Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Andirans

Andirans

Èske sèvitè Jewova yo bezwen gen andirans?

Poukisa nou ta dwe atann gen kèk moun ki pa t ap enterese nan travay predikasyon n ap fè a oswa ki t ap menm opoze avè l?

Mt 10:22; Jan 15:​18, 19; 2Ko 6:​4, 5

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 2P 2:5; Jen 7:23; Mt 24:​37-39 — Byenke Noye te “yon moun ki t ap preche sa ki jis”, pifò moun pa t okipe l, se sèlman li menm ak fanmi l ki te chape lè delij la.

    • 2Ti 3:​10-14 — Apot Pòl te sèvi ak pwòp egzanp pa l pou l te ankouraje Timote pou l andire menm jan avè l.

Poukisa nou ka atann n ap jwenn pèsekisyon menm nan fanmi nou?

Mt 10:​22, 36-38; Lk 21:​16-19

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jen 4:​3-11; 1J 3:​11, 12 — Kayen te touye Abèl, frè l la, paske aksyon Kayen yo se te move aksyon, alòske pa Abèl yo te jis.

    • Jen 37:​5-8, 18-28 — Frè Jozèf yo te pran l, yo vann li kòm esklav, youn nan rezon ki fè yo te fè sa se paske li te rakonte yo yon rèv Jewova te fè l fè.

Lè y ap pèsekite nou, poukisa nou pa bezwen pè pou n pa mouri?

Mt 10:28; 2Ti 4:​6, 7

Gade tou Re 2:10

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Dn 3:​1-6, 13-18 — Chadrak, Mechak ak Abèdnego te prefere mouri olye yo te fè konpwomi pou yo ta adore yon zidòl.

    • Tr 5:​27-29, 33, 40-42 — Malgre yo te menase apot yo pou yo touye yo, yo te pèsevere nan travay predikasyon an, konsa yo te montre yo gen andirans.

Ki sa k ap ede nou rete fidèl ak Jewova menm lè nou jwenn disiplin?

Pw 3:​11, 12; Eb 12:​5-7

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

Lè lòt moun sispann sèvi Jewova, ki jan sa ka fè l difisil pou n andire?

Jr 1:​16-19; Ab 1:​2-4

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Sm 73:​2-24 — Apre moun ki te ekri Sòm 73 la te fin egzamine jan bagay yo t ap mache byen pou moun ki mechan yo e yo t ap viv anpè, li te mande tèt li si sa enpòtan pou l kontinye sèvi Jewova avèk andirans.

    • Jan 6:​60-62, 66-68 — Byenke anpil moun te sispann suiv Jezi, lafwa apot Pyè te genyen te fè l detèmine pou l andire.

Ki sa k ap ede nou andire?

Rete atache ak Jewova

Chèche byen konnen Pawòl Bondye a lè nou etidye l e nou medite sou li

Pwoche bò kote Jewova lè nou priye l ak tout kè nou regilyèman

Wm 12:12; Kl 4:2; 1P 4:7

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Dn 6:​4-11 — Pwofèt Dànyèl te kontinye priye kote tout moun te ka wè l e l te fè sa regilyèman, malgre sa te met lavi l an danje.

    • Mt 26:​36-46; Eb 5:7 — Nan dènye nuit Jezi te pase sou tè a, li te priye ak tout fòs li e li te ankouraje lòt moun fè menm jan an.

Reyini ak kwayan parèy nou yo regilyèman ede n andire

Kite lespri nou fikse sou rekonpans Jewova pwomèt nou yo

Chèche gen plis lanmou pou Jewova, pou frè ak sè nou yo e pou sa ki jis

Ranfòse lafwa nou

Kenbe yon atitid pozitif lè n ap soufri

Ki byenfè nou jwenn lè nou andire fidèlman?

Nou onore Jewova Dye

Pw 27:11; Jan 15:​7, 8; 1P 1:​6, 7

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jb 1:​6-12; 2:​3-5 — Satan te fè Jewova konnen se paske L te pwoteje Jòb ki fè Jòb ret fidèl avè L, Jòb te dwe kontinye andire pou l te pwouve Satan t ap bay manti.

    • Wm 5:19; 1P 1:​20, 21 — Lefètke Jezi te andire fidèlman jiska lamò, li te reponn kesyon enpòtan sa a: Èske yon moun pafè ka rive fè sa Adan pa t fè a, sa vle di rete fidèl menm anba eprèv ki pi difisil yo?

Nou ankouraje lòt moun pou yo andire

Andirans ede nou reyisi nan travay predikasyon an

Nou gen apwobasyon Jewova e n ap resevwa rekonpans li pwomèt nou yo