Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 50

Ki jan fanmi w ka gen kè kontan?— Dezyèm pati

Ki jan fanmi w ka gen kè kontan?— Dezyèm pati

Timoun se kado Jewova bay. Jewova vle pou paran yo byen pran swen kado sa a e li ba yo bonjan konsèy pou ede yo fè sa. Li bay timoun yo konsèy tou k ap ede yo konn sa pou yo fè pou gen kè kontan nan fanmi yo.

1. Ki konsèy Jewova bay paran yo?

Jewova vle paran yo renmen pitit yo e l vle yo pase anpil tan ak pitit yo selon posiblite yo. Anplis, li vle yo pwoteje pitit yo e l vle yo sèvi ak prensip ki nan Bib la pou yo fòme yo (Pwovèb 1:8). Men sa l di papa yo: ‘Kontinye leve pitit nou nan avètisman Jewova bay.’ (Li Efezyen 6:4.) Jewova kontan lè paran yo suiv konsèy li bay nan fason y ap leve pitit yo e lè yo pa bay lòt moun responsablite sa a.

2. Ki konsèy Jewova bay timoun yo?

Men konsèy Jewova bay timoun yo: “Se pou nou obeyi paran nou.” (Li Kolosyen 3:20.) Lè timoun yo respekte paran yo e yo obeyi yo, yo fè kè Jewova kontan e yo fè kè paran yo kontan tou (Pwovèb 23:22-25). Lè Jezi te timoun, li te bay yon bèl egzanp nan domèn sa a. Byenke li te pafè, li te obeyi paran l e li te respekte yo.— Lik 2:51, 52.

3. Ki jan fanmi nou ka vin pi pwòch ak Bondye?

Si w se yon paran, sandout ou vle pitit ou renmen Jewova jan ou menm ou renmen l lan. Ki sa k ka ede w fè sa? Ebyen, se lè w fè sa Bib la di la a: “Se pou nou fè [pawòl Jewova] yo antre nan kè pitit nou yo e se pou nou pale sou bagay sa yo avèk yo lè nou chita anndan lakay nou, [ak] lè n ap mache avèk yo sou wout yo.” (Detewonòm 6:7). Pou nou fè pawòl Jewova yo “antre nan kè” pitit nou, nou bezwen repete yo souvan. Petèt ou konnen byen souvan ou oblije repete yon bagay plizyè fwa pou pitit ou pou yo ka sonje l. Vèsè sa a montre ou toujou bezwen chèche okazyon pou w pale ak pitit ou konsènan Jewova. L ap bon pou n rezève yon tan chak semèn pou nou adore Jewova an fanmi. Si nou pa gen pitit, l ap toujou bon pou nou pran tan chak semèn pou nou etidye Pawòl Bondye a.

FOUYE PLIS

Gade kèk bon konsèy ki ka fè gen kè kontan nan fanmi nou.

4. Bay pitit ou fòmasyon avèk lanmou

Bay yon timoun fòmasyon se pa yon bagay ki fasil. Men, ki jan Bib la kapab ede nou? Li Jak 1:19, 20, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki jan paran yo kapab demontre lanmou lè y ap pale ak pitit yo?

  • Poukisa yon paran pa ta dwe janm disipline pitit li pandan l an kòlè a?

5. Pwoteje pitit ou

Pou w pwoteje pitit ou yo, li enpòtan anpil pou w pale de sèks ak yo chak. Petèt ou ka santi w jennen pou w fè sa. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

  • Poukisa l pa fasil pou kèk paran pale de sèks ak pitit yo?

  • Ki jan kèk paran te rive pale de sèks avèk pitit yo?

Jan pwofesi yo montre sa, de jou an jou, monn Satan an ap vin pi mechan. Li 2 Timote 3:1, 13, epi reponn kesyon ki vin apre a:

  • Gen kèk nan moun mechan yo pale de yo nan vèsè 13 la k ap fè abi seksyèl sou timoun. Donk, poukisa li enpòtan pou paran yo pale ak timoun yo sou sèks e sou fason pou yo pwoteje tèt yo kont moun ki ka fè abi seksyèl sou yo?

