Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 08

Ou kapab zanmi Jewova

Ou kapab zanmi Jewova

Jewova vle w konnen l pi byen. Poukisa? Paske plis w aprann konnen l, plis w aprann konnen fason l aji ak sa l ta renmen pou ou, se plis w ap anvi vin zanmi l. Èske w ka vin zanmi Bondye toutbon? (Li Sòm 25:14.) Ki sa w ka fè pou w vin zanmi l? Bib la reponn kesyon sa yo e li fè konnen sa k fè Jewova se pi bon zanmi ou kapab genyen.

1. Ki sa Jewova ta renmen w fè?

“Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” (Jak 4:8). Ki sa sa vle di? Jewova vle w vin zanmi l. Kèk moun ka twouve l difisil pou yo zanmi Bondye paske yo pa ka wè l. Men, Jewova fè nou konnen tout sa n bezwen konnen sou li nan Pawòl li a, Labib, yon fason pou n vin pi pwòch avè l. Lè nou li mesaj Bondye fè ekri pou nou nan Bib la, nou ka vin pi pwòch li menm lè nou pa janm wè l.

2. Sa k fè Jewova se pi bon zanmi ou kapab genyen?

Pa gen pèsonn ki renmen w plis pase Jewova. Li vle w gen kè kontan e li vle w pale avè l chak fwa w bezwen èd. Ou kapab “lage tout tètchaje [ou] genyen yo sou li paske li gen sousi pou [ou]”. (1 Pyè 5:7.) Jewova toujou pare pou l ede zanmi l yo, pou l konsole yo e pou l koute yo. — Li Sòm 94:18, 19.

3. Ki sa Jewova vle nou fè pou nou ka zanmi l?

Jewova renmen tout moun, “men, li bon zanmi ak moun ki dwat”. (Pwovèb 3:32.) Jewova vle pou zanmi l yo fè sa ki bon nan je l e pou yo pa fè sa li di ki pa bon. Gen moun ki ka santi yo pap janm kapab fè bagay yo jan Jewova vle a. Sepandan, Jewova konprann nou. Li aksepte tout moun ki renmen l toutbon e ki fè tout sa yo kapab pou yo fè l plezi. — Sòm 147:11; Travay 10:34, 35.

FOUYE PLIS

Aprann konnen fason w ka vin zanmi Jewova epi aprann poukisa li se pi bon zanmi ou kapab genyen.

4. Abraram te zanmi Jewova

Sa Bib la di sou Abraram, yo rele Abram tou, ede nou konprann ki sa sa vle di pou yon moun zanmi Bondye. Li plis bagay sou Abraram nan Jenèz 12:1-4, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki sa Jewova te mande Abraram pou l fè?

  • Ki sa Jewova te pwomèt Abraram?

  • Ki sa Abraram te fè lè l te fin resevwa enstriksyon Jewova yo?

5. Sa Jewova atann pou zanmi l yo fè

An jeneral, nou atann pou zanmi nou fè kèk bagay...

  • Bay kèk bagay ou renmen lè zanmi w yo fè pou ou.

Li 1 Jan 5:3, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki sa Jewova atann pou zanmi l yo fè?

Si nou vle obeyi Jewova, nou ka bezwen fè kèk chanjman nan fason nou aji oswa nan kalite moun nou ye. Li Ezayi 48:17, 18, epi reponn kesyon sa a:

  • Poukisa Jewova mande zanmi l yo pou yo fè chanjman lakay yo?

Yon bon zanmi ap fè nou sonje bagay ki ka pwoteje nou e ki ka fè byen pou nou. Jewova fè menm jan an pou zanmi l yo.

6. Sa Jewova fè pou zanmi l yo

Jewova ede zanmi l yo fè fas ak pwoblèm yo genyen. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

  • Ki jan Jewova te ede dam ki nan videyo a pou l fè fas ak panse ki t ap boulvèse l yo e ak dekourajman li te genyen?

Li Ezayi 41:10, 13, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki sa Jewova pwomèt l ap fè pou tout zanmi l yo?

  • Èske w panse Jewova kapab yon bon zanmi pou ou? Poukisa?

Lè w gen bon zanmi, yo ede w lè w bezwen èd. Jewova ap fè menm jan an.

7. Pou nou zanmi Jewova, nou dwe pale avè l e nou dwe koute l

Moun vin bon zanmi lè yo pale youn ak lòt. Li Sòm 86:6, 11, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki jan nou kapab pale ak Jewova?

  • Ki jan Jewova pale ak nou?

Nou pale ak Jewova lè nou priye l. Li pale avèk nou lè nou li Labib.

GEN MOUN KI DI: “Li pa posib pou nou zanmi Bondye.”

  • Ak ki vèsè w t ap sèvi pou w montre nou kapab zanmi Bondye?

SA W TE APRANN

Jewova vle zanmi w e l ap ede w pwoche bò kote l.

Revizyon

  • Ki jan Jewova ede zanmi l yo?

  • Poukisa Jewova mande zanmi l yo fè yon seri chanjman?

  • Èske w panse li twò difisil pou nou zanmi Jewova? Sa k fè w reponn konsa?

Objektif

APRANN PLIS

Lè w zanmi ak Jewova, ki efè sa gen sou lavi w?

“Jewova: yon Bondye ki merite pou nou konnen l” (Toudegad 1ye mas 2003)

Gade rezon ki fè yon dam santi li viv pi byen lè l vin zanmi Jewova.

“Mwen pa t vle mouri!” (Toudegad no 1 2017)

Koute kèk jèn k ap di sa yo renmen lakay Jewova.

Ki sa sa vle di pou yon moun zanmi Bondye? (1:46)