Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 21

“Y ap rele vil la: Jewova la”

“Y ap rele vil la: Jewova la”

EZEKYÈL 48:35

IDE KLE: Siyifikasyon vil la genyen ak pòsyon tè yo met apa a.

1, 2. a) Ki pòsyon tè espesyal yo te dwe mete apa? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.) b) Ki garanti vizyon an bay moun ki ann egzil yo?

 NAN dènye vizyon Ezekyèl la, li aprann gen yon pòsyon tè yo te dwe met apa pou yon rezon espesyal. Yo pa t met pòsyon sa a apa kòm yon eritaj pou tribi Izrayèl yo, men yo te mete l apa pou Jewova. Ezekyèl te aprann tou gen yon vil estrawòdinè ki gen yon non ki enteresan. Pati sa a nan vizyon an te bay moun ki ann egzil yo yon asirans ki gen anpil enpòtans: Jewova ap avèk yo lè yo tounen nan peyi yo, yon peyi yo renmen anpil.

2 Ezekyèl ban nou plis detay sou pòsyon tè yo mete apa a. Ann egzamine vizyon sa a ki chaje ak leson pou nou antanke vrè adoratè Jewova.

“Pòsyon tè ki sakre a [...] ansanm ak [...] vil la”

3. Bay senk pati tè yo met apa pou Jewova a genyen, e ki wòl yo chak? (Gade kare ki gen tit “N ap met yon pòsyon tè apa” a.)

3 Pòsyon tè espesyal sa a te mezire 25 000 koude (13 kilomèt) soti nan nò rive nan sid epi 25 000 koude soti nan lès rive nan lwès. Yo te rele moso tè sa a ki gen fòm kare “tout pòsyon tè” a. Yo te separe l an twa pati nan sans orizontal. Pòsyon tè ki te pa anlè a te pou Levit yo, sa ki te nan mitan an te pou tanp lan ak prèt yo. Se de pòsyon sa yo ki te “pòsyon tè ki sakre a”. Pòsyon ki te pi piti a e ki te pa anba a, oswa “moso tè ki rete” a, te “pou vil la”. — Eze. 48:15, 20.

4. Ki leson nou ka aprann konsènan mete yon moso tè apa pou Jewova a?

4 Ki leson nou ka aprann nan vizyon sa a konsènan pòsyon tè yo met apa pou Jewova a? Lefètke yo te mete pòsyon tè sa a apa an premye e yo te mete tè pou tribi yo annapre, Jewova montre yo te dwe bay pòsyon tè sa a ki nan peyi a plis enpòtans (Eze. 45:1). Pa gen dout, yo te separe tè a selon enpòtans chak moso genyen e moun ki te ann egzil yo te aprann anpil bagay nan sa. Yo te bezwen bay adorasyon Jewova a premye plas nan lavi yo. Menm jan an tou, jodi a, nou bay aktivite espirityèl yo, tankou etidye Pawòl Bondye a, asiste reyinyon yo ak patisipe nan travay predikasyon an, plis enpòtans. Lè n imite Jewova nan fason nou fikse bon priyorite yo, n ap santre lavi n ap mennen chak jou sou adorasyon n ap ba li a.

“Vil la ap nan mitan moso tè sa a”

5, 6. a) Pou kiyès vil la ye? b) Ki sa vil la pa reprezante, e sa k fè nou di sa?

5 Li Ezekyèl 48:15. Ki sa “vil la” ak sa ki te toutotou l te reprezante (Eze. 48:16-18)? Men sa Jewova te di Ezekyèl nan vizyon an: “Pòsyon tè [ki pou vil la] ap pou pèp Izrayèl la.” (Eze. 45:6, 7). Konsa, ni vil la ni sa k te toutotou l pa t fè pati pòsyon tè yo te gen pou met “apa pou Jewova” a (Eze. 48:9). Pandan n ap kenbe diferans sa a nan lespri nou, annou wè leson nou ka aprann jodi a nan fason vil sa a te òganize.

