Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KARE REVIZYON 4A

“M t ap gade kreyati vivan yo”

“M t ap gade kreyati vivan yo”

Se sèten Ezekyèl te konn wè gwo estati towo bèf ki gen zèl ak lyon ki gen tèt moun yo te mete kòm gadyen devan palè yo ak tanp yo. Nan tan lontan, moun te konn wè estati sa yo nan peyi Asiri ak nan peyi Babilòn. Menm jan ak tout moun ki te konn wè estati sa yo, siman Ezekyèl te konn sezi wè kreyati estrawòdinè sa yo, e gen kèk nan estati sa yo ki te prèske mezire 6 mèt wotè. Sepandan, kèlkeswa jan estati sa yo te parèt pisan, yo pa t gen vi nan yo paske se ak wòch yo te fè yo.

Yon lòt bò, kat kreyati Ezekyèl te wè nan vizyon an se te “kreyati vivan”. Ala yon gwo diferans sa ye! Sa Ezekyèl te wè yo te tèlman gen efè sou li sa te fè l sèvi ak ekspresyon “kreyati vivan” an 12 fwa nan entwodiksyon pwofesi l la (Eze. 1:5-22). Se sèten, vizyon konsènan kat kreyati vivan yo k ap deplase ansanm nan menm direksyon anba twòn Bondye a te bay Ezekyèl bonjan konviksyon Jewova gen kontwòl tout kreyasyon an. Jodi a, menm vizyon sa a fè n wè aklè jan Jewova gran ak jan l gen pisans, e l fè n wè jan dwa l genyen pou l dirije a se yon bagay ki estrawòdinè. — 1 Kwo. 29:11.