Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fanmi

Fanmi

Se Jewova ki kreye fanmi

Paran

Gade “Paran

Papa

Gade “Papa

Manman

Gade “Manman

Mari, madanm

Gade “Maryaj

Pitit gason ak pitit fi

Ki responsablite timoun yo genyen nan fanmi an?

Poukisa timoun yo dwe obeyi paran yo?

Ef 6:​1-3; Kl 3:20

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Sm 78:​1-8 — Izrayelit yo te rakonte pitit yo aksyon zansèt yo te konn fè yo, konsa, timoun yo te ka mete konfyans yo nan Bondye e yo pa t ap vin rebèl.

    • Lk 2:​51, 52 — Byenke Jezi te pafè, li te obeyi paran l yo ki te enpafè lè l te timoun.

Poukisa timoun yo ka twouve l difisil pou yo obeyi paran yo?

Ki jan Jewova wè timoun ki rebèl yo?

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Dt 21:​18-21 — Lwa Moyiz la te mande pou yo touye yon pitit gason ki t ap fè tèt di, ki te vin yon tafyatè, ki te rebèl epi ki te refize kite yo korije l.

    • 2Wa 2:​23, 24 — Lè yon seri tigason t ap pase pwofèt Elize, yon reprezantan Bondye, nan rizib e yo te vrèman ap derespekte l, de femèl lous te manje anpil ladan yo.

Ki jan paran yo dwe konsidere privilèj yo genyen pou yo leve pitit yo?

Sm 127:3; 128:3

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Le 26:9 — Pou Izrayelit yo, fè pitit se te yon siy ki montre yo gen benediksyon Jewova.

    • Jb 42:​12, 13 — Jewova te beni Jòb poutèt li te rete fidèl avè l lè l te bay li menm ak madanm li dis lòt pitit.

Ki jan Jewova vle frè ak sè nan yon fanmi trete youn lòt?

Sm 34:14; Pw 15:23; 19:11

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jen 27:41; 33:​1-11 — Jakòb te onore Ezaou, frè l, lè l te pran inisyativ pou yo te fè lapè, epi Ezaou te resevwa l e l te montre l renmen l.

Ki responsablite pitit ki gran yo genyen anvè paran yo ak granparan yo?

Pw 23:22; 1Ti 5:4

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jen 11:​31, 32 — Lè Abraram t ap kite vil Ou, li te ale avèk Tera, papa l, e li te pran swen l jiskaske l mouri.

    • Mt 15:​3-6 — Jezi te itilize Lwa Moyiz la pou l te montre pitit ki gran yo ta dwe bay paran yo sa yo bezwen.

Fanmi moun nou marye avè l la

Granparan

Gade “Granparan