6 Pou n rive wè ki leson nou ka aprann konsènan vil sa a, premye bagay nou bezwen fè se chèche konprann ki sa vil la pa ka reprezante. Li pa ka reprezante vil Jerizalèm yo te rebati a ak tanp lan. Sa k fè sa? Se paske vil Ezekyèl te wè nan vizyon an pa t gen tanp ladan l. Epitou, vil la pa t reprezante okenn lòt vil nan peyi Izrayèl Bondye te retabli a. Sa k fè sa? Se paske ni Juif ki te sot ann egzil yo ni desandan yo pa t janm konstwi yon vil ki te gen detay ki nan vizyon an. Mete sou sa, vil la pa t reprezante yon vil nan syèl la. Sa k fè sa? Se paske yo te bati l sou yon tè ki nòmal, tè a pa t sakre, li te diferan ak tè yo te mete apa pou adorasyon an. — Eze. 42:20.

7. Ki vil Ezekyèl te wè a, e petèt, ki sa li reprezante? (Gade foto ki nan kòmansman chapit la.)

7 Nan ka sa a, ki vil Ezekyèl te wè a? Pa bliye, li te wè vil la nan menm vizyon kote li te wè peyi a (Eze. 40:2; 45:1, 6). Pawòl Bondye a montre peyi sa a se yon peyi espirityèl, donk, vil la dwe reprezante yon vil espirityèl. An jeneral, ki sans mo “vil” la genyen? Mo sa a bay ide moun k ap viv ansanm antanke gwoup e ki byen òganize. Donk, sanble vil ki byen òganize Ezekyèl te wè a, yon vil yo te bati sou yon tè ki kare, reprezante yon administrasyon ki byen òganize.

8. Jis ki kote pouvwa administrasyon sa a rive, e sa k fè nou di sa?

8 Jis ki kote pouvwa administrasyon sa a rive? Vizyon Ezekyèl la montre vil sa a ap fonksyone anndan peyi espirityèl la. Kidonk, jodi a, administrasyon an ap fonksyone anndan paradi espirityèl la, e l ap dirije aktivite pèp Bondye a. Kounye a, lefètke vil la pa nan yon pòsyon tè ki sakre, ki sa sa montre? Sa fè nou sonje vil la pa reprezante yon administrasyon nan syèl la, men l reprezante yon administrasyon sou tè a k ap travay pou byen tout moun ki fè pati paradi espirityèl la.

9. a) Kiyès ki fè pati administrasyon sa a ki sou tè a jodi a? b) Ki sa Jezi pral fè pandan Rèy mil an an?

9 Kiyès ki fè pati administrasyon sa a ki sou tè a? Nan vizyon Ezekyèl la, yo pale de moun ki pran latèt nan dirije vil la antanke “chèf la”. (Eze. 45:7.) Li te yon siveyan pami pèp la, men li pa t ni prèt ni Levit. Chèf la fè nou panse sitou ak ansyen nan kongregasyon yo jodi a ki pa gen esperans pou y al viv nan syèl. Bèje espirityèl sa yo ki fè pati “lòt mouton” yo e ki gen sousi pou nou se moun ki gen imilite k ap travay sou tè a pou Gouvènman Kris la ki nan syèl la (Jan 10:16). Pandan Rèy mil an an, Jezi pral chwazi yon seri ansyen ki kalifye e l pral nome yo “prens sou tout tè a”. (Sòm 45:16.) Anba direksyon Wayòm nan ki nan syèl la, ansyen sa yo pral pran swen pèp Bondye a pandan Rèy mil an an.

“Jewova la”

10. Ki non vil la, e ki garanti sa bay?

10 Li Ezekyèl 48:35. Non vil la se “Jewova la”. Non sa a bay garanti moun ap rann yo kont Jewova nan vil la. Lefètke Jewova montre Ezekyèl vil sa a ki nan mitan peyi a, se yon fason pou l di moun ki ann egzil yo: ‘M ap avèk nou ankò!’ Se yon garanti ki vrèman ankourajan!

