Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 57

Ki sa pou w fè si w fè yon peche grav?

Ki sa pou w fè si w fè yon peche grav?

Malgre w renmen Jewova anpil e w ap fè tout efò w pou w pa fè l lapenn, pafwa, w ap fè erè. Men, gen peche ki pi grav pase lòt (1 Korentyen 6:9, 10). Si w fè yon peche ki grav, sonje sa: Jewova pa sispann renmen w poutèt sa. Li dispoze padone w e l dispoze ede w.

1. Ki sa nou dwe fè pou Jewova padone nou?

Moun ki renmen Jewova yo tris anpil lè yo rann yo kont yo fè yon peche grav. Men, gen yon pwomès Jewova fè pèp li a ki konsole yo. Men sa l di: “Menmsi peche nou yo tankou twal wouj, y ap vin blan kou nèj.” (Ezayi 1:18). Si nou repanti toutbon, Jewova ap padone nou nèt. Men, ki sa sa vle di repanti? Lè nou repanti, nou vrèman regrèt sa nou fè ki mal la, nou sispann fè l e nou sipliye Jewova pou l padone nou. Epi, nou fè gwo efò pou nou chanje move fason nou panse a oswa abitid ki te fè nou fè peche a e nou fè efò pou nou viv selon prensip Jewova yo ki pwòp.— Li Ezayi 55:6, 7.

2. Ki jan Jewova sèvi ak ansyen yo pou ede nou lè nou fè yon peche?

Si nou fè yon peche ki grav, Jewova mande nou pou nou “rele ansyen yo nan kongregasyon an”. (Li Jak 5:14, 15.) Ansyen yo renmen Jewova e yo renmen ti mouton l yo. Yo jwenn fòmasyon sou fason pou yo ede nou vin gen bon relasyon ak Jewova ankò.— Galat 6:1.

Ki jan ansyen yo ap ede nou si nou fè yon peche ki grav? De oswa twa ansyen ap sèvi ak Bib la pou yo montre nou rezon ki fè sa nou fè a pa bon. Epitou, y ap ban nou bonjan konsèy ak ankourajman pou ede n pou n pa fè peche a ankò. Yo ka deside nou pap ka patisipe nan kèk aktivite k ap fèt nan kongregasyon an pandan yon tan, jiskaske nou tounen gen bon relasyon ak Jewova ankò. Si yon moun fè yon peche ki grav e li pa repanti, ansyen yo ap eskominye l yon fason pou l pa gen move enfliyans sou lòt moun nan kongregasyon an.

FOUYE PLIS

Chèche pi byen konprann epi apresye fason Jewova ede nou lè nou fè yon peche ki grav.

3. Lè nou konfese peche nou yo, sa ede n vin gen bon relasyon ak Jewova ankò

Kèlkeswa peche nou fè a, sa fè Jewova mal. Se sa k fè, nou dwe konfese peche a ba li. Li Sòm 32:1-5, epi reponn kesyon sa a:

  • Sa k fè li bon pou nou pou n konfese peche nou yo bay Jewova olye nou eseye kache yo?

Apre nou fin konfese peche nou an bay Jewova, lè nou chèche èd nan men ansyen yo, n ap santi nou soulaje. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

  • Nan videyo a, ki jan ansyen yo te ede Canon retounen vin gen bon relasyon ak Jewova?

Nou bezwen pale klè ak ansyen yo e nou bezwen onèt avèk yo paske yo la pou ede nou. Li Jak 5:16, epi reponn kesyon sa a:

  • Lè nou onèt ak ansyen yo, sa k fè l pi fasil pou yo ede nou?

Konfese peche w fè a bay Jewova, pa kache ansyen yo anyen epi aksepte èd Jewova ba ou avèk lanmou.

4. Rezon ki fè se yon bon bagay lè yon moun eskominye

Si yon moun fè yon peche ki grav e li refize suiv prensip Jewova yo, li pap ka kontinye fè pati kongregasyon an. Y ap eskominye l, nou pap frekante l ankò e menm pale nou pap pale avèk li. Li 1 Korentyen 5:6, 11 ak 2 Jan 9-11, epi reponn kesyon sa a:

  • Menm jan ledven fè yon pat leve, si nou ta frekante yon moun ki peche e ki pa repanti, ki jan sa t ap gen efè sou kongregasyon an?

Gen anpil moun ki te eskominye ki tounen nan kongregasyon an, paske malgre disiplin yo te jwenn nan te fè yo mal, sa te ede yo retounen nan bonsans yo (Sòm 141:5). Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

  • Nan videyo a, lefètke Sonya te eskominye, ki jan sa te ede l?

Lè yon moun eskominye, nan ki sans...

  • sa onore non Jewova?

  • sa montre Jewova rezonab e li gen lanmou?

5. Lè nou repanti, Jewova padone nou

Jezi te sèvi ak yon egzanp ki ede nou konprann fason Jewova santi l lè yon moun repanti. Li Lik 15:1-7, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki sa egzanp sa a aprann ou sou Jewova?

Li Ezekyèl 33:11, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki bagay enpòtan nou bezwen fè pou nou montre nou repanti?

Menm jan ak yon bèje, Jewova renmen ti mouton l yo anpil.

GEN MOUN KI DI: “M pè pou ansyen yo pa eskominye m si m al di yo peche m fè a.”

  • Ki sa w t ap di yon moun ki santi l konsa?

SA W TE APRANN

Si nou fè yon peche ki grav, men nou repanti toutbon e nou detèmine pou nou sispann fè sa ki mal, Jewova ap padone nou.

Revizyon

  • Sa k fè li bon pou nou konfese peche nou bay Jewova?

  • Ki sa nou bezwen fè pou nou jwenn padon pou peche nou?

  • Si nou fè yon peche ki grav, poukisa nou dwe chèche èd nan men ansyen yo?

Objektif

APRANN PLIS

Gade ki jan Jewova te fè yon mesye mizèrikòd, jan sa parèt nan Ezayi 1:18 la.

Pa janm gen dout sou mizèrikòd Jewova (5:02)

Nan ki sans lè yon moun eskominye, sa bon pou tout moun?

“Yon dispozisyon ki demontre lanmou” (Toudegad 15 avril 2015)

Gade ki jan ou ka esplike yon moun ki pa Temwen rezon ki fè yo konn eskominye yon moun.

“Èske Temwen Jewova yo evite moun ki kite relijyon yo a?” (Atik sou Entènèt)

Nan istwa ki gen tit: “Mwen te bezwen tounen vin jwenn Jewova” a, gade ki jan yon mesye ki te kite laverite te santi Jewova rale l tounen.

“Labib chanje lavi moun” (Toudegad 1ye avril 2012)