Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 12

Pale ak tout kè w epi mete w nan plas moun yo

Pale ak tout kè w epi mete w nan plas moun yo

1 Tesalonisyen 2:7, 8.

SA POU W FÈ: Pale ak bonjan santiman epi montre moun k ap koute w yo ou gen sousi pou yo.

FASON POU W FÈ SA:

  • Panse ak moun k ap koute w yo. Prepare kè w lè w sonje pwoblèm moun yo ap rankontre. Eseye imajine ki jan yo santi yo.

  • Byen chwazi mo w ap itilize yo. Chèche ankouraje, rekonfòte epi chofe moun k ap koute w yo. Evite di bagay ki pa nesesè pou w pa ofanse moun yo, epi pa di move pawòl sou moun ki pa kwayan yo oswa sou bagay yo kwè ak tout kè yo.

  • Montre w gen sousi pou moun yo. Montre moun k ap koute w yo ou gen bonjan sousi pou yo lè w pale ak yon ton vwa ki demontre jantiyès ak lè w fè jès ki apwopriye. Sonje pou w demontre santiman sou vizaj ou, souri tanzantan.