Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 43

Ki jan kretyen yo konsidere alkòl?

Ki jan kretyen yo konsidere alkòl?

Toupatou sou tè a, moun yo pa konsidere alkòl menm jan. Gen moun ki konn bwè ak zanmi yo pafwa. Gen lòt moun ki chwazi pa bwè ditou. E gen lòt moun ankò ki renmen bwè nan pwen pou yo sou. Ki sa Bib la di sou alkòl?

1. Èske se yon bagay ki mal pou moun bwè bwason ki gen alkòl?

Bib la pa di se yon bagay ki mal pou moun bwè alkòl. Okontrè, Bib la fè konnen pami tout kado Bondye bay lèzòm yo, “li bay diven ki fè kè lèzòm kontan”. (Sòm 104:14, 15.) Bib la pale de kèk gason ak kèk fi ki te fidèl ak Bondye ki te konn bwè bwason ki gen alkòl. — 1 Timote 5:23.

2. Ki konsèy Bib la bay moun ki chwazi bwè bwason ki gen alkòl yo?

Jewova pa dakò pou moun bwè anpil e pou yo sou (Galat 5:21). Men sa Pawòl li a di: “Pinga w vin yon moun ki bwè twòp diven.” (Pwovèb 23:20). Donk, si nou chwazi bwè bwason ki gen alkòl, menmsi nou poukont nou, nou pa dwe bwè nan pwen pou n pa ka panse yon fason ki klè. Nou pa dwe bwè tou nan pwen pou n pa ka kontwole pawòl nou ak aksyon nou, oswa pou n mete sante n an danje. Si nou pa ka kontwole kantite bwason ki gen alkòl nou bwè, nou dwe pran desizyon pou nou pa bwè ditou.

3. Ki jan nou ka montre nou respekte desizyon lòt moun pran anrapò ak bwason ki gen alkòl?

Se chak moun ki dwe deside si l ap bwè bwason ki gen alkòl oswa si l pap bwè. Nou pa dwe jije yon moun ki chwazi bwè bwason ki gen alkòl avèk moderasyon e nou pa dwe fòse yon moun bwè si l chwazi pa bwè (Women 14:10). Nou ka chwazi pa bwè alkòl, si sa kapab bay lòt moun pwoblèm. (Li Women 14:21.) Lè n fè sa, nou pa chèche “pwòp avantaj pa [nou], men avantaj pa lòt moun”. — Li 1 Korentyen 10:23, 24.

FOUYE PLIS

Egzamine kèk prensip nan Bib la k ap ede w konnen si w ka bwè e ki kantite w ka bwè. Epitou, gade pou w wè ki sa w ka fè si w gen pwoblèm pou w kontwole kantite bwason ki gen alkòl ou bwè.

4. Reflechi pou w konn si w ap bwè

Ki jan Jezi te konsidere bwè bwason ki gen alkòl? Pou w jwenn repons lan, egzamine premye mirak li te fè a. Li Jan 2:1-11, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki sa mirak sa a kapab aprann nou sou fason Jezi konsidere alkòl ak fason li konsidere moun ki bwè bwason ki gen alkòl?

  • Kòm Jezi pa t gen pwoblèm pou moun bwè alkòl, ki jan yon kretyen dwe konsidere yon moun ki chwazi bwè bwason ki gen alkòl?

Se vre yon kretyen gen dwa pou l bwè bwason ki gen alkòl, men, sa pa vle di li toujou bon pou l fè sa. Li Pwovèb 22:3, epi gade kèk sitiyasyon kote nou ka bezwen deside si n ap bwè alkòl oswa si nou pap bwè:

  • Ou pral kondui oswa ou pral travay ak yon ekipman ki mande konsantrasyon.

  • Ou ansent.

  • Doktè mande w pou w pa bwè bwason ki gen alkòl.

  • Ou gen pwoblèm pou w kontwole kantite bwason ki gen alkòl w ap bwè.

  • Lalwa pa ba w dwa pou w bwè bwason ki gen alkòl.

  • Ou ansanm ak yon moun ki chwazi pa bwè alkòl, paske lontan li te gen pwoblèm pou l kontwole kantite bwason ki gen alkòl l ap bwè.

