Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 16

“Mete yon mak sou fwon [yo]”

“Mete yon mak sou fwon [yo]”

EZEKYÈL 9:4

IDE KLE: Fason moun ki fidèl ki t ap viv nan epòk Ezekyèl la te resevwa mak ki te pèmèt yo sove a epi sa sa vle di lè yon moun nan epòk nou an resevwa mak k ap pèmèt li sove a.

1-3. a) Poukisa Ezekyèl te sezi, e ki sa l te aprann konsènan destriksyon Jerizalèm? b) Ki kesyon nou pral egzamine?

 EZEKYÈL sezi anpil! Li fèk sot wè yon vizyon konsènan bagay ki bay degoutans Juif ki aposta yo ap fè nan tanp lan ki nan Jerizalèm. * Bann rebèl sa yo te sal lokal ki te prensipal kote moun pratike vrè adorasyon an ann Izrayèl. Men, se pa tanp lan sèlman yo te sal. Yo te plen Jida ak vyolans e l pa t bon menm. Sa te fè Jewova mal anpil lè l te wè sa pèp li te chwazi a ap fè. Se sa k fè, li te di Ezekyèl: “M ap lage kòlè m sou yo.” — Eze. 8:17, 18.

2 Se pa ti mal sa te fè Ezekyèl mal lè l aprann Jerizalèm ak tanp lan ki te sakre t apral sibi kòlè Jewova e yo t ap detwi! Petèt Ezekyèl t ap mande tèt li: ‘Ki sa k pral rive moun fidèl k ap viv nan vil la? Èske y ap chape? Si se wi, ki fason?’ Ezekyèl pa t bezwen tann anpil tan anvan l te jwenn repons kesyon sa yo. Tousuit apre l fin tande jijman kondanasyon konsènan Jerizalèm nan, li tande yon gwo vwa ki bay lòd pou voye chèche moun ki pral egzekite jijman Bondye a (Eze. 9:1). Ala yon soulajman sa te ye pou pwofèt la lè l vin aprann, nan vizyon an, destriksyon an pap fèt konsa konsa. Wi, moun ki fidèl yo ap sove.

3 Pandan fen sistèm mechan sa a ap pwoche, nou menm tou nou ka ap mande tèt nou kiyès k ap chape nan gwo tribilasyon k ap pwoche a. Se sa k fè, ann egzamine kesyon ki vin apre yo: 1) Ki sa Ezekyèl te wè apre sa nan vizyon an? 2) Ki jan vizyon an te reyalize nan epòk pa l la? 3) Ki sa vizyon sa a, ki se yon pwofesi, aprann nou jodi a?

“Voye chèche moun ki pral pini vil la”

4. Esplike ki sa Ezekyèl te wè e ki sa l te tande annapre nan vizyon an.

4 Ki sa Ezekyèl te wè e ki sa l te tande annapre nan vizyon an? (Li Ezekyèl 9:1-11.) Li te wè sèt gason k ap soti “nan direksyon pòtay ki pi wo a, ki bay nan direksyon nò”, petèt toupre kote zidòl ki lakòz jalouzi a te ye a oswa kote yon seri medam t ap kriye pou dye yo rele Tamouz la (Eze. 8:3, 14). Sèt mesye yo te antre nan lakou pa anndan ki nan tanp lan e yo te kanpe toupre lotèl an kuiv kote yo fè sakrifis la. Men, mesye sa yo pa t vini pou yo bay yon sakrifis. Moman pou moun bay sakrifis ki akseptab nan tanp lan te gentan pase. Gen sis nan mesye yo ki te kanpe e “yo chak te gen zam nan men yo pou yo kraze brize”. Setyèm mesye a pa t menm ditou ak lòt yo. Li te gen yon rad len sou li, e li pa t gen zam, men, li te gen “yon ti veso [...] ki gen lank ladan l, sa sekretè yo konn genyen an”.

5, 6. Ki sa nou ka di konsènan moun yo ki te resevwa mak la? (Gade foto ki nan kòmansman chapit la.)

