Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KARE REVIZYON 2A

Ann chèche konprann pwofesi Ezekyèl yo

Ann chèche konprann pwofesi Ezekyèl yo

KI SA YON PWOFESI YE?

Nan Bib la, vèb ebre lè yo tradui l yo met “pwofesi” pou li a se nava. Premye sans li genyen gen rapò ak bay yon mesaj ki soti nan Bondye, yon jijman, yon ansèyman anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal oubyen yon kòmandman Bondye bay. Se kapab tou yon deklarasyon Bondye fè sou yon bagay ki pral rive. Nan pwofesi Ezekyèl yo, Bondye te sèvi ak tout fason sa yo pou l fè moun konnen panse l. — Eze. 3:10, 11; 11:4-8; 14:6, 7; 37:9, 10; 38:1-4.

FASON L TE BAY PWOFESI YO

  • VIZYON

  • EGZANP

  • SÈN LI JWE

Liv Ezekyèl la gen vizyon, egzanp, parabòl e pafwa Ezekyèl te jwe sèn sou sa k pral rive nan pwofesi yo.

FASON PWOFESI YO AKONPLI

Pafwa, pwofesi Ezekyèl te bay yo te gen plizyè akonplisman. Pa egzanp, pwofesi li te bay ki gen rapò ak vrè adorasyon an ki t ap retabli a te akonpli lè pèp Bondye a te tounen nan Peyi Bondye te pwomèt yo a. Men, jan nou pral wè sa nan chapit 9 nan liv sa a, anpil nan pwofesi anrapò ak vrè adorasyon an ki retabli ap akonpli nan epòk nou an e y ap gen pou yo akonpli ankò alavni.

Anvan sa, gen anpil bagay nan pwofesi Ezekyèl yo nou te pran kòm baz pou nou pale de lonbray ak reyalite. Men, nan liv sa a nou pap pran okenn moun, okenn bagay, okenn kote oswa okenn evènman kòm lonbray yon reyalite k ap fèt jounen jodi a, sof si Bib la di sa aklè. * Okontrè, n ap pale sou pi gwo akonplisman anpil nan pwofesi Ezekyèl yo genyen. Epitou, n ap egzamine leson nou ka aprann nan mesaj Ezekyèl la ansanm ak sa nou aprann nan egzanp moun li pale de yo, sou kote ak evènman li pale de yo.

^ § 12 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou lonbray ak reyalite, gade Toudegad 15 mas 2015, p. 9-11 § 7-12 ak “Kesyon lektè yo poze”, p. 17-18 nan menm Toudegad la.