Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 18

Ki jan nou ka rekonèt moun ki kretyen toutbon yo?

Ki jan nou ka rekonèt moun ki kretyen toutbon yo?

Gen plizyè milya moun ki fè konnen yo se kretyen, men yo tout pa gen menm kwayans ni yo pap suiv menm prensip. Kòm se konsa, ki jan nou ka rekonèt moun ki kretyen toutbon yo?

1. Ki lè yon moun kretyen?

Kretyen yo se disip Jezi Kris oswa moun k ap suiv li. (Li Travay 11:26.) Ki sa yo fè ki montre yo se disip li? Jezi te di: “Si nou rete nan pawòl mwen, nou se disip mwen toutbonvre.” ​(Jan 8:31). Sa vle di, moun ki kretyen toutbon yo dwe obeyi sa Jezi te anseye yo e kòm Jezi toujou anseye sa ki soti nan Pawòl Bondye a, moun ki kretyen toutbonvre yo dwe fè menm bagay la. — Li Lik 24:27.

2. Ki jan moun ki kretyen toutbon yo montre yo renmen lòt moun?

Men sa Jezi te di moun k ap suiv li yo: “Se pou nou youn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.” (Jan 15:12). Ki jan Jezi te montre li renmen disip li yo? Li te konn pase tan avèk yo, li te ankouraje yo, li te ede yo e li te menm mouri pou yo (1 Jan 3:16). Menm jan an tou, moun ki kretyen toutbon yo pa renmen youn lòt ak pawòl sèlman, yo montre sa nan aksyon yo tou.

3. Ki travay moun ki kretyen toutbon yo ap fè?

Jezi te bay disip li yo yon travay pou yo fè. “Li [te] voye yo al preche Wayòm Bondye a.” (Lik 9:2). Premye kretyen yo pa t sèlman preche kote yo te konn reyini pou yo adore Bondye, men tou, yo te konn preche lòt kote yo ka jwenn moun ak lakay moun yo. (Li Travay 5:42; 17:17.) Menm jan an tou, jodi a moun ki kretyen toutbon yo preche verite ki nan Bib la tout kote yo jwenn moun. Yo renmen pwochen yo, se sa k fè yo byen kontan sèvi ak tan yo, ak fòs yo pou yo fè lòt moun konnen mesaj ki nan Bib la ki bay espwa ak konsolasyon. — Mak 12:31.

FOUYE PLIS

Gade ki diferans ki genyen ant moun ki kretyen toutbon yo ak moun ki pap suiv sa Jezi te anseye yo ak egzanp li bay.

4. Yo chèche verite ki nan Bib la

Premye kretyen yo te chèche konprann Pawòl Bondye e yo te obeyi l.

Se pa tout moun ki di yo se kretyen ki panse li enpòtan pou yo konprann verite ki nan Bib la, oswa pou yo aplike l nan lavi yo. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

  • Ki jan kèk nan legliz ki di yo se kretyen yo pa anseye sa Jezi te anseye yo?

Jezi te anseye verite ki sot nan Pawòl Bondye a. Li Jan 18:37, epi reponn kesyon sa a:

  • Dapre Jezi ki jan nou ka rekonèt kretyen ki pou laverite yo?

5. Yo preche verite ki nan Bib la

Premye kretyen yo te preche lòt moun.

Anvan Jezi te monte al nan syèl la, li te bay moun k ap suiv li yo yon travay pou yo fè k ap kontinye jis jounen jodi a. Li Matye 28:19, 20 ak Travay 1:8, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki kote yo t ap gen pou yo fè travay predikasyon an, rive jis ki lè?

6. Yo pratike sa y ap preche yo

Ki sa ki te fè yon mesye ki rele Tom kwè li te jwenn moun k ap suiv Jezi toutbon yo? Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

  • Nan videyo a, ki sa ki te fè Tom pa enterese nan relijyon ankò?

  • Ki sa ki te fè l kwè li te jwenn laverite?

Yon moun k ap suiv Jezi dwe montre sa nan aksyon l. Li Matye 7:21, epi reponn kesyon sa a:

  • Dapre Jezi, sa k fè li pa sifi pou se ak pawòl nan bouch sèlman nou di n ap suiv li?

7. Youn renmen lòt

Premye kretyen yo youn te renmen lòt

Èske kretyen yo konn riske lavi yo toutbon pou kretyen parèy yo? Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

  • Nan videyo a ki sa ki te pouse frè Lloyd riske lavi l pou frè Johansson?

  • Èske w panse li te aji tankou yon kretyen toutbon?

Li Jan 13:34, 35, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki jan disip Jezi yo ta dwe trete moun lòt nasyon oswa lòt ras?

  • Ki jan yo ta dwe aji avèk yo lè gen lagè?

GEN MOUN KI DI: “Kretyen yo fè anpil move bagay, kòman nou fè di se yo menm ki gen vrè relijyon an?”

  • Ak ki vèsè ou t ap sèvi pou w montre ki jan nou ka rekonèt vrè relijyon an?

SA W TE APRANN

Vrè kretyen yo suiv sa ki nan Bib la, yo demontre lanmou san yo pa chèche enterè yo e yo preche verite ki nan Bib la.

REVIZYON

  • Sou ki sa kwayans vrè kretyen yo chita?

  • Ki kalite vrè kretyen yo genyen ki pèmèt moun rekonèt yo?

  • Ki travay moun ki kretyen toutbon yo fè?

Objektif

APRANN PLIS

Aprann plis sou yon gwoup moun k ap fè efò pou yo suiv egzanp Jezi Kris bay e pou yo fè sa l te anseye yo.

Temwen Jewova — Kiyès nou ye? (1:13)

Gade pou w wè ki sa ki te ede yon ansyen mè jwenn yon “vrè fanmi espirityèl”.

“Yo te sèvi ak Bib la pou yo reponn tout kesyon!” (Toudegad 1ye avril 2014)

Gade pou w wè ki jan vrè kretyen yo ede kretyen parèy yo ki nan bezwen.

Fason n ede frè ak sè yo lè gen katastwòf — Yon pati nan videyo a (3:57)

Jezi te di ki sa k ap ede moun rekonèt moun k ap suiv li toutbon yo. Gade ki jan vrè kretyen yo suiv premye kretyen yo e yo aji ann amoni ak sa Jezi te di a.

“Ki jan nou ka rekonèt vrè kretyen yo” (Toudegad 1ye mas 2012)