Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 47

Èske w pare pou w batize?

Èske w pare pou w batize?

Pandan w ap etidye Bib la, ou aprann anpil bagay sou Jewova. Petèt ou fè kèk chanjman pou w ka aplike sa w aprann yo. Men, gendwa gen kèk bagay ki fè w santi w poko prè pou w vwe lavi w bay Jewova epi pou w batize. Leson sa a pral pale sou kèk bagay ki konn anpeche moun batize e l ap montre w sa w ka fè pou w pa kite bagay sa yo anpeche w batize.

1. Ki kantite konesans ou bezwen genyen anvan w batize?

Pou w ka batize, ou bezwen gen “yon konesans egzak sou laverite”. (1 Timote 2:4.) Men, sa pa vle di ou oblije gen repons pou tout kesyon yon moun ka poze sou Bib la. Menm kretyen ki gen lontan depi yo batize kontinye aprann nan Bib la (Kolosyen 1:9, 10). Men, ou bezwen gen yon konesans debaz sou sa Bib la anseye. Ansyen yo ap ede w wè si w gen ase konesans pou w batize.

2. Ki sa w bezwen fè anvan w batize?

Anvan w batize, ou bezwen “repanti, e . . . kase tèt tounen”. (Li Travay 3:19.) Sa vle di ou dwe regrèt kèlkeswa peche w te fè e w dwe mande Jewova padone w. Mete sou sa, ou dwe sispann fè sa ki pa bon e w dwe pran detèminasyon pou w viv fason ki fè Bondye plezi a. Epitou, ou bezwen patisipe nan aktivite kongregasyon an lè w asiste reyinyon yo e lè w vin yon pwoklamatè ki poko batize.

3. Poukisa w pa bezwen pè?

Gen moun ki pè paske yo panse yo pap ka kenbe pwomès yo fè Jewova a. Se vre, pafwa w ap fè erè menm jan ak yon seri moun fidèl Bib la pale de yo. Men, Jewova pa atann pou moun k ap sèvi l yo pafè. (Li Sòm 103:13, 14.) Li kontan lè w fè tout sa w kapab pou w fè l plezi, e l ap ede w. Anfèt, Jewova ban nou asirans anyen “pap kapab separe nou ak lanmou” li gen pou nou. — Li Women 8:38, 39.

FOUYE PLIS

Gade ki sa w kapab fè pou w pa kite okenn bagay anpeche w batize, lè w aprann konnen Jewova pi byen e lè w aksepte èd li ba ou.

4. Aprann konnen Jewova pi byen

Nan ki pwen ou bezwen konnen Jewova pou w batize? Ou bezwen konnen Jewova ase pou w renmen l e pou w vle fè volonte l. Gade VIDEYO a pou w wè fason kèk etidyan Labib toupatou sou tè a fè sa, epi reponn kesyon ki vin apre a.

  • Nan videyo a, ki sa k te ede kèk moun prepare yo pou yo batize?

Li Women 12:2, epi reponn kesyon sa yo:

  • Èske w gen dout sou sa Bib la anseye oswa sou sa Temwen Jewova yo anseye?

  • Ki sa w ka fè si w gen dout?

5. Pa kite anyen anpeche w batize

Tout moun ki deside vwe lavi yo bay Jewova epi batize ap jwenn difikilte. Pou w ka wè yon egzanp, gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

  • Nan videyo a, ki bagay Narangerel pa t kite anpeche l sèvi Jewova?

  • Ki jan lanmou l gen pou Jewova te ede l fè fas ak pwoblèm sa yo?

Li Pwovèb 29:25 ak 2 Timote 1:7, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki sa k ka ban nou kouraj pou nou fè fas ak bagay ki ka anpeche nou batize?

6. Ou mèt sèten Jewova ap ede w!

Jewova ap ede w fè l plezi. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

  • Nan videyo a, ki sa k fè etidyan Labib sa a te pè batize?

  • Ki sa li te aprann ki te ede l pou l gen plis konfyans nan Jewova?

Li Ezayi 41:10, 13, epi reponn kesyon sa a:

  • Poukisa w mèt gen asirans ou kapab kenbe pwomès ou fè Jewova lè w vwe lavi w ba li a?

7. Chèche gen plis rekonesans pou lanmou Jewova gen pou ou

Plis ou reflechi sou fason Jewova renmen w, se plis w ap gen rekonesans pou Jewova e se plis w ap anvi sèvi l pou toutan. Li Sòm 40:5, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki benediksyon Jewova ba w ou plis apresye?

Pwofèt Jeremi te renmen Jewova, li te renmen Pawòl Jewova a e li te vrèman kontan pote non Jewova. Li te di: “Pawòl ou yo . . .  te fè kè m kontan anpil. Paske, mwen pote non w, o Jewova Dye, Chèf lame yo.” (Jeremi 15:16). Reponn kesyon sa yo:

  • Poukisa se yon gwo privilèj sa ye pou yon moun pote non Jewova?

  • Èske w vle batize antanke Temwen Jewova?

  • Èske gen yon bagay ki anpeche w fè sa?

  • Ki sa w panse w dwe fè pou w batize?

GEN MOUN KI DI: “Mwen pa panse m ap ka ret fidèl apre m fin batize.”

  • Èske w panse konsa tou?

SA W TE APRANN

Avèk èd Jewova, ou ka fè efò pou anyen pa anpeche w batize.

Revizyon

  • Ki kantite konesans ou dwe gen nan Bib la pou w batize?

  • Ki chanjman ou ka bezwen fè anvan w batize?

  • Poukisa w pa dwe pè batize?

Objektif

APRANN PLIS

Gade ki pi gwo rezon ou genyen pou w batize.

“Èske w pare pou w batize?” (Toudegad mas 2020)

Aprann sa w ka fè pou w pa kite okenn difikilte fè w pè batize.

“Ki sa k anpeche m batize?” (Toudegad mas 2019)

Gade ki sa yon mesye te fè pou l pa t kite kèk gwo difikilte l te jwenn anpeche l batize.

‘Ki sa ki anpeche w batize?’ (1:10)

Okòmansman, gen yon mesye ki rele Ataa ki te pè batize, gade ki sa ki te konvenk li pou l batize.

Èske m merite yon bèl bagay konsa? (7:21)