo”. Semans lan fleri, li vin yon “pye rezen [...] k ap ouvè kò l”. Annapre, gen yon dezyèm “gwo èg” ki parèt. Rasin pye rezen an pouse “nan direksyon” dezyèm èg la, l ap chèche pou èg la pote l yon lòt kote ki gen anpil dlo. Jewova kondane aksyon pye rezen an, li fè konnen y ap derasinen l e l ap “seche nèt”.

Premye gwo èg la reprezante Nebikadneza, wa Babilòn nan. (Gade paragraf 6)

6. Esplike sans devinèt la.

6 Ki sa devinèt sa a vle di? (Li Ezekyèl 17:11-15.) Nan ane 617 anvan epòk nou an, Nebikadneza, wa Babilòn nan (premye “gwo èg” la) te ansèkle Jerizalèm. Li te retire Jewoyakin, wa Jida a (“ti boujon ki pi wo” a) sou twòn nan epi l te mennen l Babilòn (“yon vil ki gen komèsan”). Nebikadneza te met Sedesyas (youn nan desandan wa yo ki se “semans nan peyi a”) sou twòn nan nan Jerizalèm. Li te fè nouvo wa Jida a fè yon sèman nan non Bondye, sa ki te oblije wa sa a vin yon sèvitè l ki fidèl (2 Kwo. 36:13). Men, Sedesyas pa t respekte sèman l te fè a, li te rebele kont Babilòn e l t al chèche èd nan men lame Farawon an, wa Ejip la, (dezyèm “gwo èg” la), men li te echwe. Jewova te kondane Sedesyas paske l pa t fidèl e l pa t respekte sèman l (Eze. 17:16-21). Finalman, yo te retire Sedesyas sou twòn nan, e l te mouri nan prizon nan Babilòn. — Jer. 52:6-11.

7. Ki leson nou ka aprann nan devinèt sa a ki se yon pwofesi?

7 Ki leson nou ka aprann nan devinèt sa a ki se yon pwofesi? Premyèman, antanke sèvitè Bondye ki fidèl, nou dwe kenbe pawòl nou. Jezi te di “se pou ‘wi’ nou vle di wi, e se pou ‘non’ nou vle di non”. (Mat. 5:37.) Si nou wè l nesesè pou n sèmante devan Bondye n ap di laverite, pa egzanp lè n ap fè sèman nan yon tribinal, n ap konsidere sèman sa a kòm yon bagay ki enpòtan. Dezyèmman, nou dwe veye nan kiyès n ap met konfyans nou. Men ki avètisman Bib la bay: “Pinga nou mete konfyans nou nan chèf yo ni nan okenn lòt moun, paske yo pa ka bay delivrans.” — Sòm 146:3.

8-10. Ki sa Jewova di konsènan Dirijan ki gen pou vini li chwazi a, e ki fason pwofesi sa a reyalize? (Gade tou kare ki gen tit “Pwofesi konsènan Mesi a: Gwo pye sèd la”.)

8 Sepandan, gen yon dirijan ki merite pou n met tout konfyans nou nan li. Apre Jewova fin bay devinèt konsènan boujon yo pran e y al plante yon lòt kote a, yon devinèt ki se yon pwofesi tou, li te atire atansyon sou menm imaj sa a pou l pale de Mesi a, li menm ki se Dirijan ki gen pou vini an.

9 Sa pwofesi a di. (Li Ezekyèl 17:22-24.) Kounye a, se pa gwo èg yo ki pral aji, men se Jewova li menm ki pral aji. L ap kase yon ti boujon “sou tèt pye sèd ki wo anpil la e [l] ap plante l [...] sou yon mòn ki wo anpil”. Boujon an ap fleri, l ap vin “yon gwo pye sèd” epi “tout kalite zwazo” ap vin viv anba l. Annapre, “tout pyebwa ki nan savann yo” ap konnen se Jewova li menm ki fè gwo pyebwa sa a fleri.

