Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Padon

Padon

Jis nan ki pwen Jewova konn padone?

Sm 86:5; Dn 9:9; Mi 7:18

Gade tou 2P 3:9

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Sm 78:​40, 41; 106:​36-46 — Byen souvan, Jewova te konn padone pèp li a, malgre peche yo t ap plede fè yo te konn fè l lapenn.

    • Lk 15:​11-32 — Pou Jezi te montre jan Jewova renmen padone, li te bay egzanp yon papa ki gen mizèrikòd ki te byen trete pitit gason l ki te mal aji, men ki te repanti.

Ki sa Jewova te fè pou nou ka jwenn padon pou peche nou?

Jan 1:29; Ef 1:7; 1J 2:​1, 2

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Eb 9:​22-28 — Apot Pòl te esplike san Jezi se sèl mwayen Bondye bay pou moun jwenn padon pou peche yo.

    • Re 7:​9, 10, 14, 15 — Apot Jan te fè yon vizyon kote l te wè “yon gwo foul moun” ki te pwòp nan je Bondye grasa san Kris.

Si n vle pou Jewova padone nou, ki sa n dwe fè lè lòt moun peche kont nou?

Mt 6:​14, 15; Mk 11:25; Lk 17:​3, 4; Jk 2:13

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jb 42:​7-10 — Anvan Jewova te retire tribilasyon Jòb yo e fè l retounen vin an sante, epi fè l jwenn richès li yo ankò, li te mande l pou l priye pou twa konpayon l yo ki te pale l mal.

    • Mt 18:​21-35 — Jezi te bay yon egzanp ki te montre jan li enpòtan pou n padone lòt moun si n vle Jewova padone nou.

Nan ki pwen li enpòtan pou n konfese peche nou yo e pou n repanti ak tout kè nou?

Tr 3:19; 26:20; 1J 1:​8-10

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Sm 32:​1-5; 51:​1, 2, 16, 17 — Wa David te santi l kraze, li te santi l tris anpil poutèt peche grav li te fè yo, men li te repanti ak tout kè l.

    • Jk 5:​14-16 — Jak te fè konnen si nou fè yon peche grav, nou dwe al kot ansyen yo.

Ki chanjman nou dwe fè si nou vle Jewova padone nou?

Pw 28:13; Eza 55:7; Ef 4:28

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Wa 21:​27-29; 2Kw 18:​18-22, 33, 34; 19:​1, 2 — Lè wa Ahab te aprann Jewova t apral pini l, li te imilye tèt li, se sa k fè Jewova te fè l mizèrikòd, men kòm li pa t repanti toutbon, Jewova te toujou konsidere l kòm yon mechan e yo te touye l.

    • 2Kw 33:​1-16 — Wa Manase te mechan anpil, poutan, Jewova te padone l lè l te repanti. Manase te montre li chanje toutbon lefètke li te konbat adorasyon zidòl e li te ankouraje moun pratike vrè adorasyon an.

Jis nan ki pwen Jewova dispoze padone moun ki repanti toutbon yo?

Sm 103:​10-14; Eza 1:18; 38:17; Jr 31:34; Mi 7:19

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 2Sa 12:13; 24:1; 1Wa 9:​4, 5 — Malgre wa David te fè yon seri peche ki te grav anpil, Jewova te padone l paske l te repanti, e pi devan Jewova te pale de li kòm yon moun ki fidèl.

Ki jan Jezi te imite fason Jewova dispoze padone moun?

Sm 86:5; Lk 23:​33, 34

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Mt 26:​36, 40, 41 — Disip Jezi ki te pi pwòch avè l yo t ap dòmi nan moman li te plis bezwen yo a, malgre sa, avèk bonte, Jezi te konprann limit yo.

    • Mt 26:​69-75; Lk 24:​33, 34; Tr 2:​37-41 — Pandan twa fwa, Pyè te nye Jezi, men Jezi te padone apot sa a ki te repanti; Jezi te parèt devan l pèsonèlman apre l te fin resisite; annapre, li te ba l yon seri privilèj espesyal nan kongregasyon an.

Ki jan nou fè konnen padon Jewova gen limit?

Mt 12:31; Eb 10:​26, 27; 1J 5:​16, 17

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Mt 23:​29-33 — Jezi te fè espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo konnen yo merite pou y al nan Jeyèn, sa vle di pou yo detwi pou toutan.

    • Jan 17:12; Mk 14:21 — Jezi te rele Jida Iskaryòt “pitit destriksyon an” e li te fè konnen li t ap pi bon si nonm trèt sa a pa t fèt ditou.

Ki sa k ka motive kretyen yo pou yo padone lòt moun?