Èske w ap bay bwason ki gen alkòl nan resepsyon maryaj ou oswa nan lòt fèt w ap fè? Gade VIDEYO a, l ap ede w pran yon desizyon.

Li Women 13:13 ak 1 Korentyen 10:31, 32. Apre w fin li chak pasaj, reponn kesyon sa a:

  • Lè w aplike prensip sa a, ki jan sa ap ede w pran desizyon k ap fè Jewova plezi?

Se chak kretyen k ap deside si l ap bwè bwason ki gen alkòl, e menmsi yon kretyen konn bwè bwason ki gen alkòl, gen kèk okazyon kote li ka chwazi pa bwè.

5. Reflechi pou w wè ki kantite bwason ki gen alkòl w ap bwè

Si w chwazi bwè bwason ki gen alkòl, men yon bagay pou w sonje: Se vre Jewova pa gen pwoblèm pou moun bwè bwason ki gen alkòl, men li pa dakò pou moun bwè twòp. Poukisa? Li Oze 4:11, 18, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki sa k ka rive lè yon moun bwè twòp?

Ki sa k ka ede nou pou nou pa bwè twòp? Nou bezwen konn limit nou. Li Pwovèb 11:2, epi reponn kesyon sa a:

  • Sa k fè se yon bon bagay pou nou deside ki kantite bwason ki gen alkòl n ap bwè?

6. Ki sa k ka ede yon moun sispann bwè twòp?

Gade ki sa k te ede yon mesye sispann bwè twòp bwason ki gen alkòl. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  • Nan videyo a, ki sa Dmitry te konn fè lè l bwè twòp alkòl?

  • Èske se tousuit li te sispann bwè?

  • Ki sa k te ede l sispann bwè twòp alkòl?

Li 1 Korentyen 6:10, 11, epi reponn kesyon sa yo:

  • Jis nan ki pwen sa grav pou yon moun sou?

  • Menmsi yon moun konn bwè twòp bwason ki gen alkòl, ki sa k montre li kapab chanje?

Li Matye 5:30, epi reponn kesyon sa a:

  • Lè Jezi te di pou yon moun koupe men l lan, li te vle di nou bezwen fè sakrifis pou nou fè Jewova plezi. Ki sa w ka fè si w ap lite pou w sispann bwè twòp bwason ki gen alkòl a?

Li 1 Korentyen 15:33, epi reponn kesyon sa a:

  • Nan kesyon bwè bwason ki gen alkòl, ki jan moun ki zanmi w kapab gen efè sou kantite w bwè?

SI YON MOUN TA MANDE W: “Èske l mal pou yon moun bwè alkòl?”

  • Ki sa w t ap reponn?

SA W TE APRANN

Jewova ban nou bwason ki gen alkòl pou fè kè nou kontan, men li pa dakò pou nou bwè twòp, ni pou nou sou.

Revizyon

  • Ki sa Bib la di sou alkòl?

  • Ki danje ki genyen lè yon moun bwè twòp bwason ki gen alkòl?

  • Ki jan nou ka respekte desizyon lòt moun pran anrapò ak bwason ki gen alkòl?

Objektif

APRANN PLIS

Ki jan jèn yo ka pran bon desizyon nan kesyon bwè bwason ki gen alkòl?

Anvan w bwè, reflechi sou konsekans yo (2:31)

Gade ki etap ou kapab suiv pou w rive kontwole kantite bwason ki gen alkòl ou bwè.

“Kite alkòl nan plas li” (Toudegad 1ye janvye 2010)

Èske yon kretyen kapab toke vè?

“Kesyon lektè yo poze” (Toudegad 15 fevriye 2007)

Nan istwa sa a ki gen tit: “Mwen te yon barik san fon”, gade ki jan yon mesye te sispann bwè twòp.

“Labib chanje lavi moun” (Toudegad 1ye me 2012)

a Moun ki esklav bwason ki gen alkòl ka bezwen pwofesyonèl lasante ede yo. Gen anpil doktè ki di moun ki pa kapab kontwole kantite bwason ki gen alkòl y ap bwè pa ta dwe bwè ditou.