Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 51

Ki jan w ka fè Jewova plezi nan fason w pale?

Ki jan w ka fè Jewova plezi nan fason w pale?

Lè Jewova te kreye nou, li te ban nou yon bèl kado: se kapasite pou nou pale a. Èske l enterese nan fason nou sèvi ak kado sa a? Wi! (Li Jak 1:26.) Donk, ki jan nou ka sèvi ak kapasite nou genyen pou nou pale a yon fason k ap fè Jewova plezi?

1. Ki jan nou ta dwe sèvi ak kapasite nou genyen pou nou pale a?

Bib la di: “Se pou youn kontinye ankouraje lòt e se pou youn kontinye fòtifye lòt.” (1 Tesalonisyen 5:11). Èske w konn yon moun ki bezwen ankourajman? Ki sa w ka fè pou w fè l santi l pi byen? Fè l konnen ou renmen l. Petèt ou kapab di l sa w apresye lakay li. Èske gen yon vèsè w panse ki ka ankouraje yon moun ou konnen? Gen plizyè vèsè w ka chwazi pou w ankouraje yon moun. Epi, sonje se pa sèlman pawòl nou di ki kapab gen efè sou yon moun, men tou fason nou di l kapab gen gwo efè sou li. Donk, toujou fè efò pou w pale avèk jantiyès e avèk dousè.— Pwovèb 15:1.

2. Ki kalite pawòl ki pa dwe sot nan bouch nou?

Bib la di: “Pa kite okenn pawòl pouri sot nan bouch nou.” (Li Efezyen 4:29.) Sa vle di nou pa dwe di betiz, ni nou pa dwe di move pawòl ki kapab fè yon moun mal. Mete sou sa, nou pa dwe fè tripotay, ni nou pa dwe pale moun mal.— Li Pwovèb 16:28.

3. Ki sa k kapab ede nou pale yon fason ki ankouraje lòt moun?

Byen souvan, sa nou di montre sa k nan kè nou oubyen sa k ap trakase nou (Lik 6:45). Donk, nou bezwen fè efò pou nou konsantre sou bon bagay, bagay ki jis, bagay ki pwòp, bagay ki merite pou yo renmen yo ak bagay ki merite louwanj (Filipyen 4:8). Pou nou ka konsantre sou bagay sa yo, nou bezwen byen chwazi detant n ap pran ak zanmi nou (Pwovèb 13:20.) Yon lòt bagay ki ka ede nou, se lè nou reflechi anvan nou pale. Reflechi sou fason pawòl nou kapab gen efè sou lòt moun. Bib la di: “Pawòl moun di san reflechi tankou kout epe, men, lang moun ki gen sajès la geri moun.”— Pwovèb 12:18.

FOUYE PLIS

Aprann ki jan pou w pale yon fason ki fè Jewova plezi e ki ankouraje lòt moun.

4. Kontwole sa w ap di

Nou tout konn di kèk bagay nou regrèt annapre (Jak 3:2). Li Galat 5:22, 23, epi reponn kesyon sa yo:

  • Nan tout kalite sa yo, ki kalite w ka mande Jewova k ap ede w kontwole sa w ap di? Ki jan kalite sa yo kapab ede w?

Li 1 Korentyen 15:33, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan moun ou chwazi kòm zanmi ak detant ou pran kapab gen efè sou fason w pale?

Li Eklezyas 3:1, 7, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki lè w panse li kapab bon pou w pa pale oubyen pou w tann yon pi bon moman pou w pale?

5. Di bon bagay sou lòt moun

Ki sa nou ka fè pou n pa di bagay ki fè moun mal oswa pou n pa pale moun mal? Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

  • Poukisa frè ki nan videyo a te bezwen chanje fason li pale de lòt moun?

  • Ki sa l te fè pou l chanje?

Li Eklezyas 7:16, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki sa nou dwe sonje lè nou anvi di yon bagay ki pa bon sou yon moun?

Li Eklezyas 7:21, 22, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan vèsè sa yo kapab ede w pou w pa fache lè yon moun di yon bagay ki pa bon sou ou?

6. Se pou w janti nan fason w ap pale ak moun nan fanmi w

Jewova vle pou nou janti e pou nou demontre lanmou lè n ap pale ak moun nan fanmi nou. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

  • Ki sa k ka ede w pou w janti lè w ap pale ak moun nan fanmi w?

Li Efezyen 4:31, 32, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki kalite pawòl ki ka ankouraje moun nan yon fanmi?

Jewova te fè konnen jan l te santi l lè l t ap pale de Jezi, Pitit Gason l. Li Matye 17:5, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan w ka imite Jewova nan fason w pale ak moun nan fanmi w?

Chèche okazyon pou w felisite lòt moun.

GEN MOUN KI DI: “Sa m ap di a m ap di l. Zafè moun ki pa kontan.”

  • Èske w dakò? Sa k fè se konsa ou reponn?

SA W TE APRANN

Pawòl nou di ka gen efè sou moun. Se sa k fè, nou bezwen byen reflechi sou sa n ap di, ki lè n ap di l e ki fason n ap di l.

Revizyon

  • Bay kèk fason ou ka byen sèvi ak pawòl ou.

  • Ki kalite pawòl ou pa ta dwe di?

  • Ki sa k ka ede nou pou n toujou pale avèk jantiyès e yon fason ki ankouraje lòt moun?

Objektif

APRANN PLIS

Ki sa k ka ede nou pou nou di bon bagay?

Chèche gen lang moun ki gen sajès la (8:04)

Aprann ki sa k ka ede w pou w evite di betiz.

“Èske di betiz pa bon toutbon?” (Atik sou Entènèt)

Gade ki sa w ka fè pou w pa tonbe nan tripotay.

Ki sa m ka fè pou m pa mele nan tripotay? (2:36)

Gade ki jan Jewova te ede yon mesye ki t ap lite pou l sispann di vye mo.

“Mwen te kòmanse reflechi toutbon sou direksyon m ap bay lavi m” (Toudegad 1ye out 2013)