Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KARE REVIZYON 10C

Nou jwenn èd pou n kanpe sou de pye nou

Nou jwenn èd pou n kanpe sou de pye nou

NOU ka jwenn fòs lè n reflechi sou leson nou aprann nan kokenn vizyon ki nan Ezekyèl 37:1-14 la, yon leson ki kapab itil nou nan lavi nou. Ki leson?

Pafwa, nou ka santi presyon ak eprèv nou jwenn nan lavi a tèlman twòp pou nou nou santi n about e se gwo efò n ap fè pou n kenbe. Men, nan moman sa yo, nou ka jwenn fòs si nou reflechi sou kokenn vizyon Ezekyèl te fè konsènan pèp la ki t ap gen pou tounen nan peyi yo. Sa k fè sa? Pwofesi sa a ede n konprann si Bondye gen pouvwa pou l fè zo ki mouri tounen gen lavi, se sèten li ka ban nou fòs nou bezwen pou n fè fas ak kèlkeswa pwoblèm nan, menm pwoblèm lèzòm panse ki pa gen solisyon. — Li Sòm 18:29; Flp. 4:13.

Nou ka sonje kèk syèk anvan epòk Ezekyèl la, pwofèt Moyiz te fè konnen nonsèlman Jewova gen pouvwa pou l sèvi ak fòs li pou l ede pèp Li a, men tou, li vle fè sa. Men sa Moyiz te ekri: “Bondye se yon refij pou nou depi lontan, l ap soutni nou ak bra l ki la pou toutan.” (Det. 33:27). Wi, nou kapab gen asirans si nou chèche Jewova nan moman tètchaje nou yo, l ap soutni nou ak bra l avèk tandrès e l ap ede nou kanpe sou de pye nou. — Eze. 37:10.