Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KARE REVIZYON 15A

Sè ki pwostitye yo

Sè ki pwostitye yo

Nan Ezekyèl chapit 23, nou jwenn yon mesaj kondanasyon ki tris konsènan pèp Bondye a paske yo pa t fidèl. Nan anpil sans, chapit sa a sanble ak chapit 16 la. Menm jan ak mesaj ki nan chapit sa a, chapit 23 a sèvi ak egzanp yon pwostitye. Yo fè konnen Jerizalèm se ti sè Samari. Toule de chapit yo montre ki jan ti sè a te vin ap suiv gran sè a nan fè pwostitisyon, men annapre, ti sè a te vin fè plis mechanste ak imoralite pase gran sè a. Nan chapit 23 a, Jewova bay non de sè sa yo: Owola se pi gran sè a, li reprezante Samari ki se kapital wayòm dis tribi Izrayèl la. Owoliba se ti sè a, li reprezante Jerizalèm ki se kapital Jida. * — Eze. 23:1-4.

Gen lòt resanblans ankò ant de chapit yo. Petèt, men pi gwo resanblans ki genyen yo: Pwostitye yo te madanm Jewova okòmansman, men yo te vin trayi l. Epitou, gen yon pwomès ki bay espwa. Chapit 23 a pa bay anpil detay sou espwa pou yo chape, men l sanble ak chapit 16 la kote Jewova di: “M ap met yon bout nan bagay sal w ap fè yo, m ap fè w sispann fè pwostitisyon.” — Eze. 16:16, 20, 21, 37, 38, 41, 42; 23:4, 11, 22, 23, 27, 37.

Èske yo reprezante relijyon ki di yo se kretyen yo?

Anvan sa, piblikasyon nou yo te fè konnen de sè yo, anpalan de Owola ak Owoliba, se lonbray ki te anonse relijyon ki di yo se kretyen yo, sitou de pati prensipal li yo ki se Katolik ak Potestan. Sepandan, apre bonjan refleksyon, lapriyè ak rechèch, sa vin soulve kèk kesyon enpòtan. Èske relijyon ki di yo se kretyen yo te janm madanm Jewova nan yon sans? Èske Jewova te janm fè yon alyans avèk yo? Jamè. Relijyon ki di yo se kretyen yo potko menm egziste lè Jezi te sèvi kòm medyatè “nouvo alyans” li te fè ak Izrayèl espirityèl la, nitou relijyon ki di yo se kretyen yo pa t janm fè pati nasyon espirityèl sa a ki fòme ak kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la (Jer. 31:31; Lik 22:20). Se apre lanmò apot yo relijyon ki di yo se kretyen yo te vin parèt. Li te kòmanse egziste nan katriyèm syèk epòk nou an antanke yon òganizasyon ki kòwonpi ki fòme ak “move zèb”, oswa fo kretyen, Jezi te pale de yo nan pwofesi li te bay konsènan ble a ak move zèb yo. — Mat. 13:24-30.

Men yon lòt gwo diferans ankò: Jewova te bay Jerizalèm ak Samari ki pa t fidèl espwa l ap padone yo (Eze. 16:41, 42, 53-55). Èske Bib la bay yon espwa konsa pou relijyon ki di yo se kretyen yo? Non! Menm jan ak rès Gran Babilòn nan, yo pa gen okenn espwa.

Kidonk, Owola ak Owoliba pa lonbray ki te anonse relijyon ki di yo se kretyen yo. Sepandan, egzistans yo ede n konprann yon bagay ki pi enpòtan toujou: fason Jewova santi l konsènan moun ki mal reprezante non l ki sen ak prensip li bay konsènan vrè adorasyon an. Relijyon ki di yo se kretyen yo koupab anpil nan sans sa a paske yo fè konnen yo reprezante Bondye Bib la pale de li a. Sa k pi rèd la, yo fè konnen Jezi Kris, Pitit Gason Jewova renmen anpil la, se chèf yo. Sepandan, yo demanti tèt yo lè yo prezante Jezi antanke yon dye ki fè pati yon Trinite ak lè yo dezobeyi kòmandman byen klè li bay pou yo “pa fè pati monn nan”. (Jan 15:19.) Piske l toujou mele nan idolatri ak nan politik, li bay prèv ki montre li reprezante yon bon pati nan “gwo pwostitye” a (Rev. 17:1). Pa gen dout, li dwe sibi menm konsekans ak fo relijyon yo ki nan monn nan!

^ § 3 Non sa yo gen anpil enpòtans. Owola vle di “Tant [kote] li [adore]”. Se sèten, sa fè referans ak aksyon Izrayèl te fè lè l te tabli pwòp kote pa l pou l adore olye l te sèvi ak tanp Jewova a ki nan Jerizalèm. Yon lòt bò, Owoliba vle di “Tant [kote] mwen [adore a] nan li”. Se nan Jerizalèm kay kote moun te konn vin adore Jewova a te ye.