Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 04

Kiyès Bondye ye?

Kiyès Bondye ye?

Depi lèzòm egziste, y ap adore anpil dye ak anpil deyès. Men, Bib la fè konnen gen yon Dye ki “gen plis glwa pase tout lòt dye yo”. (2 Kwonik 2:5.) Kiyès Dye sa a ye? E ki sa k fè l gen plis glwa pase tout lòt dye moun ap adore yo? Nan leson sa a, ou pral aprann kiyès Bondye di li ye.

1. Ki jan Bondye rele, e ki jan nou fè sèten li vle nou konn non l?

Bondye prezante tèt li ban nou nan Bib la. Li di: “Mwen se Jewova. Se non pa m.” ​(Li Ezayi 42:5, 8.) “Jewova” se fason yo tradui yon non ebre ki sanble vle di “Li fè vin tounen”. Jewova vle nou konn non l (Egzòd 3:15). Ki jan nou fè sèten li vle sa? Li mete non l plis pase 7000 fwa nan Bib la a! Jewova “se vrè Dye a ni nan syèl la ni sou tè a”. — Detewonòm 4:39.

2. Ki sa Bib la di nou sou Jewova?

Bib la fè konnen pami tout dye lèzòm ap adore yo, se Jewova ki sèl vrè Dye a. Sa k fè sa? Gen plizyè rezon ki fè sa. Jewova gen tout otorite, e se li menm sèl “ki nan pi gwo pozisyon an e ki gen pouvwa sou tout tè a”. (Li Sòm 83:18.) Li “Toupisan”, sa vle di li gen pouvwa pou l fè kèlkeswa sa l chwazi fè a. Se li menm ki “kreye tout bagay”, ni linivè ni tout sa k ap viv sou tè a (Revelasyon 4:8, 11). Jewova pa menm jan ak okenn lòt moun, paske l te toujou egziste e l ap egziste pou toutan. — Sòm 90:2.

FOUYE PLIS

Chèche konnen diferans ki genyen ant tit Bondye genyen yo ak non li. Apre sa, gade ki fason li fè w konn non l ak rezon ki fè l fè sa.

3. Bondye gen anpil tit, men li gen yon sèl non

Pou w ka wè diferans ki genyen ant tit yon moun genyen ak non li, gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

  • Ki diferans ki genyen ant yon tit tankou “seyè” ak yon non?

Bib la fè konnen moun adore anpil dye ak anpil seyè. Li Sòm 136:1-3, epi reponn kesyon sa a:

  • Kiyès ki “Dye ki anlè tout lòt dye yo” e ki “Seyè ki sou tèt tout lòt seyè yo”?

4. Jewova vle w konn non l e li vle w sèvi avè l

Ki sa k montre Jewova vle w konn non l? Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

  • Èske w panse Jewova vle moun konn non l? Poukisa?

Jewova vle moun sèvi ak non l. Li Women 10:13, epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  • Sa k fè l enpòtan pou nou sèvi ak non Bondye ki se Jewova?

  • Ki jan w santi w lè yon moun sonje non w epi l sèvi ak non w?

  • Ki jan w panse Jewova santi l lè w sèvi ak non l?

5. Jewova vle w pwoche pi pre l

Soten, yon dam ki moun Kanbòj, di li vin gen yon kè kontan li pa t janm gen anvan sa lè l te vin konnen non Bondye. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

  • Ki efè sa te gen sou Soten lè l te vin konn non Bondye?

An jeneral, ou chèche konn non yon moun anvan w vin zanmi l. Li Jak 4:8a, epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  • Ki sa Jewova envite w pou w fè?

  • Lè w chèche konn non Bondye epi w sèvi ak non l, ki jan sa fè w santi w pi pwòch avè l?

GEN MOUN KI DI: “Se yon sèl Bondye a ki genyen, donk, ou ka rele l jan w vle.”

  • Èske w kwè non Bondye se Jewova?

  • Ki jan w t ap ede yon moun konprann Bondye vle nou sèvi ak non l?

SA W TE APRANN

Sèl vrè Dye a rele Jewova. Li vle nou konnen non sa a, e li vle nou sèvi avè l pou n ka vin pwòch li.

Revizyon

  • Sa k fè Jewova diferan ak tout lòt dye moun yo ap adore yo?

  • Poukisa nou dwe sèvi ak non Bondye?

  • Ki sa k montre Jewova vle w vin pwòch avè l?

Objektif

APRANN PLIS

Gade senk rezon ki fè nou ka sèten Bondye egziste.

“Èske Bondye egziste?” (Atik sou Entènèt)

Gade sa k fè li lojik pou nou kwè Bondye te toujou egziste.

“Kiyès ki te fè Bondye?” (Toudegad, 1ye out 2014)

Gade pou w wè sa k fè nou dwe sèvi ak non Bondye menmsi nou pa konn ki jan yo te konn pwononse l nan tan lontan.

“Kiyès Jewova ye?” (Atik sou Entènèt)

Èske l enpòtan pou nou konn non Bondye? Ann wè sa k fè nou ka di se yon sèl non l genyen.

“Konbyen non Bondye genyen?” (Atik sou Entènèt)

a Pou w jwenn plis enfòmasyon sou siyifikasyon non Bondye e sou rezon ki fè yo pa mete l nan kèk tradiksyon Labib, gade Apendis A4 ki nan Labib — Tradiksyon monn nouvo a.