Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ankourajman

Ankourajman

Poukisa li enpòtan pou sèvitè Bondye yo ankouraje youn lòt?

Eza 35:​3, 4; Kl 3:16; 1Te 5:11; Eb 3:13

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 2Kw 32:​2-8 — Wa Ezekyas te ankouraje pèp la lè moun Asiri yo te vin atake yo.

    • Dn 10:​2, 8-11, 18, 19 — Yon zanj te ankouraje pwofèt Dànyèl ki te fin granmoun e ki te santi l fèb, epi li te ba l fòs.

Poukisa Jewova atann pou ansyen yo bay lòt moun ankourajman?

Eza 32:​1, 2; 1P 5:​1-3

Gade tou Mt 11:​28-30

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Dt 3:28; 31:​7, 8 — Jan Jewova te mande Moyiz, ki te yon pwofèt, pou l fè sa, Moyiz te ankouraje Jozye ki t apral dirije pèp la apre l, e li te fòtifye l.

    • Tr 11:​22-26; 14:22 — Lè yo t ap pèsekite kretyen yo, apot Pòl ak apot Banabas te ankouraje kretyen ki te nan vil Antyòch yo.

Lè n ap bay lòt moun ankourajman, poukisa li enpòtan pou n felisite yo ak tout kè nou pou efò yo fè?

Pw 31:​28, 29; 1Ko 11:2

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jj 11:​37-40 — Medam ann Izrayèl yo te konn al vizite pitit fi Jefte a chak ane pou yo felisite l paske l te kite lakay li pou l al sèvi nan tabènak la.

    • Re 2:​1-4 — Byenke Jezi te oblije korije kretyen Efèz yo, li te felisite yo pou bon bagay yo te fè tou.

Ki jan sèvitè fidèl Jewova yo ka ankouraje youn lòt?

Pw 15:23; Ef 4:29; Fp 1:​13, 14; Kl 4:6; 1Te 5:14

Gade tou 2Ko 7:​13, 15, 16

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Sa 23:​16-18 — Jonatan te chèche David, zanmi l lan ki te pi jèn pase l, e li te ankouraje l nan moman ki te difisil.

    • Jan 16:33 — Jezi te ankouraje disip li yo e li te ba yo asirans y ap pote laviktwa sou monn nan menm jan avèk li, si yo imite l.

    • Tr 28:​14-16 — Lè yo t ap mennen apot Pòl nan vil Wòm pou yo jije l, li te pran kouraj lè l te rankontre frè l yo nan lafwa, ki te vwayaje pou yo vin rankontre l e pou yo ankouraje l.

Poukisa li enpòtan pou nou evite gen yon etadespri negatif epi evite manke respè pou lòt moun?

Fp 2:​14-16; Jd 16-19

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Nb 11:​10-15 — Moyiz, ki te yon pwofèt, te vrèman dekouraje akoz move etadespri pèp la ki te refize obeyi Jewova.

    • Nb 13:​31, 32; 14:​2-6 — Pawòl negatif dis espyon ki te manke lafwa yo te di te dekouraje pèp la, e sa te lakòz pèp la fè rebèl.

Lè nou pase tan ak frè ak sè nou yo, ki jan sa ankouraje nou?

Pw 27:17; Wm 1:​11, 12; Eb 10:​24, 25; 12:12

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 2Kw 20:​1-19 — Lè yon gwo lame te menase wa Jozafa, li te rasanble pèp la pou yo priye.

    • Tr 12:​1-5, 12-17 — Lè yo te touye apot Jak e yo te mete apot Pyè nan prizon, kongregasyon ki nan Jerizalèm nan te reyini ansanm pou yo priye.

Lè nou gen yon etadespri pozitif, ki jan sa ka ede n andire nan moman difisil yo?

Tr 5:​40, 41; Wm 8:​35-39; 1Ko 4:​11-13; 2Ko 4:​16-18; 1P 1:​6, 7

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jen 39:​19-23; 40:​1-8 — Aktout yo te lage fo akizasyon sou do Jozèf e yo te fè mete l nan prizon, li te rete fidèl e li te chofe pou l ede lòt moun.

    • 2Wa 6:​15-17 — Pwofèt Elize pa t pè lè yon lame te vini kont li, e li te priye pou sèvitè l la pa t pè tou.

Fason pou n jwenn ankourajman nan Pawòl Jewova a

Ki jan Jewova pwomèt l ap ede nou?

Lè nou pran tan pou n egzamine pasyans ak mizèrikòd Jewova, nan ki sans sa ka ankouraje nou?

Ki sa Jewova ka fè pou moun ki santi yo fèb yo?

Sm 46:1; Eza 12:2; 40:​29-31; Fp 4:13

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Sa 1:​10, 11, 17, 18 — Lè Ana te nan lapenn e li te enkyete anpil, Jewova te koute priyè l e li te ede l jwenn soulajman.

    • 1Wa 19:​1-19 — Lè pwofèt Eli te dekouraje, Jewova te ba l èd li te bezwen an. Li te ankouraje l e li te ba l fòs lè l te ba l espwa.

Ki jan esperans Bib la ban nou konsènan lavni an ka ankouraje nou?

2Kw 15:7; Sm 27:​13, 14; Eb 6:​17-19; 12:2

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jb 14:​1, 2, 7-9, 13-15 — Menm lè Jòb te nan moman ki te pi sonm nan lavi l, li te jwenn rekonfò grasa esperans rezirèksyon an.

    • Dn 12:13 — Pwofèt Dànyèl te gen anviwon 100 an lè l te jwenn ankourajman nan men yon zanj ki te di l ki rekonpans l ap jwenn alavni.

Lè nou priye Jewova e nou medite sou pèsonalite l, ki jan sa ka ankouraje nou?

Sm 18:6; 56:​4, 11; Eb 13:6

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Sa 30:​1-9 — Lè wa David t ap fè fas ak eprèv, li te priye Jewova, e sa te ba l fòs.

    • Lk 22:​39-43 — Lè Jezi t ap fè fas ak eprèv ki te pi difisil pou li an, li te priye ak tout kè l, e Jewova te reponn priyè l lè l te voye yon zanj vin ankouraje l.

Ki ankourajman nou ka jwenn lè nou aprann bon nouvèl e nou pataje yo ak lòt moun?

Pw 15:30; 25:25; Eza 52:7

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Tr 15:​2-4 — Apot Pòl ak apot Banabas te pote bonjan ankourajman pou frè ak sè nan kongregasyon yo t ap vizite yo.

    • 3J 1-4 — Apot Jan ki te fin granmoun te jwenn bonjan ankourajman lè l te aprann moun li te anseye bon nouvèl la te kontinye rete fidèl.