5 Ki sa mesye ki te gen ti veso ki gen lank ladan l lan te dwe fè? Jewova te ba li yon gwo misyon, li te di l: “Pase nan vil la, nan Jerizalèm, epi mete yon mak sou fwon moun k ap plenn e k ap jemi poutèt tout bagay ki bay degoutans k ap fèt anndan vil la.” Petèt nan moman sa a, Ezekyèl te sonje lè paran Izrayelit ki te fidèl yo te dwe pase enpe san sou de chanbrann pòt kay yo ak sou lento pòt yo kòm siy ki montre premye pitit yo t ap chape anba destriksyon an (Egz. 12:7, 22, 23). Nan vizyon Ezekyèl la, èske se pou menm rezon sa a mesye ki te gen veso ki gen lank ladan l lan t ap mete yon mak sou fwon moun yo, sa vle di kòm yon siy ki montre moun ki gen mak sa a ta dwe chape anba destriksyon Jerizalèm?

6 Repons lan vin klè lè nou konsidere rezon ki fè yo te gen mak la. Yo te dwe met mak la sou fwon moun ki t ap ‘plenn e ki t ap jemi’ poutèt tout bagay ki bay degoutans ki t ap “fèt anndan vil la”. Kounye a, ki sa nou ka di konsènan moun ki te resevwa mak la? Yon premye bagay sèke kè moun sa yo t ap fè yo mal nonsèlman akoz moun t ap adore zidòl nan tanp lan, men tou, akoz tout vyolans, imoralite ak koripsyon ki te gaye nan Jerizalèm yo (Eze. 22:9-12). Mete sou sa, yo pa t kache fason yo te santi yo. Pa gen dout, pawòl ak aksyon moun sa yo ki jis te montre jan yo te gen degoutans pou sa ki t ap fèt nan peyi a ak jan yo te atache ak vrè adorasyon an. Piske Jewova gen mizèrikòd, li t ap delivre moun sa yo.

7, 8. Ki jan mesye ki te gen zam nan men yo pou yo kraze brize yo t apral akonpli misyon yo, e ki jan sa te fini?

7 Ki jan sis mesye ki te gen zam nan men yo pou yo kraze brize yo t apral akonpli misyon yo? Men enstriksyon Ezekyèl te tande Jewova ba yo: Suiv mesye ki gen ti veso ki gen lank ladan l lan epi touye tout moun sof moun ki gen mak la sou fwon yo. Men lòd Jewova te ba yo ankò: “Se pou nou kòmanse nan tanp mwen an.” (Eze. 9:6). Moun ki t ap kraze brize yo te dwe kòmanse nan tanp lan ki nan Jerizalèm paske li pa t sakre pou Jewova ankò. Premye moun yo te dwe touye se te “ansyen ki te devan kay la”, sètadi 70 ansyen Izrayèl yo ki te nan tanp lan ki t ap ofri lansan bay fo dye. — Eze. 8:11, 12; 9:6.

8 Ki jan sa te fini menm? Pandan Ezekyèl te kontinye ap gade epi li te kontinye ap tande, mesye ki te gen ti veso ki gen lank ladan l lan bay Jewova yon rapò: “Mwen fè egzakteman sa w te ban m lòd fè a.” (Eze. 9:11). Nou pa ka anpeche n mande tèt nou: ‘Ki jan bagay yo te fini pou moun Jerizalèm yo? Èske gen moun fidèl ki te sove nan destriksyon an?’

Ki jan vizyon an te reyalize nan epòk Ezekyèl la?

9, 10. Site non kèk moun fidèl ki te chape anba destriksyon Jerizalèm, e ki sa n ka di de yo?

9 Li 2 Kwonik 36:17-20. Pwofesi Ezekyèl la te akonpli nan ane 607 anvan epòk nou an lè lame Babilòn nan te detwi Jerizalèm ak tanp lan. Menm jan ak yon “koup nan men Jewova,” Babilónyen yo te yon enstriman Jewova itilize pou pini moun Jerizalèm ki pa t fidèl yo (Jer. 51:7). Èske se tout moun ki te detwi? Non. Vizyon Ezekyèl la te fè konnen se pa tout moun Babilónyen yo t ap touye. — Jen. 18:22-33; 2 Pyè 2:9.

10 Gen yon kantite moun ki fidèl ki pa t detwi, tankou moun Rekab yo, Etyopyen ki te rele Ebèdmelèk la, pwofèt Jeremi ak Bawouk, sekretè l la (Jer. 35:1-19; 39:15-18; 45:1-5). Selon vizyon Ezekyèl la, nou ka di moun sa yo t ap “plenn e [yo t ap] jemi poutèt tout bagay ki bay degoutans” ki t ap fèt Jerizalèm yo (Eze. 9:4). Anvan destriksyon an, li klè yo te montre yo rejte sa ki mal ak tout kè yo e yo te atache ak vrè adorasyon an, konsa, yo te met tèt yo nan pozisyon pou yo chape.

