Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 6

Aplike vèsè yo yon fason ki klè

Aplike vèsè yo yon fason ki klè

Jan 10:33-36.

SA POU W FÈ: Pa annik li yon vèsè epi w pase nan lòt pwen an. Asire w moun k ap koute w yo byen wè rapò ki genyen ant vèsè w li a ak pwen w ap egzamine a.

FASON POU W FÈ SA:

  • Fè mo kle yo parèt. Apre w fin li yon vèsè, met aksan sou mo ki gen yon rapò dirèk ak pwen prensipal ki nan sijè w la. Ou ka fè sa lè w repete mo sa yo oswa lè w poze yon kesyon pou w pouse moun k ap koute w yo idantifye mo kle yo.

  • Fè pwen an parèt klè. Si w gen yon bon rezon pou w li yon vèsè, esplike ki jan mo kle ki nan vèsè a soutni rezon sa a.

  • Fè yon aplikasyon ki senp. Evite pale sou yon seri detay ki pa gen rapò ak pwen prensipal la. Selon sa moun k ap koute w yo deja konnen sou sijè a, chèche wè ki kantite detay ki nesesè pou w fè pwen ki nan aplikasyon w ap fè a parèt klè pou yo e pou yo konprann li.