LESON 20
Fè yon bon konklizyon
Eklezyas 12:13, 14.
SA POU W FÈ: Nan dènye pawòl w ap di yo, chofe moun k ap koute w yo pou yo aksepte sa yo aprann yo e pou yo aplike yo.
FASON POU W FÈ SA:
-
Konekte konklizyon w lan ak sijè w sot prezante a. Repete pwen prensipal yo ak tèm nan ankò oswa di yo yon lòt fason.
-
Ankouraje moun k ap koute w yo. Montre moun k ap koute w yo sa pou yo fè ak rezon ki fè yo dwe fè sa. Pale ak tout kè w e avèk konviksyon.
-
Fè yon konklizyon ki senp e ki kout. Pa ajoute lòt pwen prensipal. Pa sèvi ak anpil mo, e lè w ap fini, ankouraje moun yo pou yo aji.