Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Desepsyon

Desepsyon

Nou santi se yon desepsyon sa ye lè lòt moun abandone nou, blese nou oubyen trayi nou

Sm 55:​12-14; Lk 22:​21, 48

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Sa 8:​1-6 — Pwofèt Samyèl te santi sa fè l mal e li te santi se yon desepsyon sa ye pou li lè Izrayelit yo te mande l chwazi yon wa pou dirije yo.

    • 1Sa 20:​30-34 — Jonatan te santi sa fè l mal e l te santi l imilye lè wa Sayil, papa l, te fache anpil sou li.

  • Vèsè k ap ankouraje w:

  • Istwa nan Bib la k ap ankouraje w:

    • Sm 55:​12-14, 16-18, 22 — Lè Ayitofèl, yon zanmi David, te trayi l, David te gen konfyans nan Jewova, e sa te ba l kouraj.

    • 2Ti 4:​16-18 — Lè apot Pòl t ap fè fas ak eprèv, tout moun te abandone l, men li te jwenn pisans nan men Jewova ak nan esperans Jewova bay la.

Nou santi yon desepsyon akoz feblès nou ak peche nou

Jb 14:4; Wm 3:23; 5:12

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Sm 51:​1-5 — Wa David te vrèman nan lapenn akoz peche li te fè kont Jewova.

    • Wm 7:​19-24 — Apot Pòl te santi l vrèman dekouraje akoz lit li t ap mennen kont tandans li genyen pou l fè sa ki mal.

  • Vèsè k ap ankouraje w:

  • Istwa nan Bib la k ap ankouraje w:

    • 1Wa 9:​2-5 — Byenke wa David te fè plizyè peche ki te grav anpil, Jewova sonje l kòm yon moun ki fidèl.

    • 1Ti 1:​12-16 — Malgre peche grav apot Pòl te konn fè anvan l te vin kretyen, li te gen konfyans Jewova t ap fè l mizèrikòd.