Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 13

Montre moun yo aklè ki jan sa yo aprann nan ap itil yo

Montre moun yo aklè ki jan sa yo aprann nan ap itil yo

Pwovèb 3:21.

SA POU W FÈ: Ede moun k ap koute w yo konprann ki efè sijè w ap prezante a gen sou lavi yo, epi montre yo ki sa pou yo fè ak sa yo aprann nan.

FASON POU W FÈ SA:

  • Panse ak moun k ap koute w yo. Reflechi sou rezon ki fè moun k ap koute w yo bezwen tande enfòmasyon w ap prezante a, epi chèche wè ki pati nan sijè a k ap sitou ede yo.

  • Toutpandan w ap fè prezantasyon w lan, montre moun yo sa pou yo fè. Depi lè w fèk kòmanse, chak moun k ap koute w dwe di tèt yo: ‘Sa konsène m.’ Toutpandan w ap devlope chak pwen prensipal, montre moun yo ki jan pou yo aplike pwen an. Evite pale yon fason ki vag.