10 Fason pwofesi a reyalize. Jewova te pran Jezi Kris, Pitit gason l lan, ki sot nan liy fanmi wa David (“pye sèd ki wo anpil la”) e l te plante l sou mòn Siyon nan syèl la (“mòn ki wo anpil” la). (Sòm 2:6; Jer. 23:5; Rev. 14:1.) Konsa, Jewova te pran Pitit gason l lan, li menm ènmi l yo te konsidere kòm “moun ki pi ba nèt pami lèzòm nan”, e l te mete l nan yon pi gwo pozisyon lè l te ba l “twòn David, papa l”. (Dàn. 4:17; Lik 1:32, 33.) Menm jan ak yon gwo pye sèd, Jezi Kris, antanke Wa Bondye chwazi a, pral dirije tout tè a e l pral pote benediksyon pou tout moun l ap dirije yo. Vrèmanvre, se Dirijan sa a ki merite pou nou fè l konfyans. Lè Jezi pral dirije Wayòm li an, moun ki obeyisan yo sou tè a pral “viv ak kè poze, y ap viv trankil san yo pa pè okenn malè”. — Pwo. 1:33.

11. Ki leson enpòtan nou ka aprann konsènan “ti boujon” ki vin “yon gwo pye sèd” la?

11 Sa nou ka aprann nan pwofesi a. Pwofesi estrawòdinè konsènan “ti boujon” ki vin “yon gwo pye sèd” la ede n reponn youn nan kesyon ki pi enpòtan yo, sètadi: Kiyès n ap fè konfyans? Se yon foli pou n met konfyans nou nan gouvènman lèzòm yo ak nan pisans militè yo. Pou n jwenn sekirite toutbon an, li saj pou n met tout konfyans nou nan Jezi Kris, Wa Bondye chwazi a. Gouvènman ki nan syèl la ki nan men l ki pisan se sèl espwa pou limanite. — Rev. 11:15.

“Moun ki gen dwa legal la”

12. Ki jan Jewova te montre aklè li pa t bliye alyans li te fè ak David la?

12 Esplikasyon Bondye te bay Ezekyèl sou devinèt konsènan de èg yo, ki se yon pwofesi tou, te ede Ezekyèl konprann yo t ap retire Sedesyas, yon wa ki pa t fidèl ki te soti nan liy fanmi wa David, sou twòn nan e yo t ap mennen l nan prizon nan Babilòn. Petèt pwofèt la t ap mande tèt li: ‘E alyans Bondye te fè ak David la, yon alyans kote l te pwomèt ap gen yon wa ki soti nan liy fanmi David k ap dirije pou toutan (2 Sam. 7:12, 16)?’ Si Ezekyèl t ap reflechi sou yon kesyon konsa, li pa t tann lontan anvan l jwenn yon repons. Ozanviwon ane 611 anvan epòk nou an, nan setyèm ane egzil la, pandan Sedesyas te toujou ap dirije Jida, “Jewova pale” ak Ezekyèl (Eze. 20:2). Jewova te ba l yon lòt pwofesi konsènan Mesi a, yon pwofesi ki te montre aklè Bondye pa t bliye alyans li te fè ak David la. Men pito, pwofesi a te montre Sila ki ta pral dirije antanke Mesi a t ap gen dwa legal pou l dirije antanke eritye David.

13, 14. Ki pati ki pi enpòtan nan pwofesi ki nan Ezekyèl 21:25-27 la, e ki fason pwofesi sa a reyalize?

13 Sa pwofesi a di. (Li Ezekyèl 21:25-27.) Pa mwayen Ezekyèl, Jewova te fè “chèf Izrayèl [...] ki mechan an” konnen aklè lè pou l pini l la rive. Jewova te di chèf ki mechan sa a y ap retire “mouchwa” l la ak “kouwòn” li an (senbòl pouvwa wa a genyen). Apre sa, yo t ap leve moun ki t ap dirije ki te “ba” a, e yo t ap desann sila ki te “wo” a. Moun k ap dirije yo te leve yo t ap kontinye dirije jiskaske “moun ki gen dwa legal la vini”, e apre sa Jewova ap ba moun sa a Wayòm nan.

