Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 22

Ki jan w ka pataje bon nouvèl la ak lòt moun?

Ki jan w ka pataje bon nouvèl la ak lòt moun?

Tank w ap aprann verite ki nan Bib la, ou gendwa di ‘Tout moun ta dwe konnen verite sa yo!’ Se vre, tout moun dwe konnen sa k nan Bib la. Men, ou gendwa santi w pè fè lòt moun konnen sa w aprann yo. Ann fè yon ti pale sou sa k ka ede w pa pè pataje sa w aprann yo ak lòt moun.

1. Ki jan w ka pataje sa w te aprann yo ak moun ou konnen?

Disip Jezi yo te di: “Nou pa ka sispann pale bagay nou te wè yo ak bagay nou te tande yo.” (Travay 4:20). Yo te tèlman renmen verite yo te aprann yo sa fè yo te vle pataje yo ak valè moun yo te kapab. Èske w santi w konsa? Si w santi w konsa, chèche okazyon pou fè fanmi w ak zanmi w konnen sa w te aprann yo avèk respè. — Li Kolosyen 4:6.

Men kèk fason w ka kòmanse fè lòt moun konnen sa w aprann yo

  • Lè w ap pale ak moun nan fanmi w, kòmanse pale sou yon sijè nan Bib la lè w di: “Mwen te aprann yon bagay enteresan semèn sa a...”

  • Pataje yon vèsè ki ankourajan ak yon zanmi w ki malad, oswa ki gen pwoblèm.

  • Si yon kòlèg travay ou mande w ki jan w ye, pale l de sa w te aprann nan etid ou, oswa nan youn nan reyinyon w te asiste yo.

  • Montre zanmi w yo sit jw.org la.

  • Envite lòt moun pou yo asiste etid ou, oswa montre yo fason pou yo mande yon etid sou jw.org.

2. Poukisa w panse li enpòtan pou w preche ak kongregasyon an?

Disip Jezi yo pa t sèlman preche moun yo konnen bon nouvèl la. Jezi te “voye yo de pa de devan l nan chak vil” pou yo te ka preche (Lik 10:1). Lefètke yo te preche yon fason ki òganize, sa te fè plis moun jwenn posiblite pou yo tande bon nouvèl la. Mete sou sa, lefètke disip yo te preche ansanm, sa te fè yo gen anpil kè kontan (Lik 10:17). Èske w panse ou ta kapab fikse objektif pou w preche ak kongregasyon an?

FOUYE PLIS

Gade ki sa w ka fè pou w pa twò pè al preche, e pou w jwenn kè kontan ki gen nan pataje bon nouvèl la ak lòt moun.

3. Jewova ap avè w

Gen moun ki vle preche ki santi yo pè sa moun pral panse de yo, oswa ki pè fason moun yo ka reyaji.

  • Èske w pè pataje sa w te aprann yo? Poukisa w santi w konsa?

Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon sa yo.

  • Ki jan jèn Temwen sa yo te vin sispann pè?

Li Ezayi 41:10, epi reponn kesyon sa a:

  • Lè w santi w pè preche, poukisa w ta dwe priye?

Èske w te konnen?

Anpil Temwen Jewova te panse yo pa t ap janm ka preche bon nouvèl la. Pa egzanp, Sergey te santi l pa vo anyen e l te twouve li difisil pou l pale ak lòt moun. Men, li te vin etidye Bib la. Men sa l di: “Menm lè m te pè, mwen te kòmanse fè lòt moun konnen sa m t ap aprann yo. M te sezi wè lè m pale ak lòt moun sou sa m aprann nan Bib la, sa te fè m gen plis konfyans nan tèt mwen. Mete sou sa, sa te pèmèt mwen vin gen plis lafwa nan bagay mwen te aprann yo.”

4. Se pou w gen respè pou moun yo

Lè w ap preche bon nouvèl la, nonsèlman w bezwen reflechi ak sa w pral di, men fò w reflechi tou ak fason w pral di l. Li 2 Timote 2:24 ak 1 Pyè 3:15, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki jan w ta ka aplike vèsè sa yo lè w ap pale ak lòt moun sou Bib la?

  • Gen kèk manm fanmi w ak kèk zanmi w ki gendwa pa dakò avè w. Ki sa w ka fè? Ki sa w pa ta dwe fè?

  • Poukisa l pi bon pou w poze kesyon avèk respè, olye pou w fòse moun yo kwè nan sa w kwè yo?

5. W ap jwenn kè kontan lè w preche bon nouvèl la

Jewova te bay Jezi travay preche bon nouvèl la. Ki jan Jezi te konsidere travay sa a? Li Jan 4:34, epi reponn kesyon sa yo:

  • Lè nou manje bon manje, nonsèlman sa pèmèt nou rete an vi men tou, sa fè nou gen kè kontan. Poukisa Jezi te konpare fè volonte Bondye, sa gen ladan l preche bon nouvèl la, ak manje?

  • Ki sa w panse ki ka ba w kè kontan lè w ap preche bon nouvèl la?

Kèk konsèy

  • Pandan reyinyon lasemèn nan chèche fason w kapab kòmanse konvèsasyon ak lòt moun.

  • Pale ak moun k ap anseye w la pou w wè si w kapab enskri kòm elèv nan reyinyon lasemèn nan. Patisipasyon w ap fè antanke elèv yo ap ede w santi w pi alèz pou w pataje sa w aprann yo ak lòt moun.

  • Sèvi ak ribrik “Gen moun ki di” oswa “Si yon moun ta mande w” ki nan liv sa a pou w wè fason w ka reponn kesyon moun konn poze souvan ak fason w ka reponn sa moun yo konn di lè yo pa wè bagay yo menm jan avèk nou.

SI YON MOUN TA MANDE W: “Ban m nouvèl ou.”

  • Èske w pa panse w ta ka pwofite okazyon sa a pou w fè l konnen sa w te aprann nan Bib la?

SA W TE APRANN

Preche bon nouvèl la bay kè kontan, e li ka pi fasil pase sa w panse.

Revizyon

  • Poukisa nou dwe preche bon nouvèl la?

  • Ki jan w ka fè sa avèk respè?

  • Ki sa k ka ede w pa pè preche?

Objektif

APRANN PLIS

Gade kat fason senp ou ka pataje bon nouvèl la lè w sèvi ak kat jw.org la.

Modèl prezantasyon pou kat JW.ORG yo (1:43)

Aprann kat kalite ki ka ede w preche bon nouvèl la.

“Èske w pare pou w vin yon pechè moun?” (Toudegad septanm 2020)

Gade ki jan egzanp yon moun nan Bib la ka ede nou gen kouraj pou nou preche bon nouvèl la menm lè nou jèn.

Jewova ap fè w gen kouraj (11:59)

Gade ki jan w ka pale sou sa w aprann nan Bib la ak moun nan fanmi w ki pa konn Jewova.

“Chèche touche kè manm fanmi w ki pa kwayan” (Toudegad 15 mas 2014)