Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Entwodiksyon

Entwodiksyon

Liv Vèsè pou ede nou viv antanke kretyen an ap fè l fasil pou ou pou w jwenn vèsè oswa istwa nan Bib la k ap ede w fè fas ak defi ansanm ak pwoblèm ou rankontre. Epitou, liv sa a ap ede w jwenn pasaj nan Bib la ou vrèman bezwen pou ankouraje w epi ede w pran desizyon k ap fè Jewova plezi. W ap jis chèche sijè w bezwen an, e nan chak sijè, w ap jwenn kesyon k ap ede w epi w ap jwenn kèk pawòl tou kout ki dekri yon istwa ki nan Bib la. (Gade kare “ Fason pou w fè rechèch nan liv sa a”.) W ap jwenn yon pakèt bon konsèy ki enpòtan, direksyon ak rekonfò ki soti nan Pawòl Bondye a. Epitou, w ap jwenn trezò pou w pataje ak lòt moun, sa vle di vèsè k ap ankouraje yo, k ap ede yo jere pwoblèm yo genyen e k ap ba yo konsèy ak fòs.

Liv sa a pa bay tout vèsè nèt ki gen rapò ak yon sijè. Men, l ap ede w byen kòmanse rechèch w ap fè yo (Pw 2:​1-6). Pou w ka fouye plis, ou ka sèvi ak referans majinal yo ansanm ak nòt etid yo ki nan LabibTradiksyon monn nouvo a. Ou ka sèvi tou ak Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch la ak Index des publications des Témoins de Jéhovah pou w etidye pi byen toujou sans yon vèsè oswa fason yo aplike l. Gade enfòmasyon yo bay ki pi ajou yo pou w ka sèten ou gen dènye konpreyansyon nou genyen sou verite ki nan Bib la.

Nou swete pou liv Vèsè pou ede nou viv antanke kretyen an ede w jwenn sajès, konesans ak bon konprann ki gen nan Bib la. Tank w ap sèvi ak liv sa a, w ap vin gen plis konviksyon “pawòl Bondye a vivan e li pisan”. — Eb 4:12.