11. Ki leson nou ka aprann nan vizyon Ezekyèl te fè konsènan vil la ak non vil sa a ki gen anpil sans?

11 Ki leson nou ka aprann nan pati sa a nan pwofesi Ezekyèl la? Non vil la ban nou garanti antanke sèvitè Bondye jodi a, Jewova pami sèvitè l yo ki fidèl sou tè a depi kounye a e l ap toujou avèk yo. Non sa a ki gen anpil sans mete aksan tou sou yon verite ki enpòtan: Vil la pa egziste pou se yon moun ki dirije l, men li egziste pou yo dirije l nan fason Jewova vle l la, sa vle di yon fason ki demontre lanmou e ki rezonab. Pa egzanp, fason Jewova atann pou administrasyon an separe tè a se pa fason lèzòm t ap separe l. Men pito, se Jewova li menm ki fè separasyon an oswa ki bay sèvitè l yo, san wete “malere” yo, plas pa yo nan paradi espirityèl la e li atann pou moun ki fè pati administrasyon an respekte plas chak moun nan paradi espirityèl la. — Pwo. 19:17; Eze. 46:18; 48:29.

12. a) Bay yon detay ki estrawòdinè konsènan vil la, e ki sa detay sa a montre? b) Ki rapèl enpòtan vizyon an bay siveyan yo?

12 Ki lòt detay enteresan ki gen nan vil ki rele “Jewova la” a? Nan tan lontan, vil yo te konn gen miray pou pwoteje yo e yo pa t konn gen anpil pòtay, men vil sa a li menm li gen 12 pòtay (Eze. 48:30-34). Tout kantite pòtay sa yo (twa sou chak bò vil sa a ki gen fòm kare) montre moun ki fè pati administrasyon vil la se moun ki abòdab e ki disponib pou tout sèvitè Bondye yo. Mete sou sa, lefètke vil la gen 12 pòtay sa montre tout moun nan “pèp Izrayèl la” te kapab antre ladan l (Eze. 45:6). Lefètke vil la gen tout pòtay sa yo ki fè l fasil pou moun antre ladan l se yon rapèl enpòtan pou siveyan kretyen yo. Jewova vle pou yo abòdab, pou l fasil pou moun pale avèk yo e pou yo disponib pou tout moun k ap viv nan paradi espirityèl la.

Siveyan yo se moun ki abòdab e ki disponib. (Gade paragraf 12)

Pèp Bondye a “antre pou yo adore” e pou yo “sèvi nan vil la”

13. Ki sa Jewova te fè konnen konsènan diferan sèvis moun t ap gen pou fè?

13 Ann tounen nan epòk Ezekyèl la epi ann chèche wè ki lòt detay li te ekri nan vizyon byen long li te fè konsènan separasyon peyi a. Jewova pale de moun k ap patisipe nan diferan kalite sèvis. Prèt yo, “yo menm k ap sèvi nan tanp lan”, te gen pou yo fè sakrifis e pou yo pwoche devan Jewova pou yo sèvi l. Levit yo, ki t ap “sèvi nan tanp lan”, te gen pou “fè sèvis yo ladan l e pou yo fè tout travay ki dwe fèt ladan l”. (Eze. 44:14-16; 45:4, 5.) Mete sou sa, te gen moun ki te dwe travay toupre vil la. Kiyès moun sa yo te ye?

14. Ki sa moun k ap travay toupre vil la fè nou sonje?

14 Moun k ap travay toupre vil la te soti nan “tout tribi Izrayèl yo”. Yo te la pou ede moun nan vil la. Travay yo se te fè jaden, epi sa yo rekòlte yo, se “moun k ap sèvi nan vil la [ki te] manje yo”. (Eze. 48:18, 19.) Èske dispozisyon sa a pa fè nou sonje yon posiblite nou genyen jodi a? Wi. Jodi a, tout moun ki abite nan paradi espirityèl la gen posiblite soutni travay frè Kris yo ap fè ak travay moun ki fè pati “gwo foul” la Jewova nome pou pran latèt yo (Rev. 7:9, 10). Youn nan pi gwo fason nou ka bay èd nou se lè nou suiv direksyon esklav fidèl la bay ak tout kè nou.

15, 16. a) Ki lòt detay nou ka wè nan vizyon Ezekyèl la? b) Nan ki aktivite ki sanble ak sa ki nan vizyon an nou gen posiblite patisipe?

