Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 48

Byen chwazi moun k ap zanmi w

Byen chwazi moun k ap zanmi w

Lè nou kontan, bon zanmi nou kontan e lè n ap pase moman difisil, yo ban nou fòs. Men, Bib la montre nou se pa tout moun ki kapab yon bon zanmi. Donk, ki jan w ka byen chwazi moun k ap bon zanmi w? Ann egzamine kesyon ki vin apre yo.

1. Èske moun ou chwazi kòm zanmi ap gen efè sou ou?

An jeneral, nou vin menm jan ak moun nou pase tan avèk yo. Sa kapab bon pou nou oubyen sa kapab pa bon pou nou. Sa kapab rive kit se dirèkteman nou pase tan sa a avèk yo, kit se sou rezo sosyal. Jan Bib la montre sa, “moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès, men, moun ki annafè ak moun ki sòt [sa vle di moun ki pa renmen Jewova], sa ap mal pou li”. (Pwovèb 13:20.) Lè zanmi nou renmen Jewova e y ap adore l, yo ka ede n rete pwòch avè l e yo ka ede n pran bon desizyon. Men, si nou gen zanmi ki pa fè pati kongregasyon an, tikras pa tikras, yo ka fè nou vin pa pwòch ak Jewova ankò. Nou pa sezi lefètke Bib la ankouraje nou byen chwazi zanmi nou. Lè zanmi nou se moun ki renmen Bondye, sa bon ni pou nou ni pou yo. Konsa, youn ka ‘kontinye ankouraje lòt e youn ka kontinye fòtifye lòt’.— 1 Tesalonisyen 5:11.

2. Ki jan Jewova santi l lè l wè moun nou chwazi kòm zanmi?

Jewova byen chwazi moun k ap zanmi l. “Li bon zanmi ak moun ki dwat.” (Pwovèb 3:32). Ki jan Jewova t ap santi l si nou ta chwazi moun ki pa renmen l kòm zanmi? Sa t ap fè l mal anpil! (Li Jak 4:4.) Yon lòt bò, si nou evite move zanmi, nou vin pwòch Jewova ak moun ki renmen l yo, Jewova ap kontan e l ap chwazi nou kòm zanmi.— Sòm 15:1-4.

FOUYE PLIS

Gade poukisa li vrèman enpòtan pou nou byen chwazi moun k ap zanmi nou e gade ki jan w ka vin gen zanmi k ap gen bon efè sou ou.

3. Veye pou w pa fè move zanmi

Moun ki pa renmen Bondye e ki pa renmen prensip li yo se move zanmi. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

  • Ki jan nou ka kòmanse gen move frekantasyon san nou pa menm rann nou kont?

Li 1 Korentyen 15:33, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki kalite moun ki ka move frekantasyon oswa move zanmi pou ou? Sa k fè sa?

Li Sòm 119:63, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki sa w dwe chèche nan yon zanmi?

Yon pòm ki gate ka gate tout rès pòm yo. Ki jan yon move zanmi ka gen move efè sou ou?

4. Nou ka bon zanmi ak yon moun menmsi nou diferan youn ak lòt

Bib la pale de David ak Jonatan, de mesye ki t ap viv ann Izrayèl nan tan lontan. Yo te vrèman diferan youn ak lòt. Jonatan te pi gran lontan pase David e li te pitit yon wa, poutan yo te bon zanmi. Li 1 Samyèl 18:1, epi reponn kesyon sa a:

  • Sa k fè nou pa oblije toujou fè zanmi ak moun menm laj avèk nou oubyen menm ran sosyal avèk nou?

Li Women 1:11, 12, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan zanmi ki renmen Jewova yo kapab ankouraje youn lòt?

Nan videyo sa a, gade ki jan yon jèn frè te jwenn zanmi kote l pa t ap imajine. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

  • Nan videyo a, poukisa paran Akil yo te enkyete konsènan zanmi li te gen nan lekòl li?

  • Ki sa k te fè zanmi sa yo atire l okòmansman?

  • Ki sa l te fè pou l pa santi l poukò l ankò?

5. Ki sa w ka fè pou w vin gen bon zanmi

Gade ki jan w ka jwenn bon zanmi e gade ki jan w ka yon bon zanmi tou. Gade VIDEYO a.

Li Pwovèb 18:24 ak 27:17, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki jan vrè zanmi ede youn lòt?

  • Èske w gen bon zanmi konsa? Si w pa genyen, ki sa w ka fè pou w vin gen kèk bon zanmi konsa?

Li Filipyen 2:4, epi reponn kesyon sa a:

  • Si w vle gen bon zanmi, ou dwe yon bon zanmi. Ki jan w ka fè sa?

Pou w gen bon zanmi, ou dwe yon bon zanmi tou.

GEN MOUN KI DI: “Moun pa gate moun.”

  • E ou menm, sa w panse?

SA W TE APRANN

Lè nou byen chwazi moun k ap zanmi nou, nou fè Jewova kontan e nou jwenn byenfè.

Revizyon

  • Poukisa Jewova enterese nan moun nou chwazi kòm zanmi?

  • Ki kalite moun nou pa dwe gen kòm zanmi?

  • Ki sa nou ka fè pou nou bon zanmi ak moun k ap gen bon efè sou nou?

Objektif

APRANN PLIS

Gade ki jan bon zanmi ka ede nou lè nou nan moman difisil.

“Chèche gen bon zanmi anvan lafen an vini” (Toudegad novanm 2019)

Ki sa w ta dwe aprann sou fè zanmi sou Entènèt?

Byen sèvi ak rezo sosyal (4:12)

Gade ki jan yon mesye te fè lòt zanmi nan istwa sa a ki gen tit: “Mwen te swaf gen yon papa”.

“Labib chanje lavi moun” (Toudegad 1ye avril 2012)