14 Fason pwofesi a reyalize. Nan ane 607 anvan epòk nou an, yo te desann wayòm Jida a ki te “wo” ki te Jerizalèm lè Babilónyen yo detwi Jerizalèm, yo retire wa Sedesyas sou twòn nan epi yo mennen l ann egzil. Nan moman sa a, pa t gen okenn moun nan liy fanmi David ki t ap dirije nan Jerizalèm, konsa, yo te leve moun ki t ap dirije ki te “ba” yo, yo te ba yo kontwòl tè a, men se te pou yon ti tan sèlman. “Tan ki fikse pou nasyon yo” te fini nan ane 1914 lè Jewova te bay Jezi Kris otorite antanke wa (Lik 21:24). Antanke desandan wa David, Jezi te gen bonjan “dwa legal” pou Bondye chwazi l pou l vin wa nan Wayòm nan * (Jen. 49:10). Kidonk, Jewova te sèvi ak Jezi pou l reyalize pwomès li te fè pou yon moun ki soti nan liy fanmi David toujou dirije nan yon wayòm k ap la pou toutan. — Lik 1:32, 33.

Jezi gen dwa legal pou l vin Wa nan Wayòm Bondye a. (Gade paragraf 15)

15. Poukisa n ka met tout konfyans nou nan Jezi Kris, Wa nou an?

15 Sa nou ka aprann nan pwofesi a. Nou ka met tout konfyans nou nan Jezi Kris, Wa nou an. Sa k fè sa? Se paske kontrèman ak dirijan nan monn nan lèzòm ka chwazi nan eleksyon oswa ki ka pran dwa ki pa pou yo, Jezi li menm se Jewova ki te chwazi l e ki te “ba l [...] yon wayòm” li gen dwa legal pou l dirije (Dàn. 7:13, 14). Pa gen dout, Wa Jewova nome a merite pou n fè l konfyans!

“David, sèvitè m nan” ap “vin bèje yo”

16. Ki jan Jewova konsidere mouton l yo, e ki jan “bèje Izrayèl yo” nan epòk Ezekyèl la te trete twoupo a?

16 Jewova, pi Gran Bèje a, gen anpil sousi pou timouton l yo, anpalan de adoratè l yo ki sou tè a (Sòm 100:3). Byenke l bay bèje ki anba kontwòl li yo ki sou tè a responsablite pou pran swen timouton l yo, li byen suiv fason yo trete mouton l yo. Kounye a, fè yon ti reflechi sou fason Jewova dwe te santi l konsènan “bèje Izrayèl yo” nan epòk Ezekyèl la. Chèf sa yo pa t wont dirije moun yo yon fason ki “di e [yo te] maltrete yo”. Kòm rezilta, twoupo a te soufri e anpil nan yo te abandone vrè adorasyon an. — Eze. 34:1-6.

17. Ki jan Jewova te delivre mouton l yo?

17 Ki sa Jewova t ap fè? Men sa l te di moun ki t ap aji di ak pèp Izrayèl la: “M ap fè yo rann kont.” Annapre, men pwomès li te fè: “M ap delivre mouton m yo.” (Eze. 34:10). Jewova toujou kenbe pawòl li (Joz. 21:45). Nan ane 607 anvan epòk nou an, li te delivre mouton l yo lè l te sèvi ak Babilónyen yo ki te anvayi peyi a pou l retire otorite bèje egoyis sa yo te genyen an. Swasanndizan annapre, li te delivre adoratè l yo ki tankou mouton anba Babilòn e l te fè yo tounen nan peyi yo pou yo te ka retabli vrè adorasyon an. Sepandan, mouton Jewova yo potko jwenn pwoteksyon, paske se moun ki pa t ap sèvi Bondye ki t ap dirije yo toujou. Te ret plizyè syèk ankò anvan “tan ki fikse pou nasyon yo” dirije a fini. — Lik 21:24.

18, 19. Ki pwofesi Ezekyèl te bay nan ane 606 anvan epòk nou an? (Gade foto ki nan kòmansman chapit la.)

18 Nan ane 606 anvan epòk nou an, anviwon ennan apre destriksyon Jerizalèm e plizyè dizèn ane anvan Izrayelit yo te soti ann egzil nan Babilòn, Jewova te enspire Ezekyèl pou l bay yon pwofesi ki montre jan Gran Bèje a gen sousi pou mouton l yo e jan l vle yo viv pou toutan. Pwofesi a montre fason Dirijan Bondye chwazi a pral pran swen mouton Jewova yo.