15 Vizyon Ezekyèl la gen yon lòt detay ladan l ki aprann nou yon leson anrapò ak travay predikasyon nou an. Ki detay sa a? Jewova fè konnen gen moun nan 12 tribi yo ki pa Levit ki t ap aktif de kote: nan lakou tanp lan ak nan jaden vil la. Ki sa y ap fè kote sa yo? Tout tribi yo “antre” nan lakou tanp lan “pou yo adore” lè yo ofri Jewova sakrifis (Eze. 46:9, 24). Moun tout tribi yo vin soutni vil la lè yo fè jaden ladan l. Ki sa nou ka aprann nan egzanp moun sa yo k ap travay la?

16 Jodi a, moun ki fè pati gwo foul la gen posiblite pou yo patisipe nan aktivite ki sanble ak sa ki t ap fèt nan vizyon Ezekyèl la. Yo adore Jewova “nan tanp li an” lè yo fè louwanj pou li kòm sakrifis (Rev. 7:9-15). Yo fè louwanj pou li lè yo patisipe nan travay predikasyon an, lè yo fè kòmantè ak lè yo chante nan reyinyon yo. Yo konsidere fason sa a yo adore Jewova a kòm pi gwo responsablite yo genyen (1 Kwo. 16:29). Mete sou sa, gen anpil moun pami pèp Bondye a ki gen posiblite soutni òganizasyon Bondye a plizyè lòt fason. Pa egzanp, yo bay èd yo nan konstriksyon Sal Wayòm yo ak filyal yo, yo pran swen yo, e yo ede nan anpil lòt pwojè òganizasyon Jewova a met sou pye. Gen lòt tou ki soutni pwojè sa yo lè yo bay kòb. Nan yon sans, se kòmsi se travay yo travay tè a “pou glwa Bondye”. (1 Kor. 10:31.) Yo chofe pou yo fè travay yo ba yo e yo fè sa ak kè kontan paske yo konnen “se nan sakrifis sa yo Bondye pran plezi”. (Ebre 13:16.) Èske w byen pwofite tout posiblite sa yo?

Ki leson nou ka aprann nan sa Ezekyèl te di konsènan diferan aktivite k ap fèt nan vil la ak bò pòtay vil la? (Gade paragraf 14-16)

“N ap tann yon syèl tounèf ak yon tè tounèf”

17. a) Ki pi gwo akonplisman vizyon Ezekyèl la ap genyen pi devan? b) Pandan Rèy mil an an, kiyès ki pral jwenn byenfè pa mwayen administrasyon an?

17 Èske vizyon Ezekyèl te fè konsènan separasyon an ap gen yon pi gwo akonplisman pi devan? Wi! Ann fè yon ti reflechi: Ezekyèl te wè pòsyon tè ki sakre a nan mitan peyi a (Eze. 48:10). Menm jan an tou, apre Amagedon, Jewova ap avèk nou kèlkeswa kote n ap viv sou tè a (Rev. 21:3). Pandan Rèy mil an an, administrasyon vil la, sa vle di moun sou tè a Bondye ap nome pou pran swen pèp li a, pral gen otorite sou tout tè a. Yo pral dirije tout moun ki fè pati “tè tounèf” la, anpalan de moun ki pral gen favè Bondye yo e y ap fè sa yon fason ki demontre lanmou. — 2 Pyè 3:13.

18. a) Sa k fè nou ka gen asirans administrasyon an pral aji ann amoni ak fason Bondye dirije? b) Ki bonjan asirans non vil la ban nou?

18 Sa k fè nou ka gen asirans administrasyon vil la pral aji ann amoni ak fason Bondye dirije? Se paske Pawòl Bondye a fè konnen aklè vil sa a ki sou tè a ki gen 12 pòtay sanble ak vil ki nan syèl la ki gen 12 pòtay, anpalan de Nouvo Jerizalèm nan, ki gen 144 000 moun ki pral dirije ak Kris yo ki fòme l (Rev. 21:2, 12, 21-27). Sa montre administrasyon sa a k ap sou tè a pral fè egzakteman sa Wayòm Bondye a ki nan syèl la vle l fè. Wi, non vil la ki se “Jewova la” bay nou chak asirans vrè adorasyon an ap kontinye egziste e l ap kontinye vin djanm nan Paradi a pou toutan. Ala yon bèl avni ki devan nou!