Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske m pare?

Èske m pare?

Èske m pare pou m preche ak kongregasyon an?

Ou kapab vin yon pwoklamatè ki poko batize, si w...

  • etidye Bib la regilyèman, ou priye e w asiste reyinyon kongregasyon an.

  • renmen sa w ap aprann yo, ou kwè nan yo epi w fè lòt moun konnen yo.

  • renmen Jewova e w chwazi moun ki renmen l kòm bon zanmi w.

  • fè retire non w kòm manm yon òganizasyon politik oswa yon òganizasyon fo relijyon yo.

  • ap viv ann amoni ak prensip Jewova yo e w vle vin Temwen Jewova.

Si w santi w pare pou w preche ak kongregasyon an, moun k ap fè etid avè w la ka fè aranjman pou w reyini ak ansyen yo pou yo pale sou sa avè w.

Èske m pare pou m batize?

Ou kapab pare pou w batize, si w...

  • se yon pwoklamatè ki poko batize.

  • patisipe nan travay predikasyon an regilyèman, selon posiblite w.

  • soutni epi suiv direksyon “esklav fidèl ki prevwayan an” bay. — Matye 24:45-47.

  • vwe lavi w bay Jewova nan lapriyè e w dispoze sèvi l pou toutan.

Si w santi w pare pou w batize, moun k ap fè etid avè w la ka fè aranjman pou w reyini ak ansyen yo pou yo pale sou sa avè w.