19 Sa pwofesi a di. (Li Ezekyèl 34:22-24.) Bondye “ap mete yon bèje” sou tèt yo, li rele bèje sa a “David, sèvitè m nan”. Ekspresyon “yon bèje” a ansanm ak mo “sèvitè” ki osengilye a montre Dirijan sa a pa t ap retabli yon liy wa ki soti nan David, men li t ap vin sèl eritye David pou toutan. Antanke Dirijan e antanke Bèje, l ap bay mouton Bondye yo manje e l ap vin “chèf nan mitan yo”. Jewova ap “fè yon alyans” avèk mouton l yo. “Benediksyon ap vide sou yo tankou lapli”, y ap viv an sekirite e y ap bay bonjan fwi. Rezon an se paske nonsèlman pral gen lapè ant moun ak moun, men tou, ant moun ak bèt. — Eze. 34:25-28.

20, 21. a) Ki fason pwofesi konsènan “David, sèvitè m nan” reyalize? b) Ki sa pawòl Ezekyèl te di konsènan “alyans [...] pou yo ka viv anpè” a pral vle di alavni?

20 Fason pwofesi a reyalize. Lefètke Bondye rele Dirijan sa a “David, sèvitè m nan”, se yon pwofesi li te bay konsènan Jezi, li menm ki se desandan David ki gen dwa legal la (Sòm 89:35, 36). Lè Jezi te sou tè a, li te bay prèv se li menm ki “bon bèje a” lè l te bay lavi l “pou mouton yo”. (Jan 10:14, 15.) Men, kounye a, li se yon Bèje ki nan syèl la (Ebre 13:20). Nan ane 1914, Bondye te met Jezi Wa e l te ba l responsablite pou l pran swen mouton l yo ki sou tè a e pou l ba yo manje. Kèk tan annapre, nan ane 1919, nouvo Wa a te nome “esklav fidèl ki prevwayan an” pou bay “sèvitè ki lakay li yo” manje, anpalan de sèvitè Bondye ki fidèl yo, kit yo gen esperans pou y al viv nan syèl la kit yo gen esperans pou yo viv sou tè a (Mat. 24:45-47). Anba direksyon Kris, esklav fidèl la pran swen mouton Bondye yo lè l ba yo bonjan manje nan domèn espirityèl. Manje sa a ede yo gen lapè ak sekirite nan paradi espirityèl ki anplas kounye a.

21 Ki sa pawòl Ezekyèl te di konsènan “alyans [...] pou yo ka viv anpè” a ak benediksyon Bondye ap vide tankou lapli a pral vle di pou nou pi devan? Nan monn nouvo ki gen pou vini an, vrè adoratè Jewova yo sou tè a pral jwi tout benediksyon “alyans [...] pou yo ka viv anpè” a pral pote. Tout tè a ap vin yon paradi kote lagè, krim, grangou, maladi ak bèt sovaj pap janm yon menas pou lèzòm ankò (Eza. 11:6-9; 35:5, 6; 65:21-23). Èske w pa kontan gen posiblite viv pou toutan nan Paradi sou tè a kote mouton Bondye yo ap “abite an sekirite e [kote] pa gen pèsonn k ap vin fè yo pè”? — Eze. 34:28.

Antanke yon Bèje ki nan syèl la, Jezi ap suiv fason yo trete mouton Bondye yo. (Gade paragraf 22)

22. Ki jan Jezi konsidere mouton yo, e ki jan moun k ap sèvi antanke bèje anba direksyon l yo montre yo gen menm santiman avè l?

