Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 35

Fason pou nou pran bon desizyon

Fason pou nou pran bon desizyon

Nou tout gen desizyon pou nou pran. Anpil nan desizyon sa yo ka gen yon gwo efè sou nou e sou relasyon nou ak Jewova. Pa egzanp, nou ka gen pou n deside kote n ap viv, ki travay n ap fè pou nou pran swen tèt nou, oubyen si n ap marye oswa si nou pap marye. Lè nou pran bon desizyon, sa ka fè nou gen kè kontan nan lavi nou e sa ap fè Jewova plezi.

1. Ki jan w ka sèvi ak Bib la pou w pran bon desizyon?

Anvan w pran yon desizyon, priye Jewova pou l ede w epi chèche nan Bib la pou w wè ki jan li konsidere sitiyasyon an. (Li Pwovèb 2:3-6.) Nan kèk ka, Jewova fè nou konnen egzakteman sa pou nou fè. Nan ka sa yo, pi bon desizyon an se obeyi sa l di.

Men, e si Bib la pa di egzakteman ki sa pou w fè? Jewova ap toujou gide w “nan wout ou dwe mache a”. (Ezayi 48:17.) Ki jan l ap fè sa? Ou ka jwenn prensip ki pou dirije w. Prensip ki nan Bib la se yon seri verite fondamantal ki fè nou konnen fason Bondye panse ak fason li santi l. Souvan, lè nou li yon istwa nan Bib la, sa ede nou wè fason Bondye wè yon bagay. Lè nou konnen fason Jewova konsidere yon bagay, n ap pran desizyon k ap fè l plezi.

2. Sou ki sa w ta dwe reflechi anvan w pran yon desizyon?

Labib di: “Moun ki gen lespri a veye chak pa l fè.” (Pwovèb 14:15). Sa vle di, anvan nou pran yon desizyon, nou ta dwe pran tan pou nou reflechi sou chwa nou genyen yo. Pandan w ap egzamine chak chwa ou genyen, mande tèt ou: ‘Ki prensip biblik nou ka suiv nan ka sa a? Kiyès nan chwa sa yo k ap fè lespri m anpè? Ki efè desizyon m pran an ap genyen sou lòt moun? E sa k pi enpòtan an, èske desizyon sa a ap fè Jewova kontan?’ — Detewonòm 32:29.

Jewova gen dwa di nou sa ki byen ak sa ki mal. Lè nou byen konnen lwa l yo ak prensip li yo e nou deside suiv yo, se fòme n ap fòme konsyans nou pou nou pran bon desizyon. Konsyans nou ede nou konnen sa ki byen ak sa ki mal (Women 2:14, 15). Lè nou byen fòme konsyans nou, sa ap ede nou pran bon desizyon.

FOUYE PLIS

Gade ki jan prensip ki nan Bib la ansanm ak konsyans nou ede n pran bon desizyon.

3. Kite Bib la gide w

Ki jan prensip ki nan Bib la gide nou lè n ap pran desizyon? Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

  • Ki bèl kado Jewova ban nou?

  • Poukisa Jewova ban nou libète pou nou deside?

  • Ki sa li ban nou ki ede nou pi byen sèvi ak libète nou genyen pou nou deside a?

Annou wè yon prensip biblik, li Efezyen 5:15, 16. Epi esplike ki jan w ka “byen sèvi ak tan” w pou w...

  • li Bib la regilyèman.

  • vin yon pi bon mari oswa yon pi bon madanm, yon pi bon paran, yon pi bon pitit gason oswa yon pi bon pitit fi.

  • asiste reyinyon kongregasyon an.

4. Fòme konsyans ou pou w pran bon desizyon

Lè Bib la di byen klè ki sa pou nou fè nan yon sitiyasyon, li ka fasil pou nou pran bon desizyon an. Men, ki sa n ap fè lè l pa di anyen? Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

  • Nan videyo a, ki etap sè a te suiv pou l fòme konsyans li e pou l pran desizyon k ap fè Jewova plezi?

