Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 46

Poukisa w dwe vwe lavi w bay Jewova epi batize?

Poukisa w dwe vwe lavi w bay Jewova epi batize?

Ou vwe lavi w bay Jewova, lè w fè yon priyè pou w pwomèt li se li menm sèl w ap adore e se volonte l k ap pi enpòtan nan lavi w (Sòm 40:8). Apre w fin fè priyè sa a, w ap kapab batize. E konsa w ap montre tout moun ou te vwe lavi w bay Jewova. Se pi gwo desizyon ou kapab pran nan lavi w. Men, ki sa k ka fè w pran yon gwo desizyon konsa k ap chanje lavi w?

1. Ki sa k fè yon moun vwe lavi l bay Jewova?

Se lanmou ki fè nou vwe lavi nou bay Jewova (1 Jan 4:10, 19). Labib di: “Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout lespri nou e ak tout fòs nou.” (Mak 12:30). Nou bezwen montre nou renmen Bondye nonsèlman nan sa nou di, men nan sa nou fè tou. Menm jan lè yon gason ak yon fi renmen youn lòt toutbon yo marye, se konsa tou lanmou nou gen pou Jewova fè nou vwe lavi nou ba li epi batize.

2. Lè yon moun batize antanke Temwen Jewova, ki benediksyon Jewova ap fè l jwenn?

Lè w batize, ou antre nan fanmi Jewova a, yon fanmi ki gen kè kontan. Sa pral fè w wè ki jan li renmen w e sa pral fè w vin pi pwòch avè l. (Li Malachi 3:16-18.) Nonsèlman Jewova ap vin Papa w, men tou w ap gen frè ak sè toupatou sou tè a ki renmen l e ki renmen w. (Li Mak 10:29, 30.) Natirèlman, gen kèk bagay ou bezwen fè anvan w batize. Ou bezwen aprann konnen Jewova, ou bezwen renmen l e w bezwen gen lafwa nan Pitit Gason l lan. Apre sa, ou dwe vwe lavi w bay Jewova. Lè w fè tout bagay sa yo epi w batize, w ap kapab viv ak kè kontan pou toutan. Pawòl Bondye a di: ‘Batèm sove nou kounye a.’ — 1 Pyè 3:21.

FOUYE PLIS

Gade poukisa li enpòtan pou w vwe lavi w bay Jewova e pou w batize.

3. Chak moun dwe chwazi kiyès l ap sèvi

Nan tan lontan, gen moun ann Izrayèl ki te panse yo ka adore Jewova toutpandan y ap adore Baal, yon fo dye. Men, Jewova te voye Eli, pwofèt li, pou l te korije fason yo te panse a. Li 1 Wa 18:21, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki sa Izrayelit yo te dwe fè?

Nou menm tou, nou dwe chwazi kiyès n ap sèvi, menm jan Izrayelit yo te dwe fè sa. Li Lik 16:13, epi reponn kesyon sa yo:

  • Poukisa nou pa kapab adore Jewova epi pou n ap adore yon lòt moun oswa yon bagay?

  • Ki jan nou ka montre Jewova se li menm sèl nou chwazi adore?

4. Byen reflechi sou lanmou Jewova gen pou ou

Jewova ban nou anpil bèl kado. Ki sa nou menm nou ka ba li? Gade VIDEYO a.

Ki diferan fason Jewova montre li renmen w? Li Sòm 104:14, 15 ak 1 Jan 4:9, 10, epi reponn kesyon sa yo:

  • Nan tout kado Jewova ba w yo, ki kado ou pi kontan resevwa?

  • Ki santiman kado sa yo fè w genyen pou Jewova?

Lè yo ban nou yon kado nou renmen anpil, nou anvi fè moun ki ban nou l lan konnen jan nou kontan resevwa kado sa a. Li Detewonòm 16:17, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki sa w santi w anvi bay Jewova lè w reflechi sou tout sa l fè pou ou?

5. Nou jwenn anpil benediksyon lè nou vwe lavi nou bay Jewova

Anpil moun panse se lè yo popilè, yo gen yon bèl karyè oubyen anpil lajan, y ap gen kè kontan. Men, èske se vre? Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

  • Poukisa jwè foutbòl sa a te bay vag sou foutbòl, alòske l te renmen jwe foutbòl?

  • Li pa t chwazi vwe lavi l bay foutbòl, men li te chwazi vwe lavi l bay Jewova. Èske w panse li te byen chwazi? Sa k fè w panse sa?

Anvan apot Pòl te vin kretyen, li te gen yon bèl karyè. Li te etidye lwa Juif yo nan men yon gwo pwofesè, men li te bay vag sou tout bagay sa yo pou l vin kretyen. Èske Pòl te regrèt sa? Li Filipyen 3:8, epi reponn kesyon sa yo:

  • Poukisa Pòl di tout sa l te fè anvan l te vin kretyen yo te “yon pil fatra”?

  • Ki sa l te jwenn nan plas bagay sa yo?

  • Ki pi bon fason w panse w ka viv, èske se lè w ap sèvi Jewova oswa lè w chwazi fè lòt bagay ak lavi w?

Lè Pòl te vin kretyen, li te jwenn plis bagay pase sa l te abandone yo.

GEN MOUN KI DI: “Bondye pa mande tout sa.”

  • Poukisa w panse li nòmal pou w vwe lavi w bay Jewova?

SA W TE APRANN

Se lanmou ki fè nou vwe lavi nou bay Jewova epi batize.

Revizyon

  • Poukisa Jewova merite pou nou renmen l ak tout kè nou e pou nou adore l?

  • Lè yon moun batize antanke Temwen Jewova, ki jan Jewova rekonpanse l?

  • Èske w ta renmen vwe lavi w bay Jewova?

Objektif

APRANN PLIS

Gade sa k fè yon chantez ak yon jwè foutbòl ameriken te chwazi vwe lavi yo bay Jewova.

Kesyon jèn yo konn poze — Ki sa m ap fè ak lavi m? — Lè m gad dèyè 6:54

Gade lòt rezon w genyen pou w vwe lavi w bay Jewova.

“Poukisa w bezwen vwe tèt ou bay Jewova?” (Toudegad 15 janvye 2010)

Nan videyo mizik sa a, gade ki jan yon seri moun gen kè kontan paske yo vwe lavi yo bay Jewova.

Mwen ba ou tout lavi m (4:30)

Gade ki sa k te pouse yon dam reflechi sou sa k pi enpòtan nan lavi l nan istwa sa a ki gen tit: “Mwen te fè anpil ane ap mande tèt mwen poukisa n ap viv?”

“Labib chanje lavi moun” (Toudegad 1ye novanm 2012)