Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bwason ki gen alkòl

Bwason ki gen alkòl

Èske Bib la di li mal pou moun bwè bwason ki gen alkòl avèk moderasyon?

Sm 104:​14, 15; Ekl 9:7; 10:19; 1Ti 5:23

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jan 2:​1-11 — Premye mirak Jezi te fè se dlo li te fè tounen bon kalite diven, epi sa te pèmèt li sove lemarye a ak lamarye a anba yon wont nan festen maryaj yo.

Ki sa k ka rive si nou bwè twòp e nou sou?

Ki jan sèvitè Bondye yo konsidere bwè pou sou?

1Ko 5:11; 6:​9, 10; Ef 5:18; 1Ti 3:​2, 3

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jen 9:​20-25 — Lefètke Noye te sou, li pa t konn sa l t ap fè, sa te lakòz yon pitit pitit li fè yon bagay ki mal anpil.

    • 1Sa 25:​2, 3, 36 — Nabal ki te yon moun ki di e ki pa t gen bonsans te konn fè sa ki mal, pa egzanp, li te konn bwè pou l sou.

    • Dn 5:​1-6, 22, 23, 30, 31 — Wa Bèlchaza te bwè anpil diven e li te manke Jewova dega; yo te touye wa a nan menm nuit lan.

Poukisa nou bezwen veye sou kantite bwason ki gen alkòl n ap bwè menmsi nou pa sou?

Ki jan nou ka ede yon lòt kretyen lite ak tandans li kapab genyen pou l bwè depase limit?