Sa k fè nou pa dwe mande lòt moun pran desizyon pou nou? Li Ebre 5:14, epi reponn kesyon sa yo:

  • Byenke li ka parèt pi fasil pou nou mande lòt moun pran desizyon pou nou, ki sa nou ta dwe kapab rive fè?

  • Ki sa w genyen ki ka ede w fòme konsyans ou epi pran bon desizyon?

Menm jan yon moun ka suiv yon kat pou l konnen ki wout pou l fè, konsa tou konsyans nou ede nou konnen ki direksyon pou nou pran nan lavi nou.

5. Respekte konsyans lòt moun

Lefètke nou diferan, nou tout pap pran menm desizyon. Ki jan nou ka montre nou respekte konsyans lòt moun? Ann wè de egzanp:

Premye egzanp: Imajine yon sè ki renmen makiye ki ale nan yon kongregasyon kote anpil sè santi sa deranje yo lè moun mete makiyaj.

Li Women 15:1 ak 1 Korentyen 10:23, 24, epi reponn kesyon sa yo:

  • Selon vèsè sa yo, ki desizyon sè a ka pran? Ki sa w ap fè si w bò kote yon moun konsyans li pa pèmèt li fè yon bagay konsyans pa w pèmèt ou fè?

Dezyèm egzanp: Imajine yon frè ki byen konnen Bib la pa kondane pou moun bwè bwason ki gen alkòl depi l fè sa avèk moderasyon, men li menm li chwazi pa bwè. Yo envite l nan yon ti fèt e li wè gen frè k ap bwè bwason ki gen alkòl.

Li Eklezyas 7:16 ak Women 14:1, 10, epi reponn kesyon sa yo:

  • Selon vèsè sa yo, ki desizyon frè a ta ka pran? Ki sa w ap fè si yon moun ap fè yon bagay konsyans pa w pa pèmèt ou fè?

 Ki etap k ap ede w pran bon desizyon?

1. Mande Jewova pou l ede w deside sa pou w fè. — Jak 1:5.

2. Fè rechèch nan Bib la ak nan piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la pou w jwenn prensip ou ka suiv nan sitiyasyon an. Ou kapab pale avèk kretyen ki gen matirite tou.

3. Gade pou w wè ki efè desizyon w ap pran an ap genyen sou konsyans ou ak konsyans lòt moun.

GEN MOUN KI DI: “Ou gendwa deside sa w vle. Pa bay tèt ou pwoblèm pou sa moun panse.”

  • Sa k fè nou dwe bay sa Bondye panse ak sa lòt moun panse enpòtans?

SA W TE APRANN

N ap pran bon desizyon lè nou chèche konnen ki jan Jewova konsidere yon sitiyasyon e lè nou gade pou n wè si aksyon nou ap fè lòt moun byen oswa si y ap fè yo mal.

Revizyon

  • Ki jan w ka pran desizyon k ap fè Jewova plezi?

  • Ki jan w ka fòme konsyans ou?

  • Ki jan w ka montre w respekte konsyans lòt moun?

Objektif

APRANN PLIS

Ki jan w ka fè pou w pran desizyon k ap fè w vin pi pwòch Bondye?

“Pran desizyon ki onore Bondye” (Toudegad 15 avril 2011)

Chèche pi byen konprann fason Jewova ban nou konsèy.

Jewova dirije pèp li a (9:50)

Gade ki sa ki te ede yon mesye pran yon desizyon ki difisil.

Jewova ban nou garanti l ap ban nou tout sa ki bon (5:46)

Aprann plis sou fason w ka fè Jewova plezi menm nan yon sitiyasyon kote l pa di aklè ki sa pou nou fè.

“Èske nou bezwen gen yon kòmandman pou tout bagay?” (Toudegad 1ye desanm 2003)