Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 07

Ki kalite moun Jewova ye?

Ki kalite moun Jewova ye?

Ki sa k vin nan lespri w lè w ap panse ak Jewova? Èske w imajine l kòm yon moun ki gen anpil glwa, men ki lwen w tankou zetwal yo? Oubyen, èske w imajine l kòm yon kout loray, ki gen anpil pisans, men ki pa gen okenn kalite? Ki jan Jewova ye toutbon? Jewova sèvi ak Pawòl li a Labib pou l fè nou konnen kèk nan kalite l yo e pou l fè nou konnen li enterese nan nou.

1. Poukisa nou pa kapab wè Bondye?

“Bondye se yon Espri.” (Jan 4:24). Jewova pa gen yon kò fizik menm jan avèk nou. Li se yon espri k ap viv nan syèl la, ki se yon kote nou pa kapab wè.

2. Bay kèk nan kalite Jewova genyen yo.

Byenke Jewova envizib, li se yon moun toutbon e li gen kalite ki fè moun ki konnen l yo renmen l. Bib la di: “Jewova renmen jistis e li pap lage moun ki fidèl ak li yo.” (Sòm 37:28). Mete sou sa, li “gen anpil konpasyon ak anpil mizèrikòd” sitou pou moun k ap soufri yo (Jak 5:11). “Jewova toupre moun kè yo ap fann, Li sove moun ki dekouraje yo.” (Sòm 34:18, nòt). Epi, èske w te konnen sa nou fè gen efè sou Jewova? Lè yon moun chwazi fè sa ki mal, sa fè l lapenn (Sòm 78:40, 41). Men, lè yon moun fè sa ki byen, sa fè kè l kontan. — Li Pwovèb 27:11.

3. Ki jan Jewova montre li renmen nou?

Pi bèl kalite Jewova genyen se lanmou. Anfèt, “Bondye se lanmou”. (1 Jan 4:8.) Jewova fè konnen lanmou li genyen nonsèlman pa mwayen Bib la, men tou pa mwayen bagay li kreye yo. (Li Travay 14:17.) Lè nou reflechi pa egzanp sou fason li kreye nou, nou wè li ban nou kapasite pou nou wè bèl koulè, pou nou tande bèl mizik e li ban nou posiblite pou nou pran gou bon manje. Li vle nou viv ak kè kontan.

FOUYE PLIS

Aprann ak ki sa Jewova sèvi pou l fè yon seri bagay ki estrawòdinè. Epi, gade ki jan Jewova fè n konnen bèl kalite li genyen yo.

4. Lespri sen se fòs Bondye itilize pou l aji

Jewova sèvi ak lespri sen l menm jan nou sèvi ak men nou pou nou travay. Bib la fè nou konnen lespri sen se pa yon moun, li se fòs Bondye itilize pou l fè sa l vle fè. Li Lik 11:13 ak Travay 2:17, epi reponn kesyon sa yo:

  • Bondye ap “vide” lespri sen l sou moun ki mande l li. Donk, èske w panse lespri sen se yon moun oubyen èske li se fòs Bondye itilize pou l aji? Poukisa se konsa w reponn?

Jewova sèvi ak lespri sen l pou l fè yon seri bagay estrawòdinè. Li Sòm 33:6 ak 2 Pyè 1:20, 21, epi reponn kesyon sa a:

  • Èske w ka bay kèk fason Jewova sèvi ak lespri sen l?

5. Jewova gen bèl kalite

Moyiz te yon sèvitè Bondye ki fidèl, men li te vle konn Kreyatè l la pi byen. Donk, Moyiz te di l: “Ede m konn chemen w yo pou m ka konnen w.” ​(Egzòd 33:13). Lè sa a, Jewova te fè Moyiz konnen ki kalite moun li ye. Li Egzòd 34:4-6, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki kalite moun Jewova te fè Moyiz konnen li ye?

  • Kiyès nan kalite Jewova genyen yo ou pi renmen?

6. Jewova sansib pou moun

Ebre yo, ki te pèp Jewova, te esklav ann Ejip. Ki jan Jewova te santi l lè pèp li a t ap soufri? Pase ANREJISTREMAN an epi suiv li, oswa li Egzòd 3:1-10 epi reponn kesyon ki vin apre yo.

  • Ki sa istwa sa a fè nou konnen sou fason Jewova santi l lè l wè lèzòm ap soufri? — Gade vèsè 7 ak 8.

  • Èske w panse Jewova vrèman vle ede lèzòm e èske w panse li kapab fè sa? Sa k fè se konsa w reponn?

7. Nou kapab wè kalite Jewova genyen yo nan sa l kreye yo

Jewova fè konnen kalite l yo pa mwayen bagay li kreye yo. Gade VIDEYO a. Apre sa, li Women 1:20, epi reponn kesyon ki vin apre a.

  • Ki kalite Jewova genyen ou wè nan bagay li kreye yo?

GEN MOUN KI DI: “Bondye pa yon moun, li se yon fòs ki tout kote.”

  • Sa w panse?

  • Poukisa se sa w panse?

SA W TE APRANN

Jewova se yon Espri ki gen anpil bèl kalite, sitou lanmou.

Revizyon

  • Poukisa nou pa ka wè Jewova?

  • Ki sa lespri sen ye?

  • Bay kèk nan kalite Jewova genyen yo.

Objektif

APRANN PLIS

Aprann konn Jewova pi byen lè w aprann kat nan kalite prensipal li genyen yo.

“Ki kalite moun Bondye ye?” (Toudegad no 1 2019)

Egzamine prèv ki montre Jewova pa tout kote.

“Èske Bondye toupatou?” (Atik sou Entènèt)

Gade rezon ki fè Bib la fè konnen lespri sen se men Bondye.

“Ki sa lespri sen an ye?” (Atik sou Entènèt)

Gen yon mesye ki avèg ki te gen difikilte pou l kwè Bondye enterese nan li. Gade pou w wè ki sa k te ede l chanje lide.

“Kounye a m santi m ka ede lòt moun” (Toudegad 1ye oktòb 2015)