11. Kiyès sis mesye ki te gen zam nan men yo pou yo kraze brize yo ak mesye ki te gen ti veso ki gen lank ladan l lan, yon lank sekretè yo konn genyen, te reprezante?

11 Èske yo te mete yon mak toutbon sou moun sa yo ki te pèmèt yo sove? Pa gen okenn kote ki montre okenn moun, kit se Ezekyèl kit se yon lòt pwofèt, te pase nan Jerizalèm pou yo mete yon mak toutbon sou fwon moun ki te fidèl yo. Pa gen dout, vizyon Ezekyèl la ki te yon pwofesi te montre ki sa kreyati espirityèl yo t ap fè nan syèl la, yon seri bagay lèzòm pa t ap ka wè ak je yo. Mesye ki te gen ti veso ki gen lank ladan l lan, yon lank sekretè yo konn genyen, ansanm ak sis mesye ki te gen zam nan men yo pou yo kraze brize yo reprezante kreyati espirityèl Jewova yo ki toujou pare pou fè volonte l (Sòm 103:20, 21). Pa gen dout, Jewova te itilize zanj li yo pou l detwi moun Jerizalèm ki pa t fidèl yo. Lefètke zanj yo pa t ap touye tout moun, se kòmsi yo te mete yon mak sou fwon moun ki fidèl yo pou yo pa t detwi yo.

Ki sans vizyon Ezekyèl la genyen nan epòk nou an?

12, 13. a) Poukisa Jewova te lage kòlè l sou Jerizalèm, e poukisa nou dwe atann l ap fè menm bagay la nan epòk nou an? b) Èske Jerizalèm ki pa t fidèl la se yon lonbray ki reprezante relijyon ki di yo se kretyen yo? Esplike. (Gade kare ki gen tit “Èske Jerizalèm se yon lonbray ki reprezante relijyon ki di yo se kretyen yo?”)

12 Talè konsa, nou pral fè fas ak yon jijman Bondye pral fè okenn moun potko janm wè anvan sa, se pral “yon gwo tribilasyon, yon tribilasyon ki poko janm rive depi monn nan egziste pou jiska prezan, non, e ki pap rive ankò”. (Mat. 24:21.) Pandan n ap tann gwo evènman sa a, gen kèk kesyon enpòtan nou ka poze tèt nou: Èske gen moun k ap sove nan destriksyon sa a? Èske y ap mete yon mak sou adoratè Jewova ki fidèl yo k ap pèmèt yo sove? Èske vizyon Ezekyèl te fè konsènan mesye ki gen ti veso ki gen lank ladan l lan gen yon akonplisman nan epòk nou an? Repons toule twa kesyon sa yo se wi. Sa k fè n di sa? Pou n jwenn repons kesyon sa a, ann tounen nan vizyon Ezekyèl la.

13 Èske n sonje poukisa Jewova te lage kòlè l sou Jerizalèm tan lontan an? Gade ankò Ezekyèl 9:8, 9. (Li vèsè yo.) Lè Ezekyèl te kòmanse ap enkyete l pou destriksyon an pa t lakòz “tout rès moun Izrayèl yo” detwi, Jewova te bay kat rezon ki fè l t ap fè jijman an. Premyèman, “peche” pèp la te fè a te “grav anpil”. * Dezyèmman, yo te fè “san moun koule” nan tout peyi Jida. Twazyèmman, kapital wayòm Jida a te “fin kòwonpi nèt”. Katriyèmman, moun yo te eseye jistifye bagay mal yo t ap fè yo lè yo te konvenk tèt yo Jewova “pa wè” bagay mal sa yo. Èske pawòl sa yo pa kondane monn nan epòk nou an, yon monn ki pa bon menm nan domèn moral, ki vyolan, ki kòwonpi e ki pa gen lafwa? Sa klè, piske Jewova “pa chanje”, bagay ki te fè l an kòlè nan epòk Ezekyèl la ap toujou fè l an kòlè nan epòk nou an (Jak 1:17; Mal. 3:6). Kounye a, nou dwe atann nou sis mesye ki te gen zam nan men yo pou yo kraze brize yo ak mesye ki te gen ti veso ki gen lank ladan l lan ap gen yon travay pou yo fè nan epòk nou an!

Sis mesye ki gen zam nan men yo pou kraze brize yo pral gen yon travay pou yo fè talè konsa. (Gade paragraf 12, 13)

14, 15. Ki egzanp ki montre Jewova avèti moun anvan l fè yon destriksyon?

