Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 11

Ki sa w ka fè pou sa w li nan Bib la pi itil ou?

Ki sa w ka fè pou sa w li nan Bib la pi itil ou?

Èske sa janm rive ou gen yon gwo travay pou w fè epi w pa konn ki bò pou w kòmanse? Pou sa ka parèt pi fasil, petèt ou konn fè l fè plizyè ti bout. Ebyen, se menm bagay la pou li Labib. Ou ka ap mande tèt ou ki bò pou w kòmanse. Nan leson sa a, nou pral egzamine kèk bagay ou ka fè pou lekti ak etid w ap fè nan Bib la plis itil ou.

1. Poukisa nou dwe pran abitid li Bib la?

Yon moun ki pran abitid li Bib la, sa vle di “lwa Jewova a”, ap gen kè kontan e l ap reyisi nan sa l fè. (Li Sòm 1:1-3.) Pou kòmanse, eseye li Bib la pandan kèk minit chak jou. Plis ou abitye li Pawòl Bondye a, se plis w ap pran plezi li l.

2. Ki sa k ap pèmèt lekti Labib ou fè plis itil ou?

Pou lekti Labib nou fè plis itil nou, nou bezwen pran tan pou nou reflechi sou sa n ap li a. Nonsèlman nou bezwen li, men tou nou bezwen “medite sou” sa nou li (Jozye 1:8, nòt). Lè w ap li, poze tèt ou kesyon sa yo: ‘Ki sa sa m ap li a aprann mwen sou Jewova? Ki jan m ka aplike l nan lavi m? Ki jan m ka sèvi ak vèsè sa yo pou m ede lòt moun?’

3. Ki jan w ka jwenn tan pou w li Bib la?

Èske w santi l difisil pou w jwenn tan pou w li Bib la? Sa konn difisil pou anpil nan nou. Eseye “byen sèvi ak tan [w]”. (Efezyen 5:16.) Ou ka fè sa lè w rezève yon tan chak jou pou w li Bib la. Gen moun ki rezève tan pou yo li Bib la granmmaten. Gen lòt ki li l pandan jounen an, petèt nan moman poz oswa nan rekreyasyon. Gen lòt tou ki rezève tan pou yo li l leswa anvan y al dòmi. Ki moman k ap pi bon pou ou pou w li Bib la?

FOUYE PLIS

Aprann ki jan w ka pran plis plezi nan lekti Labib ou. Aprann fason pou w byen prepare pou w ka pi byen pwofite etid w ap fè nan Bib la.

Menm jan nou ka aprann renmen yon seri manje, se konsa tou, nou ka aprann renmen li Bib la.

4. Aprann renmen li Bib la

Li gendwa pa fasil pou w kòmanse li Bib la. Men, menm jan yon moun vin aprann renmen yon manje, se konsa tou nou kapab vin “gen yon gwo anvi” pou nou li Bib la. Li 1 Pyè 2:2, epi reponn kesyon sa a:

  • Ou pa panse si w li Bib la chak jou, ou ka vin pi anvi li l e w ka pran plezi ladan l?

Gade VIDEYO a pou w ka wè ki jan kèk moun te vin renmen li Bib la. Epi reponn kesyon ki vin apre yo.

  • Nan videyo a, ki pwoblèm jèn sa yo te genyen?

  • Ki sa k te ede yo pa lage objektif yo genyen pou yo li Bib la?

  • Ki sa yo te fè pou lekti Labib yo te ka pi enteresan?

Kèk konsèy k ap ede w kòmanse li Bib la:

  • Chwazi yon tradiksyon ou ka fè konfyans e ki sèvi avèk yon langaj moun ka konprann jodi a. Eseye sèvi ak Tradiksyon monn nouvo a si l disponib nan lang pa w.

  • Toudabò, li pati nan Bib la ki plis enterese w. Pou w ka jwenn kèk ide sou sa, ale nan tablo ki gen tit “Fason w ka kòmanse li Bib la”.

  • Sonje sa w te li. Sèvi ak tablo ki nan piblikasyon sa a ki gen tit “Sonje kote w rive nan lekti Labib ou” a.

  • Sèvi ak aplikasyon JW Library® a. Grasa aplikasyon sa a, ou ka li Bib la e w ka koute l sou telefòn ou oubyen sou yon lòt aparèy kèlkeswa kote w ye.

  • Sèvi ak enfòmasyon anplis ki nan Tradiksyon monn nouvo a. Nan enfòmasyon sa yo, w ap jwenn kat, tablo ak yon lis mo yo esplike ki ka ede w pran plis plezi nan lekti Labib w ap fè.

5. Fason w ka prepare etid ou

Li Sòm 119:34, epi reponn kesyon sa a:

  • Poukisa l bon pou w priye anvan w li Bib la oubyen anvan w prepare etid ou?

Ki jan w ka pi byen pwofite chak etid? Eseye suiv metòd ki apre a lè w ap prepare yon leson pou etid la:

  1. Li paragraf ki nan premye pati leson an.

  2. Chèche vèsè yo, li yo epi eseye konprann ki rapò yo genyen ak paragraf yo.

  3. Souliye mo oswa ekspresyon ki bay repons pou chak kesyon, sa ap ede w pandan w ap fè etid la ak moun k ap anseye w la.

Èske w te konnen?

Temwen Jewova yo te deja sèvi ak diferan tradiksyon Labib. Sepandan, nou vrèman apresye Labib — Tradiksyon monn nouvo a paske li egzak, li klè e li sèvi ak non Bondye. — Gade atik ki sou Entènèt ki gen tit Èske Temwen Jewova yo gen Bib pa yo?

GEN MOUN KI DI: “Etidye Bib la twò difisil. M pa gen tan e m toujou fatige.”

  • Ki sa w panse?

SA W TE APRANN

Pou w ka pi byen pwofite sa w jwenn nan Bib la, rezève tan pou w li l, priye pou w kapab konprann sa w li yo epi prepare anvan w fè etid la.

Revizyon

  • Ki sa w ka fè pou sa w li nan Bib la pi itil ou?

  • Ki lè w ka rezève tan pou w li Bib la e pou w etidye l?

  • Poukisa li bon pou w prepare etid la?

Objektif

APRANN PLIS

Gade kèk ide ki ka ede w pou sa w li nan Bib la ka plis itil ou.

“Fason nou ka pi byen pwofite lekti Labib n ap fè” (Toudegad no 1 2017)

W ap jwenn kèk konsèy sou fason pou w etidye nan men moun ki gen lontan depi y ap li Bib la.

Bonjan etid pèsonèl (2:06)