Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 41

Ki sa Bib la di sou sèks?

Ki sa Bib la di sou sèks?

Anpil moun pa alèz pou yo pale de sèks. Men, Bib la pale de sèks e l fè sa yon fason ki klè e avèk respè. Sa l di yo bon pou nou. Sa nòmal, paske se Jewova ki kreye nou. Donk, li konnen sa ki pi bon pou nou. Li montre nou fason nou aji ka fè l plezi e li montre nou ki sa k ap ede nou viv ak kè kontan pou toutan.

1. Ki jan Jewova wè sèks?

Sèks se yon kado Jewova bay. Li vle se lè yon gason ak yon fi marye youn ak lòt pou yo fè sèks youn ak lòt. Nonsèlman kado sa a pèmèt moun ki marye yo fè timoun, men tou sa pèmèt yo demontre lanmou ak afeksyon yo genyen youn pou lòt. Se sa k fè Pawòl Bondye a di: “Se pou w pran plezi w ak madanm ou genyen depi w jèn nan.” (Pwovèb 5:18, 19). Jewova atann pou kretyen ki marye yo fidèl youn ak lòt e pou yo pa janm fè adiltè. — Li Ebre 13:4.

2. Ki sa imoralite seksyèl ye?

Bib la di nou “moun k ap fè imoralite seksyèl [...] pap benefisye Wayòm Bondye a”. (1 Korentyen 6:9, 10.) Moun ki te patisipe nan ekri pati ki te ekri an grèk ki nan Bib la te sèvi ak mo pòneya a pou yo pale de imoralite seksyèl. Mo sa a gen ladan l: 1) relasyon seksyèl a ant moun ki pa marye youn ak lòt, 2) relasyon seksyèl ant fi ak fi oswa gason ak gason, e 3) relasyon seksyèl ant moun ak bèt. Lè nou “evite imoralite seksyèl”, nou fè Jewova plezi e nou jwenn byenfè. — 1 Tesalonisyen 4:3.

FOUYE PLIS

Gade ki jan w ka evite imoralite seksyèl e gade ki jan w ap jwenn byenfè lè w rete pwòp nan domèn moral.

3. Kouri pou imoralite seksyèl

Jozèf, yon moun ki te fidèl, te lite pou l rete pwòp nan domèn moral. Li Jenèz 39:1-12, epi reponn kesyon sa yo:

  • Poukisa Jozèf te kouri? — Gade vèsè 9.

  • Èske w panse Jozèf te pran yon bon desizyon? Sa k fè w panse sa?

Ki jan jèn yo ka kouri pou imoralite seksyèl jodi a menm jan ak Jozèf? Gade VIDEYO a.

Jewova vle nou tout kouri pou imoralite seksyèl. Li 1 Korentyen 6:18, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki sitiyasyon ki ka fè moun tonbe nan imoralite seksyèl?

  • Ki jan w ka kouri pou imoralite seksyèl?

4. Ou kapab lite pou w pa tonbe nan tantasyon

Ki sa k ka fè l difisil pou n lite pou nou pa tonbe nan imoralite seksyèl? Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

  • Nan videyo a, ki sa frè a te fè lè l te rann li kont panse l ak aksyon l ka fè l pa fidèl ak madanm li?

Pafwa, menm kretyen ki fidèl yo oblije fè efò pou panse yo rete pwòp. Ki sa w ka fè pou w pa ret ap panse sou bagay imoral? Li Filipyen 4:8, epi reponn kesyon sa yo:

  • Sou ki bagay nou dwe reflechi?

  • Lè nou li Bib la e nou toujou okipe nan sèvis Jewova a, ki jan sa ede nou pou n pa tonbe nan tantasyon pou n peche?

5. Nou jwenn byenfè grasa prensip Jewova bay yo

Jewova konnen sa ki pi bon pou nou. Li fè nou konnen fason pou nou rete pwòp nan domèn moral e ki byenfè n ap jwenn lè nou fè sa. Li Pwovèb 7:7-27 oswa gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

  • Ki jan jèn gason an te mete tèt li nan yon sitiyasyon pou l tonbe nan tantasyon? — Li Pwovèb 7:8, 9.

  • Selon Pwovèb 7:23, 26, si nou fè imoralite seksyèl, sa ka gen gwo konsekans sou nou. Lè nou rete pwòp nan domèn moral, ki pwoblèm nou evite?

  • Lè nou pwòp nan domèn moral, ki jan sa ka ede nou viv ak kè kontan pou toutan?

Gen moun ki panse sa Bib la di konsènan relasyon seksyèl ant moun menm sèks montre Bondye pa gen lanmou. Men, Jewova, Bondye lanmou an, vle moun viv ak kè kontan pou toutan. Pou nou ka viv ak kè kontan pou toutan, nou dwe toujou obeyi prensip li yo. Li 1 Korentyen 6:9-11, epi reponn kesyon sa a:

  • Selon Bondye, èske sèl dezi ki pa bon se dezi yon moun genyen pou l gen relasyon seksyèl ak yon moun menm sèks avè l?

Se nou tout ki dwe fè chanjman pou n fè Bondye plezi. Poukisa nou dwe fè tout sa n kapab pou n rive fè sa? Li Sòm 19:8, 11, epi reponn kesyon sa yo:

  • Èske w panse prensip Jewova bay nan domèn moral yo rezonab? Sa k fè w di sa?

Jewova ede anpil moun obeyi prensip li bay nan domèn moral yo. Li ka ede w tou.

GEN MOUN KI DI: “Depi de moun renmen youn lòt, pa gen pwoblèm pou yo gen relasyon seksyèl.”

  • Ki sa w t ap di?

SA W TE APRANN

Sèks se yon kado Jewova bay. Li vle se mari ak madanm ki pou gen relasyon seksyèl.

Revizyon

  • Ki sa imoralite seksyèl gen ladan l?

  • Ki sa k ap ede nou evite imoralite seksyèl?

  • Ki byenfè nou jwenn lè nou suiv prensip moral Jewova bay yo?

Objektif

APRANN PLIS

Gade sa k fè Bondye vle yon gason ak yon fi marye youn ak lòt anvan yo viv ansanm.

“Ki sa Bib la di sou kesyon de moun k ap viv ansanm san yo pa marye?” (Atik sou Entènèt)

Gade poukisa lè Bib la kondane relasyon seksyèl ant fi ak fi oswa ant gason ak gason, sa pa vle di li ankouraje nou rayi moun k ap fè bagay sa yo.

“Èske omoseksyalite se yon bagay mal?” (Atik sou Entènèt)

Gade ki jan lwa Bondye bay anrapò ak relasyon seksyèl yo pwoteje nou.

“Èske sèks nan bouch se sèks vre?” (Atik sou Entènèt)

Nan atik ki gen tit: “Yo te trete m avèk respè”, gade ki sa k te pouse yon omoseksyèl chanje fason l t ap viv pou l fè Bondye plezi.

“Labib chanje lavi moun” (Toudegad 1ye avril 2011)

a Nan relasyon seksyèl imoral sa yo Bondye pa apwouve, gen fè sèks, gen sèks nan bouch, sèks nan dèyè, karese pati entim yon moun yon fason pou fè l jwenn plezi.