Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KARE REVIZYON 6A

“Kale tèt ou epi grate bab ou”

“Kale tèt ou epi grate bab ou”

Ezekyèl te jwe sèn sou yon seri evènman ki t apral rive nan Jerizalèm.

  • “Kale tèt”

    Yo t ap atake Juif yo e yo t ap detwi yo.

  • “Peze cheve yo, e apre sa, fè yo fè twa pòsyon ki egal”

    Jijman an t ap fèt nèt.

  • “Boule”

    Gen moun ki t ap mouri nan vil la.

  • “Frape”

    Gen moun yo t ap touye pa deyò vil la.

  • “Gaye”

    Gen moun ki t ap chape, men yo pa t ap anpè.

  • “Vlope”

    Gen moun ki ann egzil ki t ap tounen Jerizalèm, epi vrè adorasyon an t ap kontinye egziste.