Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Konsèy

Konsèy

Lè yon moun ap ban nou konsèy

Poukisa nou ta dwe chèche konsèy ki baze sou Bib la?

Poukisa li pi bon pou nou koute konsèy olye n ap chèche jistifye tèt nou?

Pw 12:15; 29:1

Gade tou Pw 1:​23-31; 15:31

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Sa 15:​3, 9-23 — Lè pwofèt Samyèl te korije wa Sayil, wa a te defann tèt li e li pa t pran konsèy la, se sa k fè Jewova te rejte l.

    • 2Kw 25:​14-16, 27 — Lè pwofèt Jewova a te bay wa Amatsya konsèy akoz yon peche li te fè, li pa t koute, sa te fè l pèdi favè ak pwoteksyon Jewova.

Poukisa nou bezwen demontre respè pou siveyan yo k ap ban nou konsèy?

1Te 5:12; 1Ti 5:17; Eb 13:​7, 17

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 3J 9, 10 — Apot Jan ki te granmoun te reprimande Dyotrèf pou fason li te montre li pa t gen respè pou moun ki pran latèt nan kongregasyon kretyen an.

Poukisa nou dwe koute moun ki aje yo?

Le 19:32; Pw 16:31

Gade tou Jb 12:12; 32:7; Tt 2:​3-5

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Sa 23:​16-18 — Wa David te koute konsèy Jonatan, ki te gen 30 an anplis li, te ba li, e sa te ba l fòs.

    • 1Kw 12:​1-17 — Wa Wobowam te rejte bon konsèy moun ki granmoun yo te ba li, li te prefere koute move konsèy jèn gason yo te ba li, sa te lakòz anpil dezas.

Ki sa k montre medam fidèl k ap sèvi Jewova yo, ni sa ki granmoun, ni sa ki jèn yo, kapab bay bon konsèy?

Jb 32:​6, 9, 10; Pw 31:​1, 10, 26; Ekl 4:13

Gade tou Sm 119:100

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Sa 25:​14-35 — Abigayil te bay wa David yon konsèy ki te anpeche l touye anpil moun ki te inosan.

    • 2Sa 20:​15-22 — Grasa konsèy yon dam ki gen sajès nan vil Abèl te bay, tout moun nan vil la te jwenn pwoteksyon.

    • 2Wa 5:​1-14 — Yon tifi Izrayelit te bay yon konsèy ki te fè yon sòlda vanyan konnen fason li ka geri anba maladi lèp.

Poukisa nou pa dwe koute konsèy moun ki pa respekte Jewova ak Pawòl li a?

Sm 1:1; Pw 4:14

Gade tou Lk 6:39

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Kw 10:​13, 14 — Wa Sayil t al pale ak yon moun ki konn chèche pale ak mò olye l te pale ak Jewova, li te mouri paske l te dezobeyi Jewova.

    • 2Kw 22:​2-5, 9 — Wa Ahazya te mouri paske li te koute move konsèy.

    • Jb 21:​7, 14-16 — Jòb te refize panse menm jan ak moun ki pa gen respè pou Jewova.

Lè n ap bay konsèy

Poukisa li pi bon pou nou koute, pou nou chèche gen tout enfòmasyon yo epi tande de pati yo anvan nou bay konsèy?

Pw 18:​13, 17

Gade tou Pw 25:8

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Sa 1:​9-16 — Eli, gran prèt la, te bay Ana konsèy yon fason ki di anvan menm li te konprann sitiyasyon Ana, li te di dam fidèl sa a sou.

    • Mt 16:​21-23 — Lefètke apot Pyè pa t konn tout enfòmasyon yo, li te bay Jezi yon konsèy ki t ap nan avantaj Satan olye l te nan avantaj Jewova.

Poukisa nou dwe priye Jewova pou l gide nou anvan nou bay konsèy?

Sm 32:8; 73:​23, 24; Pw 3:​5, 6

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Eg 3:​13-18 — Moyiz, ki te yon pwofèt, te priye Jewova pou ede l jwenn pi bon fason pou l rezoud pwoblèm Izrayelit yo.

    • 1Wa 3:​5-12 — Wa Salomon ki te jèn te mande Jewova sajès olye l te gen konfyans nan tèt li, e kòm rezilta, Jewova te beni l.

Poukisa nou dwe asire n konsèy nou yo ak repons nou yo baze sou Pawòl Bondye a?

Sm 119:​24, 105; Pw 19:21; 2Ti 3:​16, 17

Gade tou Dt 17:​18-20

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Mt 4:​1-11 — Lè Satan t ap tante Jezi, Jezi pa t reponn selon sajès pa l, men li te reponn selon Pawòl Bondye a.

    • Jan 12:​49, 50 — Jezi te baze tout sa l t ap di yo sou sa Papa l te anseye l, konsa, li kite yon bèl egzanp pou nou.

Poukisa nou dwe fè efò pou nou dou lè n ap bay konsèy, epi chèche felisite moun nan ak tout kè nou pandan n ap bay konsèy la?

Ga 6:1; Kl 3:12

Gade tou Eza 9:6; 42:​1-3; Mt 11:​28, 29

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

Lè yon kretyen ap di nou yon frè oswa yon sè fè l yon bagay ki fè l mal, pa egzanp, li twonpe l oswa li bay manti sou li, poukisa li pi bon pou nou ankouraje l pou l al pale an prive ak moun ki fè l mal la?

Ki jan nou ka ankouraje yon kretyen ki santi yo pa byen boule avèk li pou l demontre mizèrikòd ak pasyans pou lòt moun, epi pou l dispoze padone yo?

Mt 18:​21, 22; Mk 11:25; Lk 6:36; Ef 4:32; Kl 3:13

Gade tou Mt 6:14; 1Ko 6:​1-8; 1P 3:​8, 9

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Mt 18:​23-35 — Jezi te bay plizyè gwo egzanp pou l esplike poukisa li vrèman enpòtan pou nou padone.

Poukisa lè n ap bay konsèy, nou dwe soutni prensip Jewova yo?

Sm 141:5; Pw 17:10; 2Ko 7:​8-11

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Sa 15:​23-29 — Pwofèt Samyèl pa t pè wa Sayil e li te ba l konsèy.

    • 1Wa 22:​19-28 — Pwofèt Mikaya te refize chanje mesaj jijman li t ap bay wa Ahab la, malgre yo te fè l menas e yo te fè l sibi move tretman avèk vyolans.

Ki jan nou ka konseye yon moun san nou pa fè l mal nan domèn espirityèl?

Eb 12:​11-13

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Lk 22:​31-34 — Malgre apot Pyè te fè erè, Jezi te gen konfyans apot la t ap reprann li, li t ap kontinye sèvi Jewova e l t ap ede lòt moun.

    • Fm 21 — Apot Pòl te fè konnen li gen konfyans Filemon t ap suiv konsèy li ba li ann amoni ak volonte Jewova.

Ki jan nou ka montre nou janti lè n ap bay yon moun ki gen yon bagay k ap trakase l oubyen ki santi l deprime konsèy?

Ki jan nou ka montre yon moun ki peche nou vle ede l retounen gen bon relasyon ak Jewova?

Ki jan nou ka montre nou respekte moun n ap bay konsèy yo, kèlkeswa laj yo, oswa sèks yo?

Poukisa lè yon moun refize suiv konsèy ki nan Bib la, ansyen yo ta dwe korije l yon fason ki pi fèm?