14 Sepandan, ki fason vizyon Ezekyèl la, ki se yon pwofesi, ap reyalize nan epòk nou an? Si nou sonje fason vizyon an te reyalize nan tan lontan, nou ka wè ki sa n dwe atann depi kounye a e pi devan. Ann egzamine kèk bagay nou deja wè oswa nou poko wè nan fason pwofesi Ezekyèl la ap reyalize.

15 Jewova avèti moun anvan gen yon destriksyon. Jan nou te wè sa nan chapit 11 nan liv sa a, Jewova te chwazi Ezekyèl pou l “sèvi kòm moun k ap veye pou pèp Izrayèl la”. (Eze. 3:17-19.) Apati ane 613 anvan epòk nou an, Ezekyèl te avèti pèp Izrayèl la aklè konsènan destriksyon ki t ap pwoche a. Gen lòt pwofèt, tankou Ezayi ak Jeremi, ki te bay avètisman tou konsènan malè ki t apral tonbe sou Jerizalèm nan (Eza. 39:6, 7; Jer. 25:8, 9, 11). Nan epòk nou an, Jewova sèvi ak Jezi pou l chwazi yon ti gwoup moun pami moun ki pral nan syèl yo pou l bay adoratè ki fidèl li yo oswa sèvitè l yo manje, men tou, pou l avèti lòt moun konsènan gwo tribilasyon k ap pwoche byen vit la. — Mat. 24:45.

16. Antanke pèp Jewova, èske se nou menm ki mete mak k ap pèmèt moun yo sove yo? Esplike.

16 Se pa pèp Jewova a ki mete mak sou moun k ap sove yo. Sonje Ezekyèl pa t gen misyon pou l pase nan Jerizalèm pou l mete yon mak sou moun k ap sove yo. Se menm jan an tou, pèp Jewova a nan epòk nou an pa gen misyon pou yo mete yon mak sou moun ki nan dispozisyon pou yo sove yo. Olye de sa, antanke sèvitè Bondye, nou gen misyon pou n preche. Nou montre nou pran misyon sa a oserye lè n chofe pou n preche bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a e lè n klewonnen avètisman ki fè konnen monn mechan sa a pa lwen rive nan bout li (Mat. 24:14; 28:18-20). Kidonk, nou patisipe nan ede moun ki sensè yo pran pozisyon pou vrè adorasyon an. — 1 Tim. 4:16.

17. Ki sa moun yo dwe fè depi kounye a pou yo ka resevwa mak k ap pèmèt yo sove pi devan an?

17 Pou yon moun chape anba destriksyon k ap vini an, se depi kounye a li bezwen montre li gen lafwa. Jan n te deja wè sa, se depi anvan destriksyon Jerizalèm nan ane 607 anvan epòk nou an moun ki te chape anba destriksyon sa a te montre yo rejte sa ki mal ak tout kè yo e yo te atache ak vrè adorasyon an. Se menm bagay la tou jodi a. Se depi anvan destriksyon an moun yo bezwen montre ‘y ap plenn e y ap jemi’, kè y ap fann akoz mechanste ki gen nan monn nan. Epitou, olye yo kache sa yo santi, yo dwe montre nan pawòl yo ak nan aksyon yo yo atache ak vrè adorasyon an. Ki jan yo ka fè sa? Yo bezwen byen reyaji devan travay predikasyon k ap fèt jodi a, yo bezwen kontinye abiye yo ak pèsonalite Kris la, yo bezwen batize kòm senbòl yo vwe lavi yo bay Jewova, e yo bezwen soutni frè Kris yo fidèlman (Eze. 9:4; Mat. 25:34-40; Efe. 4:22-24; 1 Pyè 3:21). Se sèlman moun ki fè bagay sa yo e ki antre nan gwo tribilasyon an toutpandan y ap adore Bondye fidèlman k ap kapab resevwa mak k ap pèmèt yo sove a.

18. a) Ki fason Jezi Kris pral mete yon mak sou moun ki nan dispozisyon pou yo sove yo, e ki lè l pral fè sa? b) Èske moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki fidèl yo bezwen resevwa mak la? Esplike.

