Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kongrè ki te fèt nan ane 1919 la te bay bonjan prèv pèp Bondye a te resi libere sot nan Gran Babilòn nan.

KARE REVIZYON 9B

Poukisa nou di 1919?

Poukisa nou di 1919?

Poukisa nou di pèp Bondye a te libere sot nan Gran Babilòn nan an 1919? Se pwofesi ki nan Bib la ak yon seri evènman nan listwa ki fè n di sa.

Pwofesi ki nan Bib la ak yon seri evènman nan listwa montre yon fason klè Jezi te kòmanse dirije nan syèl la antanke Wa nan ane 1914, sa ki montre dènye jou sistèm Satan ap dirije sou tè a te kòmanse. Ki sa Jezi te fè lè l te vin Wa? Èske l te libere sèvitè Bondye ki sou tè a sot nan Gran Babilòn nan tousuit? Èske l te nome “esklav fidèl ki prevwayan an” an 1914 e l te kòmanse gwo travay rekòt la? — Mat. 24:45.

Repons de dènye kesyon yo se non. Sonje, Bondye te enspire apot Pyè pou l fè konnen jijman an t ap “kòmanse nan kay Bondye a”. (1 Pyè 4:17.) Nan menm sans lan, pwofèt Malachi te fè konnen gen yon lè k ap rive Jewova ap vini nan kay kote yo adore L la ansanm ak “Mesaje alyans lan”, anpalan de Pitit li a (Mal. 3:1-5). Epòk sa a se t ap yon epòk kote pèp Bondye a t ap vin pi bon e l t ap jwenn eprèv. Èske listwa ann amoni ak sa pwofesi yo te anonse?

Wi, san mank! Peryòd soti 1914 rive nan kòmansman 1919 se yon peryòd ki te difisil pou Etidyan Labib yo, jan yo te rele Temwen Jewova yo nan epòk la, paske yo te jwenn eprèv e Bondye t ap rafine yo. An 1914, anpil moun pami pèp Bondye a ki sou tè a te desi paske sistèm nan pa t rive nan bout li jan yo te panse a. Nan ane 1916, yo te vin pi desi toujou lè Charles T. Russell te mouri, li menm ki te pran latèt pami pèp Bondye a. Gen kèk moun ki te twò atache ak frè Russell ki te opoze anpil ak frè Joseph F. Rutherford, ki te ranplase frè Russell alatèt òganizasyon an. Te vin gen divizyon nan òganizasyon an e sa te fè l prèske kraze an 1917. Apre sa, an 1918, chèf relijye yo te fè arete frè Rutherford ak sèt nan frè ki te avè l yo, yo te jije yo, yo te kondane yo sou baz fo akizasyon e yo te mete yo nan prizon. Yo te fèmen Syèj mondyal la ki te Bwouklin. Li klè, pèp Bondye a potko libere sot nan Gran Babilòn nan!

Men, ki sa k te rive nan ane 1919? Ebyen, sitiyasyon an te vin chanje nan yon bat je! Nan kòmansman ane a, yo te lage frè Rutherford ak lòt frè ki te avè l yo. Yo te tounen travay tousuit! Nan yon tikras tan, yo te planifye yon kongrè e yo te sou wout pou yo soti yon nouvo jounal, Epòk annò a (ki rele Reveye n! kounye a). Yo te fè nouvo jounal la pou yo bay nan predikasyon. Mete sou sa, yo te nome yon siveyan nan chak kongregasyon pou òganize travay predikasyon an e pou fè l avanse. Nan menm ane sa a, yo te pibliye Bilten an (kounye a li rele Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri) pou ede frè yo òganize travay predikasyon an.

Ki sa k te pase menm? Li klè, Kris te libere pèp Bondye a sot nan Gran Babilòn nan. Li te nome esklav fidèl ki prevwayan an. Travay rekòt la te kòmanse. Depi ane 1919, yon ane ki enpòtan anpil, travay la ap vanse nan yon nivo ki vrèman estrawòdinè.