22 Sa nou ka aprann nan pwofesi a. Jezi gen anpil sousi pou mouton yo, menm jan ak Papa l. Antanke Wa e antanke Bèje, Jezi asire l mouton Papa l yo byen manje nan domèn espirityèl e yo gen lapè ak sekirite nan paradi espirityèl la. Sa ankourajan pou nou gen yon Dirijan konsa k ap pran swen nou! Moun k ap sèvi antanke bèje anba kontwòl Jezi yo bezwen demontre menm sousi sa a pou mouton yo. Ansyen yo dwe pran swen twoupo a “ak tout kè” yo e “avèk dilijans”, e yo dwe tounen egzanp pou mouton yo (1 Pyè 5:2, 3). Yon ansyen pa dwe janm maltrete yon mouton Jewova! Sonje pawòl Jewova te di konsènan bèje ki t ap aji di ann Izrayèl nan epòk Ezekyèl la: “M ap fè yo rann kont.” (Eze. 34:10). Pi Gran Bèje a ak Pitit Gason l lan byen suiv fason bèje yo ki sou tè a trete mouton yo.

“David, sèvitè m nan, ap chèf yo pou toutan”

23. Ki pwomès Jewova te fè konsènan tèt ansanm ki t ap gen nan nasyon Izrayèl la, e ki jan l te reyalize l?

23 Jewova vle pou adoratè l yo sèvi l nan tèt ansanm. Nan yon pwofesi konsènan tèt ansanm ki t ap genyen pami tribi Izrayèl yo, Bondye te pwomèt l ap rasanble pèp li a, ni moun ki reprezante wayòm de tribi Jida yo ni moun ki reprezante wayòm dis tribi Izrayèl yo, pou l fè yo vin “yon sèl nasyon”, kòmsi se de “bout bwa” ki “vin fè yon sèl” nan men l (Eze. 37:15-23). Youn nan fason pwofesi sa a te reyalize se lè Bondye te fè nasyon Izrayèl la gen tèt ansanm ankò e lè l te fè yo tounen nan Peyi l te pwomèt la nan ane 537 anvan epòk nou an. * Men, tèt ansanm sa a se te yon ti apèsi konsènan yon pi gwo tèt ansanm ki t ap dire pi lontan ki te gen pou vini. Apre Jewova te fin pwomèt l ap fè gen tèt ansanm ann Izrayèl, li te bay Ezekyèl yon pwofesi konsènan fason Dirijan k ap gen pou vini an ap fè vrè adoratè l yo sou tout tè a gen yon tèt ansanm k ap dire pou toutan.

24. Ki sa Jewova te di konsènan Dirijan li chwazi a, e ki jan bagay yo pral ye lè Wa sa a ap dirije?

24 Sa pwofesi a di. (Li Ezekyèl 37:24-28.) Yon lòt fwa ankò, Jewova fè referans ak Dirijan li chwazi a antanke “David, sèvitè m nan”, antanke “yon bèje” e antanke yon “chèf”. Men kounye a, Jewova rele Moun sa a li pwomèt l ap bay la “wa” tou (Eze. 37:22). Ki jan bagay yo pral ye lè Wa sa a ap dirije? L ap dirije pou toutan. Ekspresyon “pou toutan” an montre benediksyon Wa sa a pral bay lè l ap dirije a pap janm gen fen. * Ap gen tèt ansanm lè l ap dirije. Lè se “sèl wa” sa a k ap dirije, moun ki fidèl yo pral obeyi menm “lwa” yo, e “y ap abite nan peyi” a ansanm. Lè Wa a ap dirije, li pral fè moun yo vin pi pwòch ak Jewova. Jewova pral fè “yon alyans avèk yo pou yo ka viv anpè”. Jewova ap vin Bondye yo, e yo menm y ap vin pèp li. Epitou, tanp li an ap “nan mitan yo pou toutan”.

25. Ki fason pwofesi konsènan Wa Bondye chwazi a reyalize?

25 Fason pwofesi a reyalize. Nan ane 1919, moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki fidèl yo te vin fè youn anba direksyon “yon bèje”, anpalan de Jezi Kris, Wa Bondye chwazi a. Apre sa, “yon gwo foul moun” ki soti “nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang” te vin fè yon sèl ansanm ak kwayan parèy yo Bondye chwazi pou al nan syèl (Rev. 7:9). Yo toude vin fòme “yon sèl twoupo” ki anba direksyon “yon sèl bèje”. (Jan 10:16.) Kit yo gen espwa pou y al viv nan syèl la, kit yo gen espwa viv sou tè a, yo tout obeyi lwa Jewova yo. Kòm rezilta, yo tout abite ansanm nan yon paradi espirityèl antanke yon fanmi frè ak sè ki gen tèt ansanm nan lemonnantye. Jewova ba yo lapè kòm benediksyon, e tanp li an, ki reprezante vrè adorasyon an, nan mitan yo. Jewova se Bondye yo, e yo fyè dèske y ap adore l depi kounye a e pou toutan!

