Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KARE REVIZYON 7A

Nasyon ki te ozalantou Jerizalèm yo

ozv. ane 650-300 anv. e. n.

Nasyon ki te ozalantou Jerizalèm yo

KWONOLOJI (TOUT ANE YO SE ANV. E. N.)

  1. 620: Babilòn kòmanse dirije Jerizalèm.

    Nebikadneza fè wa Jerizalèm nan vin tounen sèvitè l.

  2. 617: Se premye fwa Babilòn pran moun Jerizalèm kòm prizonye.

    Yo pran dirijan, sòlda vanyan ak atizan mennen Babilòn.

  3. 607: Babilòn detwi Jerizalèm.

    Yo boule ni vil la ni tanp lan.

  4. Apre 607: Pi gwo pati vil Ti a.

    Nebikadneza atake Ti pandan 13 an. Li pran pi gwo pati vil Ti a, men, vil ki sou zile a rete.

  5. 602: Amon ak Mowab.

    Nebikadneza anvayi Amon ak Mowab.

  6. 588: Babilòn pran Ejip.

    Sou 37yèm ane apre Nebikadneza kòmanse dirije, li pran Ejip.

  7. 332: Vil Ti ki sou zile a.

    Lame grèk Aleksann Legran ap kòmande a detwi vil Ti ki sou zile a.

  8. 332 oswa anvan sa: Filisti.

    Aleksann pran vil Gaza, kapital peyi Filisti.

Locations on the Map

  • LAGRÈS

  • GWO LANMÈ A

  • (LANMÈ MEDITERANE)

  • TI

  • Sidon

  • Ti

  • Samari

  • Jerizalèm

  • Gaza

  • FILISTI

  • EJIP

  • BABILÒN

  • AMON

  • MOWAB

  • EDÒM