Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 30

Moun pa w yo ki mouri ka retounen viv ankò!

Moun pa w yo ki mouri ka retounen viv ankò!

Lanmò lakòz moun tris anpil e yo soufri anpil. Se poutèt sa Bib la di lanmò se yon ènmi (1 Korentyen 15:26). Nan leson 27 la, ou te aprann Jewova pral elimine ènmi sa a. Men, ki sa k rive moun ki deja mouri yo? Nan leson sa a, ou pral aprann plis toujou sou yon lòt bèl pwomès Jewova fè. Li pral resisite plizyè milya moun pou yo viv ak kè kontan pou toutan. Èske sa ka fèt vre? Èske moun sa yo ap resisite pou yo viv nan syèl la oubyen sou tè a?

1. Ki sa Jewova vle fè pou moun nou genyen ki mouri yo?

Se pa ti swaf Jewova swaf pou l resisite moun ki mouri yo. Gen yon mesye ki te gen anpil lafwa ki te rele Jòb ki te gen asirans Bondye pa t ap bliye l lè l mouri. Men sa l te di Bondye: “W ap rele m, e m ap reponn ou [detan nan tonm nan].” — Li Jòb 14:13-15.

2. Ki jan nou fè konnen moun ki mouri yo kapab resisite?

Lè Jezi te sou tè a, Bondye te ba l pouvwa pou l resisite moun. Jezi te leve yon tifi ki gen 12 an ak pitit gason yon vèv (Mak 5:41, 42; Lik 7:12-15). Pi devan, Jezi te resisite yon zanmi l ki te rele Laza. Malgre kat jou te gentan pase depi Laza te mouri e yo te antere l, Jezi te priye Bondye e li te annik di byen fò nan direksyon tonm kote Laza te ye a: “Laza, soti deyò!” Epi “mesye ki te mouri a sot deyò”. (Jan 11:43, 44.) Imajine jan fanmi Laza yo ak zanmi l yo te kontan wè l vivan!

3. Ki espwa ki genyen pou moun pa w yo ki mouri?

Men pwomès Bib la fè: “Pral gen yon rezirèksyon.” ​(Travay 24:15). Moun Jezi te resisite nan tan lontan yo pa t al nan syèl (Jan 3:13). Yo te kontan retounen viv ankò sou tè a. Menm jan an tou talè konsa, Jezi pral resisite plizyè milya moun pou yo viv ak kè kontan pou toutan sou tè a k ap tounen yon paradi. Li te di tout moun ki nan memwa Bondye yo pral retounen viv ankò, menm moun nou pa sonje ki te egziste yo. — Jan 5:28, 29.

FOUYE PLIS

Egzamine prèv Bib la bay ki montre moun ki mouri yo kapab retounen viv ankò, e y ap retounen viv ankò. Aprann ki jan ou kapab jwenn konsolasyon ak espwa grasa rezirèksyon an.

4. Jezi te montre li kapab resisite moun ki mouri yo

Aprann plis sou sa Jezi te fè pou Laza, zanmi l lan. Li Jan 11:14, 38-44, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki jan nou fè konnen Laza te mouri toutbon? — Gade vèsè 39.

  • Si Laza t al nan syèl, èske w panse Jezi t ap fè l retounen viv sou tè a ankò?

Gade VIDEYO a.

5. Anpil moun pral resisite!

Li Sòm 37:29, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki kote plizyè milya moun ki pral resisite yo pral viv?

Se pa sèl moun ki te konn adore Jewova yo ki pral resisite. Jezi pral resisite anpil lòt moun ki pa t ap adore Jewova. Li Travay 24:15, epi reponn kesyon sa a:

  • Kiyès ou ta renmen wè pami moun ki pral resisite yo?

Reflechi sou sa: Jezi kapab resisite yon moun byen fasil, menm jan yon papa ka reveye pitit li nan dòmi.

6. Ou kapab jwenn konsolasyon ak espwa grasa esperans rezirèksyon an

Istwa pitit fi Jayiris la nou jwenn nan Bib la konsole anpil moun ki nan lapenn e li ankouraje yo. Li istwa sa a ki te pase pou toutbon nan Lik 8:40-42, 49-56.

Men sa Jezi te di Jayiris anvan l te resisite pitit fi Jayiris la: “Ou pa bezwen pè, annik gen lafwa.” ​(Gade vèsè 50.) Ki jan esperans rezirèksyon an kapab ede w . . .

  • lè w gen yon moun pa w ki mouri?

  • lè lavi w an danje?

Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a:

  • Ki jan esperans rezirèksyon an konsole paran Phelicity yo e li ankouraje yo?

GEN MOUN KI DI: “M pa kwè moun ki mouri ka tounen viv ankò.”

  • Ki sa w panse?

  • Ki vèsè ou te ka itilize pou w montre pral gen yon rezirèksyon vre?

SA W TE APRANN

Bib la fè konnen plizyè milya moun ki mouri pral resisite. Jewova vle yo retounen viv ankò e l bay Jezi pouvwa pou l resisite yo.

Revizyon

  • Ki jan n fè konnen Jewova ak Jezi anvi resisite moun ki mouri yo?

  • Ki kote plizyè milya moun ki pral resisite yo pral viv, èske se nan syèl la oswa sou tè a? Sa k fè w di sa?

  • Sa k fè w sèten moun pa w ki mouri yo kapab resisite?

Objektif

APRANN PLIS

Gade kèk bagay ou kapab fè pou w fè fas ak lapenn ou genyen lè yon moun pa w mouri.

“Èd pou moun ki nan gwo lapenn” (Reveye n! no 3 2018)

Èske prensip ki nan Bib la kapab ede yon moun ki nan lapenn akoz yon moun pa l ki mouri?

Lè yon moun pa nou mouri (5:06)

Ki jan timoun yo kapab fè fas ak lapenn yo genyen lè yon moun pa yo mouri?

Ranson an (2:07)

Èske ap gen moun ki pral resisite pou y al viv nan syèl la? Kiyès ki pap resisite?

“Ki sa rezirèksyon an ye?” ​(Atik sou Entènèt)