26. Ki jan w ka travay pou gen tèt ansanm nan paradi espirityèl la?

26 Sa nou ka aprann nan pwofesi a. Nou gen privilèj fè pati yon fanmi frè ak sè ki gen tèt ansanm nan lemonnantye k ap adore Jewova fason ki pwòp la. Men, privilèj sa a mache ak yon responsablite ki se travay pou gen tèt ansanm sa a. Kidonk, nou tout bezwen fè efò pou kontinye gen amoni nan fason n panse ak nan fason n aji (1 Kor. 1:10). Pou n rive fè sa, nou chofe pou n manje menm manje nan domèn espirityèl, pou n suiv menm prensip biblik nan fason nou konpòte nou, e pou n patisipe nan menm travay preche bon nouvèl Wayòm nan epi fè disip la, yon travay ki enpòtan anpil. Sepandan, bagay ki pi enpòtan ki fè n gen tèt ansanm toutbon an se lanmou. N ap fè tout sa n kapab pou n gen lanmou e pou n demontre kalite sa a nan diferan aspè l genyen yo, tankou lè n mete n nan plas lòt moun, lè n gen konpasyon ak lè n renmen padone. Konsa, n ap travay pou gen tèt ansanm nan mitan nou. Bib la di “lanmou [...] se yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay”. — Kol. 3:12-14; 1 Kor. 13:4-7.

Jewova beni adoratè l yo ki fòme yon fanmi frè ak sè ki gen lanmou nan lemonnantye. (Gade paragraf 26)

27. a) Ki jan w santi w anrapò ak pwofesi konsènan Mesi a ki nan liv Ezekyèl la? b) Ki sa n pral egzamine nan chapit ki vin apre yo?

27 Nou gen anpil rekonesans pou pwofesi sa yo nou jwenn nan liv Ezekyèl la konsènan Mesi a! Lè n li pwofesi sa yo ak lè n medite sou yo, sa aprann nou Jezi Kris, Wa nou renmen anpil la, merite pou n fè l konfyans, li gen dwa legal pou dirije, li pran swen nou ak tandrès, e l ap kontinye kenbe nou nan chenn ki ini nou an pou toutan. Se pa ti privilèj nou genyen pou n viv anba dominasyon Wa Bondye chwazi a! Nou pa dwe bliye pwofesi sa yo konsènan Mesi a fè pati pwofesi nou jwenn nan liv Ezekyèl la konsènan vrè adorasyon an ki gen pou retabli. Jezi se sila Jewova itilize pou l rasanble pèp Li a e pou l retabli vrè adorasyon an nan mitan yo (Eze. 20:41). Nan chapit ki vin apre yo, nou pral egzamine sijè enteresan sa a konsènan vrè adorasyon an ki retabli ak fason yo pale de li nan liv Ezekyèl la.

^ § 1 Premye ane egzil la te kòmanse nan ane 617 anvan epòk nou an lè yo te mennen premye gwoup Juif yo kòm prizonye nan Babilòn. Kidonk, sizyèm ane egzil la te kòmanse nan ane 612 anvan epòk nou an.

^ § 14 Nan Evanjil Bondye enspire yo, nou jwenn bonjan enfòmasyon sou liy fanmi kote Jezi soti a depi nan David. — Mat. 1:1-16; Lik 3:23-31.

^ § 23 Nan chapit 12 nan liv sa a, nou pral egzamine pwofesi Ezekyèl te bay konsènan de bout bwa yo ak fason pwofesi a te reyalize.

^ § 24 Men sa yon diksyonè biblik fè konnen konsènan ekspresyon ebre lè yo tradui l yo met “pou toutan” pou li a: “Anplis ekspresyon sa a gen sans yon bagay k ap dire, li gen lòt sans tou, tankou yon bagay k ap la pou toutan, k ap dire lontan e ki pa ka chanje.”