Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lapenn

Lapenn

Ki egzanp nou jwenn nan Bib la ki montre li nòmal pou nou kriye lè nou gen yon moun ki mouri?

Ki sa k montre Jewova swaf pou l konsole moun ki nan lapenn yo?

Ki ankourajman nou jwenn lè nou konnen nan ki kondisyon moun ki mouri yo ye?

Ekl 9:​5, 10; 1Te 4:13

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Lk 20:​37, 38 — Jezi te fè konnen rezirèksyon an tèlman sèten, se kòmsi moun ki mouri yo vivan nan memwa Bondye.

    • Jan 11:​5, 6, 11-14 — Lè Laza, bon zanmi Jezi, te mouri, Jezi te konpare lanmò ak somèy.

    • Eb 2:​14, 15 — Apot Pòl te fè konnen anpil moun esklav lanmò pandan tout vi yo paske yo pè lanmò, men nou pa dwe pè lanmò.

Lè yon moun mouri, poukisa repitasyon l te genyen gen plis enpòtans pou Jewova?

Ki sa Bib la anseye sou lanmò e ki sa Bondye pral fè ak lanmò?

Sa k fè nou mèt gen asirans rezirèksyon an ap fèt toutbon alavni?

Eza 26:19; Jan 5:​28, 29; Tr 24:15

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Bib la pale sou nèf rezirèksyon, uit ladan yo se te moun ki te resisite pou viv sou tè a. Chak istwa sa yo bay moun ki nan lapenn pou moun yo genyen ki mouri yo konsolasyon ak espwa.

      • 1Wa 17:​17-24 — Pwofèt Eli te resisite pitit gason yon vèv ki te mouri nan Safat, yon vil ki nan Sidon.

      • 2Wa 4:​32-37 — Pwofèt Elize te resisite yon tigason nan vil Chounèm e l te remèt li bay paran l.

      • 2Wa 13:​20, 21 — Gen yon mesye ki te fèk mouri ki te resisite lè kadav li te touche zosman pwofèt Elize.

      • Lk 7:​11-15 — Jezi te kanpe yon antèman pou l te resisite pitit gason yon vèv.

      • Lk 8:​41, 42, 49-56 — Jezi te resisite pitit fi Jayiris, yon mesye ki t ap dirije yon sinagòg.

      • Jan 11:​38-44 — Jezi te resisite Laza, bon zanmi l, e Laza te tounen viv ak Mat ak Mari, de sè l yo.

      • Tr 9:​36-42 — Apot Pyè te resisite Dòkas, yon kretyèn tout moun te renmen e tout moun te konnen paske l te yon bon moun.

      • Tr 20:​7-12 — Apot Pòl te resisite yon jèn gason ki te rele Etich, ki te mouri lè l te sot nan yon fenèt li tonbe anba.

    • Jezi Kris te resisite antanke yon espri ki pa ka mouri, sa ki ban nou garanti anrapò ak esperans nou gen pou lavni yo.

    • Jezi se premye moun ki resisite pou al nan syèl la e se premye moun ki resevwa privilèj pou l pa ka mouri, men se pap li menm sèl k ap jwenn privilèj sa a, gen 144000 disip li Bondye chwazi pou al nan syèl la k ap jwenn menm kalite rezirèksyon sa a.

Ki jan nou ka ede moun ki nan lapenn akoz moun pa yo ki mouri?