Èske w te konnen?

Temwen Jewova yo fè anpil piblikasyon ak videyo pou ede paran yo pale de sèks avèk pitit yo e pou ede yo pwoteje pitit yo pou moun pa fè abi seksyèl sou yo. Pa egzanp, gade:

6. Respekte paran w

Ni timoun yo, ni jèn yo kapab montre yo respekte paran yo nan fason yo pale avèk yo. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

  • Poukisa l enpòtan pou yon jèn pale avèk paran l avèk respè?

  • Ki jan yon jèn kapab pale ak paran l yon fason ki montre li onore yo?

Li Pwovèb 1:8, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan yon timoun dwe reyaji lè paran l ap pale avè l pou ba l fòmasyon?

7. Adore Jewova an fanmi

Fanmi ki Temwen Jewova yo rezève yon tan chak semèn pou yo adore Jewova ansanm. Ki jan nou ka fè adorasyon an fanmi an? Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

  • Ki jan yon fanmi kapab fè pou adorasyon an fanmi an toujou fèt chak semèn?

  • Ki sa paran yo kapab fè pou adorasyon an fanmi an itil fanmi an e pou yo pran plezi ladan l?— Gade foto ki nan kòmansman leson sa a.

  • Ki sa k kapab fè l difisil pou nou etidye Bib la ansanm?

Nan Izrayèl tan lontan an, Jewova te mande fanmi yo pou yo pale regilyèman sou Pawòl li a. Li Detewonòm 6:6, 7 epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan w ka aplike prensip sa a?

Kèk ide pou adorasyon an fanmi:

  • Prepare reyinyon yo ansanm.

  • Li yon istwa nan Bib la fanmi an ap renmen epi pale sou li.

  • Si w gen timoun piti, telechaje yon aktivite pou timoun oswa enprime youn sou jw.org.

  • Si gen jèn nan fanmi an, pale sou youn nan atik ki pou jèn yo sou jw.org.

  • Eseye jwe yon istwa biblik ansanm ak pitit ou.

  • Gade youn nan videyo ki sou jw.org yo epi pale sou li.

GEN MOUN KI DI: “Bib la twò difisil pou timoun konprann.”

  • Ki sa w t ap di l?

SA W TE APRANN

Jewova vle paran yo renmen pitit yo, li vle yo ba yo fòmasyon epi pwoteje yo. Li vle pou timoun yo respekte paran yo epi obeyi yo. E li vle pou fanmi yo adore l ansanm.

Revizyon

  • Ki jan paran yo ka bay pitit yo fòmasyon e ki jan yo ka pwoteje yo?

  • Ki jan timoun yo kapab onore paran yo?

  • Ki byenfè fanmi yo ap jwenn lè yo rezève yon tan chak semèn pou yo adore Jewova ansanm?

Objektif

APRANN PLIS

Kèk konsèy ki kapab ede pitit ou pou yo vin granmoun ki responsab.

“Sis leson timoun yo dwe aprann” (Reveye n! no 2 2019)

Gade kèk bon konsèy Bib la bay moun k ap pran swen paran yo ki granmoun.

“Ki sa Bib la di anrapò ak pran swen paran nou ki granmoun?” (Atik sou Entènèt)

Gade ki jan yon mesye ki pa t konn ki fason pou l leve timoun te vin yon bon papa.

Jewova anseye nou fason pou n pran swen fanmi nou (5:58)

Gade ki jan papa yo kapab pi pwòch ak pitit gason yo.

“Fason papa yo ka ret pwòch ak pitit gason yo?” (Toudegad 1ye novanm 2011)

a Nan Bib la, “disiplin” fè referans ak enstriksyon, direksyon ak koreksyon. Li pa janm vle di mechanste oswa fè abi.— Pwovèb 4:1.