Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 24

Kiyès zanj yo ye e ki sa y ap fè?

Kiyès zanj yo ye e ki sa y ap fè?

Jewova vle pou nou aprann konnen fanmi l lan ki nan syèl la. Zanj yo nan fanmi sa a, yo rele yo “pitit Bondye”. (Jòb 38:7.) Ki sa Bib la di sou zanj yo? Ki enfliyans yo gen sou moun? Èske se tout zanj yo ki nan fanmi Bondye a?

1. Kiyès zanj yo ye?

Jewova te kreye zanj yo anvan l te kreye tè a. Menm jan avè l, zanj yo se espri k ap viv nan syèl la (Ebre 1:14). Gen plizyè milyon zanj, e yo chak gen pèsonalite pa yo (Revelasyon 5:11). Yo “fè sa [Jewova] di” e yo “obeyi vwa l”. (Sòm 103:20.) Nan tan lontan, pafwa Jewova te voye zanj yo al pote mesaj bay sèvitè l yo, al ede yo, epi al sove yo. Jodi a, zanj yo ede kretyen yo jwenn moun ki vle aprann konnen Bondye.

2. Kiyès Satan ye e kiyès demon l yo ye?

Gen kèk zanj ki pa t ret fidèl ak Jewova. Premye zanj ki te fè rebelyon an se “li menm yo rele Dyab la e yo rele Satan an, [e se] li menm k ap twonpe lemonnantye a”. (Revelasyon 12:9.) Satan te vle dirije lòt moun, se sa k fè li te pouse Adan ak Èv e menm lòt zanj dezobeyi Jewova. Yo rele zanj rebèl sa yo demon. Jewova te pimpe yo sou tè a e li pral detwi yo. — Li Revelasyon 12:9, 12.

3. Ki jan Satan ak demon yo chèche twonpe nou?

Satan ak demon yo sèvi ak pratik ki gen rapò ak demon oswa movèzespri pou yo twonpe anpil moun. Se yon seri pratik ki pa bon kote yo chèche fè moun yo pran kontak avèk yo. Pa egzanp, gen kèk moun k al kote astwològ, divinò, moun ki gen pouvwa mistik ak bòkò. Gen lòt moun ki sèvi ak pratik ki gen rapò ak movèzespri pou yo chèche tretman lè yo malad. Sepandan, men sa Jewova di nou: “Pinga n al kot moun ki konn chèche pale ak mò, e pinga n al kot divinò.” (Levitik 19:31). Li ban nou lòd sa a pou l pwoteje nou kont Satan ak demon yo. Yo se ènmi Bondye e yo vle fè nou mal.

FOUYE PLIS

Aprann konnen bon bagay zanj yo ap fè, danje ki genyen nan pratik ki gen rapò ak movèzespri yo, epi ki jan nou ka pwoteje tèt nou kont Satan ak demon yo.

4. Zanj yo ede moun aprann konnen Jewova

Zanj Bondye yo pa al preche moun yo dirèkteman, men yo kapab ede sèvitè Bondye yo jwenn moun ki vle aprann konnen Bondye. Li Revelasyon 14:6, 7, epi reponn kesyon sa yo:

  • Sa k fè nou bezwen èd zanj yo nan travay predikasyon an?

  • Èske sa pa ankouraje w pou w konnen zanj yo ka ede w jwenn moun ki bezwen koute mesaj ki nan Bib la? Poukisa?

5. Pinga w pran pa nan pratik ki gen rapò ak movèzespri yo

Satan ak demon yo se ènmi Jewova. Donk, yo se ènmi nou tou. Li Lik 9:38-42, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki sa demon yo fè moun yo?

Nou pa vle kite demon yo gen enfliyans sou nou. Li Detewonòm 18:10-12, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki jan demon yo ap chèche enfliyanse nou e y ap chèche kominike ak nou? Ki pratik ki gen rapò ak demon ou abitye wè nan zòn kote w ap viv la?

  • Èske w wè l rezonab pou Jewova di nou pou nou pa mele nan pratik ki gen rapò ak movèzespri yo? Poukisa?

Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

  • Èske w panse ti kòd Palesa te mete kòm pwoteksyon sou pitit li a se yon move bagay? Poukisa?

  • Ki sa Palesa te dwe fè pou l jwenn pwoteksyon kont demon yo?

Vrè kretyen yo te toujou opoze ak demon yo. Li Travay 19:19 ak 1 Korentyen 10:21, epi reponn kesyon sa a:

  • Sa k fè l enpòtan pou w detwi nenpòt bagay ou genyen ki makònen ak pratik ki gen rapò ak movèzespri?

6. Ou kapab ranpòte laviktwa sou Satan ak demon l yo

Se Satan k ap dirije demon yo. Men, se Mikayèl, akanj lan, k ap dirije zanj ki fidèl yo. Mikayèl se yon lòt non yo bay Jezi. Ki pouvwa Mikayèl genyen? Li Revelasyon 12:7-9, epi reponn kesyon sa yo:

  • Kiyès ki gen plis pouvwa, Mikayèl ak zanj li yo oswa Satan ak demon l yo?

  • Èske w panse moun k ap suiv Jezi yo bezwen pè Satan ak demon l yo?

Ou kapab ranpòte laviktwa sou Satan ak demon l yo. Li Jak 4:7, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan w kapab jwenn pwoteksyon kont Satan ak demon yo?

GEN MOUN KI DI: “Pa gen anyen ki mal nan jwe jwèt ki gen rapò ak movèzespri oswa gade fim ki gen rapò ak movèzespri, se jis yon amizman sa ye.”

  • Poukisa se yon danje sa ye lè yon moun panse konsa?

SA W TE APRANN

Zanj ki fidèl yo ap ede nou. Satan ak demon l yo se ènmi Jewova e yo sèvi avèk pratik ki gen rapò ak movèzespri pou yo twonpe moun.

Revizyon

  • Ki jan zanj Jewova yo ede moun aprann konnen Jewova?

  • Kiyès Satan ye e kiyès demon yo ye?

  • Poukisa w pa vle mele nan pratik ki gen rapò ak movèzespri?

Objektif

APRANN PLIS

Gade prèv ki montre Jezi se Mikayèl, akanj lan.

“Kiyès ki Mikayèl akanj lan?” (Atik sou Entènèt)

Gade prèv ki montre Satan se yon moun toutbon.

“Èske Dyab la egziste toutbonvre?” (Atik sou Entènèt)

Gade fason yon dam te libere anba pouvwa demon.

“Li jwenn yon rezon pou l viv” (Toudegad 1ye jiyè 1993)

Gade fason Satan sèvi ak pratik ki gen rapò ak movèzespri yo pou l twonpe moun.

“Laverite sou maji, fetich ak lougawou” (Wout lavi ki pap janm fini an, 5yèm pati)