18 Se Jezi ki pral mete mak sou moun ki nan dispozisyon pou yo sove yo. Nan epòk Ezekyèl la, zanj yo te jwe yon wòl nan mete mak ki t ap pèmèt moun ki fidèl yo sove. Nan epòk pa nou an, mesye ki gen ti veso ki gen lank ladan l lan, yon lank sekretè yo konn genyen, reprezante Jezi Kris lè l “vini avèk glwa li” antanke Jij tout nasyon yo (Mat. 25:31-33). Nan sans sa a, Jezi ap vini pandan gwo tribilasyon an, apre destriksyon fo relijyon an. * Nan epòk enpòtan sa a, jis anvan Amagedon kòmanse, Jezi pral jije moun yo antanke mouton ak kabrit. L ap jije oswa l ap mete yon mak sou “gwo foul moun” nan antanke mouton, sa ki montre yo pral “resevwa lavi ki pap janm fini an”. (Rev. 7:9-14; Mat. 25:34-40, 46.) E moun ki fidèl Bondye chwazi pou al nan syèl yo? Yo pa bezwen resevwa yon mak k ap pèmèt yo sove nan Amagedon. Men, y ap resevwa dènye so a swa anvan yo mouri swa anvan gwo tribilasyon an kòmanse. Apre sa, anvan Amagedon kòmanse, sila yo ki toujou sou tè a ap mouri e y ap resisite pou y al viv nan syèl. — Rev. 7:1-3.

19. Kiyès k ap avèk Jezi lè l pral egzekite jijman Bondye sou sistèm sa a? (Gade kare ki gen tit “Plenn ak jemi, mete mak, kraze brize — Ki lè e ki jan?”)

19 Jezi Kris, antanke Wa k ap dirije nan syèl la, ak lame l yo pral egzekite jijman Bondye sou sistèm sa a. Nan vizyon Ezekyèl la, se apre mesye ki gen rad len sou li a te fin fè travay mete mak la sis mesye ki te gen zam nan men yo pou yo kraze brize yo te kòmanse destriksyon an (Eze. 9:4-7). Menm jan an tou, destriksyon k ap pwoche a ap kòmanse apre Jezi fin jije moun yo nan tout nasyon yo epi apre l fin mete mak k ap pèmèt mouton yo sove yo. Apre sa, pandan gè Amagedon an, Jezi pral pran latèt nan dirije lame ki pral egzekite jijman Bondye yo, sa gen ladan l zanj yo ak 144 000 moun ki pral dirije avè l yo. Y ap jije monn mechan sa a, y ap detwi l nèt e y ap delivre moun k ap adore Bondye fidèlman yo pou fè yo antre nan yon monn nouvo ki jis. — Rev. 16:14-16; 19:11-21.

20. Ki leson ki ban nou asirans nou aprann nan vizyon Ezekyèl te fè konsènan mesye ki te gen ti veso ki gen lank ladan l lan, yon lank sekretè yo konn genyen?

20 Se pa ti kontan nou kontan pou leson ki ban nou asirans nou aprann nan vizyon Ezekyèl te fè konsènan mesye ki te gen ti veso ki gen lank ladan l lan! Nou ka gen yon konfyans total Jewova pap detwi moun ki jis ansanm ak moun ki mechan (Sòm 97:10). Nou konnen sa nou dwe fè depi kounye a pou n ka resevwa mak k ap pèmèt nou sove pi devan an. Antanke moun k ap adore Jewova, nou detèmine pou n preche bon nouvèl la otank posib e pou n avèti moun k ap plenn e k ap jemi akoz mechanste k ap fèt nan monn Satan an. Konsa, nou ka gen privilèj ede moun ki nan “bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an” vin jwenn nou nan vrè adorasyon an, yo ka vin nan pozisyon pou yo resevwa mak k ap pèmèt yo sove a e k ap pèmèt yo antre nan monn nouvo Bondye a ki jis. — Tra. 13:48.

^ § 1 Yo egzamine vizyon Ezekyèl te fè konsènan bagay ki bay degoutans k ap fèt nan tanp lan nan chapit 5 liv sa a.

^ § 13 Selon sa yon liv referans fè konnen, mo ebre lè yo tradui l yo met “peche” pou li a kapab bay ide “pèvèti”. Gen yon lòt liv referans ki fè konnen mo sa a “gen lontan depi relijyon ap itilize l, yo prèske toujou sèvi avè l pou pale de yon moun ki koupab oswa ki fè sa k mal devan Bondye”.

^ § 18 Sanble destriksyon Gran Babilòn nan pap vle di tout moun ki fè pati fo relijyon ap mouri. Lè sa a, menm kèk chèf relijye ka kite fo relijyon e yo ka fè konnen yo pa t janm fè pati l. — Zak. 13:3-6.